Patamouch! (Etimoloji - Literati - Repòtaj)
 1584324562

Citation preview

PALM BEACH COUNTY LIBRARY SYSTEM

R00580 13934

MOUCH y

i

Maks Maniga / Max Manigat

4

{

*

\. ,

\

Maks Maniga Max Manigat Date: 4/28/17 Hœ HAI 447.97294 MAN Manigat, Max. Patamouch! :etimoloji, literati repotaj/

Patamouch! {Etimoloji - Literati Repàtaj) -

Educa Vision, Inc. Koleksyon Koukouy

2007

PALM BEACH COUNTY LIBRARY SYSTEM 3650 Summit Boulevard West Palm Beach, FL 33406-4198

© Copyright 2007, Educa Vision Inc. Coconut Creek, FL AU rights reserved. No part of this book may be reproduced or transmitted in any form or by any means, electronic or mechanical, including photocopying, recording or by any informational storage or retrieval System except by a reviewer who may quote brief passages in a review to be printed in a magazine or a newspaper without permission in writing from the author. Educa Vision Inc., 7550 NW47th Avenue, Coconut Creek, FL 33073 Téléphoné: 954 725-0701 E-mail: [email protected] Web: www.educavision.com Kouvèti ak karikati : Jacques Jacquelin Garçon Cat# B452 ISBN: 1-58432-456-2

Dedikas Pou manman m ki aprann mwen pale kreyôl Pou madanm mwen Nicole^ diksyonè kreyôl Pôtoprens mwen Vqm Franck Laraqued^ àeien Paul Laraque de towo ki touj ou defann dwa, lang ak lizay pèp ayisyen an s.p.s.

%

i

*

,

î

l;

UK

'.S'¬

il 1

i

.

iJ

f»'

Ko ko kow! 1. Onnèr / Onnè

1. Onner IVOnne ! Lèr m te timoun, laka Frèr Okap, elèv yo ki pa te ekri byen yo te konn pran zoklo nan men chèr frèr paske majigridi yo te mete anwo kaye a, nou te rele yo patamouch. Ki vie di se mouch sèlman ki ta pou ekri kalite rizib sa yo ake pat a yo. Jodi la, mwen rasanble tout kout plim mwen fè an kreyôl, depi kèk tan, pou m fè ti liv sa a. Mwen rele y Patamouch, pou di se yon apranti ki ekri y. I ganyen powèm, atik, rechèrch, repôtaj ake de twa lot bagay ankô. Se yon jan pou m montre tout koze kapab diskite nan lang peyi dAyiti a. Yon lot lide ki lan tèt an m tou : se pou m ankouraje mesye dam k ap sazinen kreyôl la nan radyo yo, pou yo wè kouman yo ta kapab amelyore diskou a yo. Galimatcha sa a, k ap fè anpil Ayisyen natif natal k ap koute ap mande tèt a yo ki lang sa ye, se rezilta manfouben animatèr pwogram yo ki pa deside pèrdi kèk minit anvan emisyon yo pou yo «

préparé sa yo apray di. Patamouch pote bon kou sije ki ta pou enterese anpil moun. Mwen ta an mèrvèy (mo a manman m) si etranje kreyolofon yo ta jwenn li pou yo konnen anpil bagay anwo sèr ake frèr Ayisyen yo, yo pa te kwè ki te menm egziste ; pou etranje k ap aprann pale kreyôl sèrvi ake y

Max Manigat

7

kon yon liv lektir avanse ; pou zanmi kanmarad Ayisyen an m yo, ki fèk alfabetize, k ap chache materyèl lektir twouve kantite chapit ladan y, kon wè : tradiksyon, lodyans, powèm, repôtaj, lengwistik, anons lanmô kôk zanmi, pwovèrb yo pa tande souvan, nôt etimolojik, diskou, istwa Afriken Ameriken, anfen, anfen. Mwen fè anpil jefô pou mwen pale lang nan jan pwofesèr kreyôl an m te montre m. Pwofesèr sa a se pa pale sèlman li te aprann mwen pale, li te enstrui mwen lan lizaj peyi an nou an. Pi fo sa m konnen nan afèr pèp ayisyen se li ki montre m yo. Se donmaj nan tan nou te ansanm la pa te ganyen tep rikôdèr. Sa lakôz mwen pèrdi anpil men ti sa ki rete nan kokolo tèt an m la mwen vie séparé y ake nou. Kidonk, se manman n pou nou di mèrsi, si yonn oswa kèk lot bagay nou pa te konnen parèt nan Patamouch. Mwenmenm se elèv la ki chache répété men ki pa p janm rive nan fôs a pwofesèr la. * M ap ekri entwodiksyon sa a nan kreyôl Okap pou mwen di manman m ; Mèrsi !

t

.

ïhn.

Il

K

^

I , .

«r

i

J

*

.

.

-

-i

!»’

ÎA

'

i «



i,

Twa son 1. Premye son : Jan Mapou / Jean-Marie Wiler Denis 2. Dezyèm son : Ralba / Serge François 3. Twazyèm son : Zandô Zou Pyewo / Jacques Jacquelin Garçon

1. Premye son* Nan 2-ane Max pibliye pap-pap 2 liv : Leaders of Haiti, an angle {2005) ; Mots Créoles du Nord d’Haiti an franse (2006). Vwalatilpa kounye-a, san pran souf, li sévi non Patamouch

{2007). Patamouch s’oun grap atik, majorité

nan yo pibliye nan jounal Haiti en Marche seksyon « Tigout pa Tigout ». Kôm majôjon paj kreyôl nan jounal sa-a depi kreyasyon li an 1987, mwen te louvri baryè pou bonkou nan atik sa yo. Youn fèy jounal se li jodi, jete denmen, men youn liv se pou lavi. Ak Max anyen pa dwe pèdi. Se anba chodyè gou manje rete. Konsa, li sanble yo, li batize yo Patamouch.

Konbyen timounn ak granmounn

ki pral gen chans aprann?

Konbyen jenerasyon ki pral

benefisye?... Patamouch pote youn dyakout pwovizyon pou literati ayisyen-an. Lè nou feyte Patamouch n’ap konstate s’oun pion gaye. Youn plidetwal atik an kreyôl ki kouvri tout kalite sijè. Nou jwenn ti kal nan chak; Ti tranch istwa peyi-a, youn ponyen mo ak pawoli nan tan benbo, moso manje nan tan lakoloni, varyete pwovèb ki te anfouraye, eritaj esperyans zansèt nou yo. Patamouch woule tanbou, kata ochan pou tout fanm ak gason vanyan

ki leve eskanp kilti peyi

d’Ayiti kit se nan domèn chante, danse, teyat, penti, eskilti, lamôd osnon nan kwizin. Patamouch s’oun seri dokiman ki kanpe fyète nou kôm Ayisyen e ki fè nou rekonèt kiyès ki kiyès nan Mouvman Kreyôl-la. S’oun

Max Manigat

11

konpilasyon bèl tranch lomeyans kreyôl k’ap chante bèlte, dousè ak richès kreyôl nou-an. Kôm bon ekriven, tout atik Max yo byen dokimante. Byen foubi. Byen poli.

Max rekonèt enpôtans travay ki

déjà fèt nan lanng nan, H mete youn ralonj manchlonng pou pouse-1 pi devan. Kom bon fouyapot l’ai fouye jouk non fon bonm-nan l’ai chache

kwann nan vokabilè

konsonmen Grann Mari, grann bon zanmi-1 ekrivenatispent Jaklen Gason. Ekriven

nan

lanng

kreyôl-la

ki

pibliye

atik

ak

konferans yo p^vononse pa anpil. Woje E. Saven pibliye « Tètansanm, koze ak lide » nan ane 2002. Jounen jodi-a, nou jwenn pwofesè Max Manigat ak Patamouch. Youn teknik n’ap ankouraje. Van-an pral woule pilon, paske lè nou konsidere mwen pase 5 ane (1979-1984) ap pibliye atik nan jounal Haiti Observateur dk plis pase 20 ane (depi 1987) ap ekri nan jounal Haiti en Marche seksyon « Tigout pa Tigout », tou pa-m dèyè. Nou salouwe devouman ak andirans kouzen Max, manm Sosyete Koukouy Miyami, ki pa te ezite youn segonn, ni tann nou di tanpri souple pou li te pran larelèv lè nou te kouche sou kabann lopital pou pHs pase 9 senmenn âpre youn operasyon tètmato. “Mounn pa se dra”. Kolonn jounal la kanpe djanm grasa Max.

Patamouch !

12

Se premye liv kreyôl an kreyol Mbx pibliye. Non fè lareverans pou nou di-1 atyaba nan literati natif-natal-la. Plis pase 18 milyon mounn pral gen materyèl sa-a nan men yo pou yo aprann, pou yo dekouvri lot mounn, pou yo fè lakonesans ak lot ekriven kit se Ayisyen kit se etranje. Bèl zetwal tankou sanba Rudolph Muller, gason vanyan tankou Paul Laraque, flanbo

Tousen-dn byen wo

Afriken Meriken ki pote nan peyi Etazini-an tankou

Martin Luther King, Malcom-X, Medgar Evers... Tout gwo zotobre sa yo ki kite siyati yo nan revolisyon afrikenameriken-an nan batay pou liberasyon nèg nan Lamerikla.

Makandal,

Boukmann, Tousen,

DesaHn,

Knstôf,

Petyon... te tounen youn komèt lespwa k’ap gide esklav ki t’ap goumen pou libète ak égalité.

Nan dyakout

Patamouch nou jwenn tou pwovèb, eritaj esperyans pèp-la ekriven Jan Jozèf Oden, Edmon Chenè... mouri kite pou nou. Chak goût dlo swen kouran. Tout bon engredyan ak frikaman sa yo montre istwa youn pèp ki pa ni panyen pèse, ni dada chire. Tèt nou drèt, byen chita sou zepôl nou. Kanson-n touse byen sentre nan ren-n. Nou pa gen gwo mwayen se vre men tout lyann nan bwa lakay se pèlen. Mwen

damou fou pou Patamouch pou divèsite

dokiman yo, pou filozofi k’ap degaje nan atik yo. S’oun veritab mehmelo literè... Tout mounn goûte. Se bon gou SOS

ki

met

lanng

deyô...

Kidonk pran pasyans,

li

Patamouch. Istwa kout, istwa-kont ak etid lengwistik e kilinè sa yo... s’oun milti-vitamin pou lasante espirityèl...

Max Manigat

13

Apre lekti, sere-1 pou referans tout tan ki gen tan. Max monchè : Ason pou ou ! * Otograf nan « Premye son » an se li ‘Sosyete Koukouy’ adopte. Li pa gan diferans avèk otograf ofisyèl la ; sèlman gan moun ki pa sévi avèk apostwôf ak tiré epi ki pa bay son « oun » an tout enpôtans li mérité.

Patamouch !

14

2. Dezyèm son Zanmi Maks Manigat / Max Manigat soti fwa sa a yon gadmanje lèspri ak plizyè tiwa : moun ki renmen lodyans gen kouvè pa yo, sa ki renmen pwezi gen platsèvis pa yo, konesè nan istwa peyi dAyiti ap rete baba pou dipita pawôl ki pale. Tout moun alawonbadè jwenn sa ki satilfe yo. Patamouch vin mete gwo limyè nan tande moun nan kanton Okap tankou nan kabès tou sa k ap viv nan kat kwen peyi a, an koumansan pa jennjan galan rive jouk nan granmoun abab ki gen trèz bouton nan kanson yo. Patamouch se yon travay ki fouye nan fenfon kilti peyi dAyiti. Otè a mete sou tab ti moso pa ti moso sa ki fè lavi kontribyab pasi pala. Enpitou, se yon travay ki soti nan kouti san move kout sizo, toutokontrè tout koze blayi sou lektè a ak gangans, yon koze ki banda tankou pope poslen ou kenbe lan men w ak tout prekosyon pou 1 sa dire vitam etènam, yon travay ou pa janm sispan gade afôs li toujou gaya, li toujou fre tankou tibonbon kaptenn ki soti benyen nan lawouse. Se pa bèl pawôl ase ki fleri nan tout paj Patamouch. Li aprann nou anpil, anpil sou istwa Afriken Ameriken, sou manje yo te abitye manje nan lakqloni Sen Domeng, sou pwovèb, sou etimoloji. Sa ki louvri li gan pou ranmase konesans ale pou vini.

Max Manigat

15

Annou pran ; « Afriken Ameriken avèk Ayisyen se gouden dis ak trantsenk kôb ». Devlopman pati sa a chaje avèk bon bèt etidyan lakay non pa janm tande. Epoutan, moso istwa sa a ta pou nan pwogram yo depi lontan. Chans ! Patamouch pote 1 pou yo. Ochan ! m di bèl hochan ! pou Maks toujou kenbe kreyon 1 byen taye pou 1 fè nou plezi jouk sa kaba, si Bondye vie.

Patamouch !

16

3. Twazyèmson Patamouch !

Si m ta mande kèk moun sa sa ye ? M si e

sèiten yo ta mal pou di wen. Sa sa te ye sa ? Pou dabô, se yon makôn mo franse ki di : « Pattes de mouche ». Yo vin tounen ; Patamouch kômkwa, timoun ki fenk ap apwann fè lèt, sose sa yon mod jan kounan kômkidire mouch ki ta soti nan yon ti poban lank, anpi y ap flannen anwo yon fèy papye blan. Se vwe,

Maks

Maniga IMax Manigat, pa

mouch, i senpman pwan mo a

ekri kon

kôm pou moutre jan i

ranmase anpe lot pawôl ake kèk pawoli, sèlon sa i chonje e sitou sa i konnen ayisyen fwèr ak sèr an nou yo, etranje tou, poukipa, ka gan bèzwen e ka byen kontan kônèt tou. Chak nanchon anwo tèr a Bondje a, gan

koutim ak

kilti a yo, e pifô tan, nan fè men ale men vni . Kidon nan gade sa k fè nan pa menm ake lezôt. Se vwe, 1èr nou pa kwè, yonn ka toujou aprann nan men a lot, gran kôm piti. Travay zanmi a vin dotanpli itil, paske i ale ake nou, nan lang manman ak papa nou, drèt dirèk nan kote nou chouke kôm desandan Lafwik. Se là nou jwenn sa moun ki save yo rele : idantite, sa di yon sinas ki fè nou rèkônèt nou yonn a lôt, sa fè pèp remake yonn a lôt tou.

Max Manigat

17

Alôs, fôk mwen di tou Patamouch la vin jwenn nou tou senp, san pôz ak granpanpan kote n alèz pou retounen benyen

nan

sous

souvnans

tan

lontan,

tan

grann,

grangrann, granpapa, grangranpapa, zawèl, bizawèl, tawèl ak tatawèl an nou. Pôdyab, gan kèk nan nou, fwèr ak sèr, ki kôm konn mare karaktèr a yo anwo pwôp mannyèr ake kiltir an nou, ayisyen. Kounouye la a, n a jwenn ki pa p vie, osnon pa kapab li fèy papye koze sa a, paske li ekri an kreyôl. Kôm kwa 1èr yo fè sa, yo vin pi moun de valèr, moun enpôtan. M ta di : si yon moun pa te dija gan bon kalte valèr nonmal, se pa ranmase lot manje entraje, lot langay, lot koulèr po k apway fè y tounen franse, meriken osnon panyôl. Dotanpli, pèp sa yo konnen se chare w ap chare. Si yo, ake pwôp kinan w derefize w larekônesans, ki kote w gad ? M di w tounen yon eran ki pa jwif. Anpi rete tann 1èr yon gwo doulèr ap tournante kadav a w, pou tande nanpwen tan pou : « A moi ! Au secours .-'ni : « Help !» Se : « woy ! Anmwey ! » Alôs, pou byen di : m pa kont moun pale kèk lôt lang an plis, se lenstriksyon ; men kinan se kinan. Antouleka mepwize kinan pa bon tout manyèr. Se menm yon gwo malèr pandye anwo langay, koutim ak kilti an nou. Politisyen malôtchô, sitou pa manke sa lakay, dija fè n ap kouri kite peyi a anba move lavi ak derespetans. Pifô nou ki gan tan chape poul an nou vanse

Patamouch !

18

bilye krik ? krak ! ak tim tim bwa chèch ! lakay. Pitit nou fè deyô tèr a pa rèlteman konnen rasin demanbwe laras, jouk pou y O ta konpwann twôp sa sa vie di lè kôd lonbwit a yon moun tere nan yon peyi. Sa k ret dèyè yo ap viv kousi kousa ankounavle. Nou pa k ap ay mande yo, pôdjab, kouman

yo

danse

« petwo,

banda,

yanvalou

ak kontredans ». Konnen menm si setansi w a jwenn yonn ki konn gou a yon bon mabi. Fè antansyon ! Chak fwa yon grandèt mouri, li ale ak tou sa i te konnen. M ta di se 1èr pou n pwofite fouye ranmase kèk bon anfonmasyon anwo peyi an nou, Ayiti. Kipizèt, Maks pa moun k ap vin myanm myanm kakachat.

jebede pawôl chikriti

I Fèt Pyebwa Lapriyè ak sèman pyebwa 1. Lapriyè pyebwa 2. Sèman pyebwa

LAPRIYE AK Seman Pyebwa Jou ki te premye jen 1963, woutye Gwoiip Sen J6j {Groupe Saint-Georges) yo te reyini Ti Plas Kazo, pou yo te patisipe nan yon seremoni pou fètdelab ag^vonom distrik la t ap ôganize. Nou te resevwa yon envitasyon paske nou te konmanse yon pwojè kote nou t ap montre abitan yo yon mwayen pou yo fabrike blôk ak zèb chèch melanje ak ajil. Sa te mâche byen paske premye kay la te déjà monte. Sa nan pa te konnen, se afè politisyen ki te wè ki jan yo ta kapab fè dappiyan sou pwojè a. Rive nou te rive, nou te wè anplasman kote nou t ap fè blok yo dekore ak papye koulè ble e wouj plis pètre Divalye. nou te santi magouyè te rantre nan jwèt la. Nou te la an inifôn avèk omonye nou Pè Antwàn Adriyen, lè agwonôm nan konmanse reyinyon an. Li di 2 mo an move kreyôl epi li distribye bay abitan yon fèy ki ganyen ekri sou li: “Za prière de l’arbre'^ avèk serment de l'arbre». Li grate gôj li epi li dérapé : La PRIERE DEL 'ARBRE

« Homme, Je suis la \ie de ton fover L'ombrage sous lequel tu te reposes Quand le soleil brûlant t'accable ; Je suis la charpente de ta maison La planche de ta table

Le

Max Manigat

21

Je suis le lit dans lequel tu dors, La paille dont tu fais ta natte Et le bois dont tu fais ton canot ; Je suis le manche de ta houe Et la porte de ton enclos ; Je suis le bois de ton berceau Et de ton cercueil ; Je suis ton pain quotidien, la richesse De ton pays et la fleur de sa beauté Je suis ton café, ton coton, ta banane. Ton gaïac et ton acajou Je suis ta canne-à-sucre et ton campêche Ton « arbre véritable » et ton manguier; Je suis ton palmiste sacré ! Plante-moi, conserve-moi, soigne-moi. Épargne-moi ! Ne me détruis pas...» Figi abitan yo te rete byen môksis. Zye yo tankou pa moun ki vie dômi. Yon chèf boukman ki te la konmanse

Patamouch !

22

bat bravo. Abitan yo fè de kou tou men sete kankou yo te chwal la yo te fôse travèse larivyè a men ki te refize bwè dlo. Agwonom nan pa te konprann mesaj la. Li mande abitan yo pou leve men dwat yo pou yo répété sèmam sila li pral li an franse a ; Serment de l’arbre

« Je Jure devant Dieu et devant les hommes, de défendre et de protéger l’Arbre contre les mutilations, l’incendie, les dégâts des insectes et des animaux, par tous les moyens en mon pouvoir, aujourd’hui et pendant toute ma vie. Je Jure d’aimer et de soigner l’Arbre de toute mon intelligence, de toute mon énergie et de répandre ce culte chez moi, chez mes voisins et partout où je serai. » Woutye Sen Jôj yo avèk yonn, yonn abitan ki te konn mamote franse répété sèmam an. Pandan aktivite sa yo t ap pase, Pè Adriyen mande m si m ta kapab tradui de tèks sa yb an kreyôl. Mwen reponn m ka eseye. Anba yon tonnèl pay kokoye, abitan Ti Plas Kazo yo te monte yon tab ak kèk ban. Mwen chita, mwen degaje m kou mèt Jan Jak. Men sa m te renmèt :

Max Manigat

23

1. « LAPRIYÈ PYEBWA (1) Nèg, Mwenmenm pyebwa, se mwen ki lavi nan kay ou Lonbraj kote w poze ko w Lè solèy la cho sou tèt ou Mwen se chapant pou bâti kay Planch pou tab Se bwa m ki fè kabann Pay mwen ki fè nat Bwa m konn fè kannot tou Manch wou, manch kouto digo se mwen Bwa pou lantouraj se mwen tou Mwen bon pou fè bèso timoun Sèkèy pou mo Se mwen ki manje chak jou a, richès peyi a Flè tout koulè ki fè 1 si bèl Se mwen ki kafe, koton, bannann, Gayak, pye kajou Se mwenmenm ki kann, ki kanpèch Lanm veritab, pye mango Se mwen tou ki palmis lalibète !

Patamouch !

24

Koute sa m di, nèg ! Se mwen ki mare ren latè Pou lavalas pa fin bwote 1 Ad je nèg ! pa fè wondonmon Plante m, okipe m, bere m Ban m yon chans nèg ! Tanpri souple! pa koupe m mal.» M ap dako mwen pa tradui twa dènye vè franse yo jan yo te parèt la men mwen te vie pale ak abitan yo pou pawôl yo te rantre nan kè yo. Bravo ki kouvri lekti tradiksyon

kreyôl la

ban

m

rezon.

Agwonôn,

chèf

boukman, menm yon minis gouvènman an ki te vin pran woulib sou travay woutye yo, yo tout te rete baba. Mwen chennen : « Zanmi kanmarad abitan, leve men dwat nou epi répété âpre mwen. » 2. « SÈMAN PYEBWA Mwen fè sèman devan Bon Dye, mwen fè sèman devan lezôm, pou m pwoteje pyebwa, pou m pa kite yo maltrete yo, boule yo mal, pou m pa kite zannimo ak bèt dévoré yo ; pou mwen kenbe tout pwomès sila yo, tout jan mwen kapab, jodi a ak pandan tout vi m. Mwen fè sèman pou m renmen pyebwa ak tout kouray mwen epi tou pou m

Max Manigat

25

mande tout moun pou yo fè tankou mwen lakay, nan vwazinay ak toupatou kote m pase. » Apre m fin pale, chèk boukman an pran kôn nan. Li deklare se premye fwa yo te wè bôyskout nan kanton an. Li te manti kou chen. Li mande abitan pou yo rele viv Divalye, viv minis la. Li bay gwo chèf la lapawôl. Msye blablabla kont li. Li pwomèt abitan yo pou Travo Piblik pote blôk siman ak tou sa yo bezwen pou kontinye bâti kay. Mouvman kowoperativ la nou te konmanse devlope a pa ta kapab kontinye nan kondisyon sa yo. An van 1 monte nan machin li pou 1 ale, minis la rele m pou li fè m konpliman. Li mande m pou mwen ba li tradiksyon yo pou ministè h a kapab pibhye yo. Mwen sable. Mwen ba 1 yon boulôk konmkidire sa m sot li yo se bwouyon yo ye. Kou m ta fin mete yo opwôp m t ap pote yo nan biwo 1. Msye fèk kare ap tann ... Devan tout konmedi sa a, woutye yo te deside pou yo lage pwojè a. Nou vin tande âpre, Travo Piblik bâti yon kay an blôk siman ase. Yon jou konsa, yo kraze raje. Abitan yo pa janm tande bwi yo ankô. XXX

Apre m te fin pibliye de tèks sa yo nan « Tigout pa Tigout » paj kreyôl Haïti en Marchela, Jan Mapou te ekri :

26

Patamouch !

« Nou fè Maks konpliman pou kokennchenn dokiman sila a. Depatman Edikasyon Nasyonal ta gendwa mete « sèman » sila a nan pwogram etid tout lekôl primé yo, lekôl kominal yo ak pwogram alfabetizasyon nan peyi a depi yo bay otè a kredi pou bèl tradiksyon sa a. » (1) An 1963 GREKA (Group Rechèch sou Kreyôl Ayisyen) a pa t ko egziste. Se nan yon ôtograf ki sanble pa franse a mwen te ekri tradiksyon yo.

II Tradiksyon

Yon Powèm Langstonn Youz {Langston Hughe^ Langstonn Youz {Langston Hughes) te fèt foplin, Missouri jou ki te premye fevriye 1902. Li te tou piti lè paran 1 yo divôse. Tousuit âpre, papa 1 te pati pou Meksiko. Se granmè li ki te elve 1 jouk li te rive laj 13 zan. Se lè sa a li mouv Linkôl {Lincoln), Ilinôyz {Illinois) pou 1 al viv avèk manman 1 ki te remarye. Se nan vil Linkôl la Youz konmanse ekri pwezi. Apre 1 fin diplonmen high school {H.S) 1 al pase 1 an avèk papa 1 Meksiko. Li pa te renmen peyi a. Li rantre Etazini pou 1 enskri nan Columbia Universitÿ kote 1 kite âpre 1 an. Pandan peryôd sa a, Youz travay nan diferan ti djôb : asistan kouk, anplwaye nan londri, asistan gason nan restoran. Li te fè yon kout maren tou ki te pèmèt li VAvayaje an Afrik ak an Ewôp. An novanm 1924, li mouv Wachintonn. Premye liv pwezi 1 : The Weary Blues parèt an 1926. Li retounen al kontinye etid li nan Lincoln Universitÿ {Pennsydvaniâ) kote li gradye an 1929. Not Without Laughter, premye woman Langstonn Youz, parèt an 1930. Pou liv sa a li te pran yon meday lô. Youz, selèb pou jan li dekri, nan lanne 1920 pou rive nan lanne 1960 yo, tray moun nwa nan Etazini avèk anpil detay epi yon konnesans ki ale nan fenfon lavi pèp sa a. Li ekri dal woman, nouvèl, pyès teyat ak pwezi. Yo konnen 1 anpil pou pozisyon li pran sou mizik djaz ak enfliyans

Max Manigat

29

mizik sa a ganyen sou sa li ekri. Vi li avèk travay li peze lou nan mouvman ki rele Harlem Renaissance la ki t ap kimen nan lanne 1920 yo. An 1937, Langstonn Youz te pati kôm jounalis pou li t al kouvri lagè si vil an Espay la (1936-1945). Se pandan lagè sa a li ekri powèm International Brigade la kolèg zanmi mwen

Pwof.

Frank

Larak

{Franck

Laraquê)

avèk

mwenmenm nou te tradui Langstonn Youz mouri Nouyôk 22 me 1967. Pou onore memwa li, East 127th Street

nan Harlem pote non,

Langston Hughes Place. Men tradiksyon powèm nan:

Brigad Entènasyonal

Batayon Lincoln, yon kote an Espay, 1937 Vye frè ki rete lakay : Jodi a nou fè yon nèg Moritani blese prizonye, Li te nwè menm jan avè m. Mwen di 1, Ti gason, kisa w ap fè isit, Ap goumen ak moun k ap defann libète yo ? Li reponn mwen nan yon lang Mpat kapab konprann. Men yon lot moun di m li t ap rakonte Kouman yo te sezi 1 nan peyi li Pou fôse 1 antre nan lame Fasis

Patamouch !

30

Jouk pou 1 janbe rive an Espay. Li di tou li te santi Li pa P janmen tounen lakay li ankô. Li di li te santi Sa y ap fè 1 fè a pa te korèk. Li di li pa te konnen Moun sa yo li t ap goumen avèk yo a. Pandan li te kouche la a ap mouri Nan yon ti bouk kan pa nou an te fèk pran, Mwen vire zye m nan direksyon Lafrik Sa m wè ? Se fondasyon k ap souke Paske si Espay Lib ganyen lagè sila Koloni yo, tou, ap lib. Lè sa a yon bèl bagay ka rive Moun nwa tankou m yo nan Moritani! Mwen di li, Kamarad, koute, Mwen sipoze se poutèt sa vye Angletè Si m konprann byen Itali, tou, Pè pou Repiblik Espay la Boule byen avèk mwen, avèk ou Paske yo ganyen esklav nan Lafrik la Yo pa vie wè yo lib. Koute, prizonnye moritanyen Ban m lanmen! Mwen ajenou la bô ko te 1 Mwen kenbe men 1 Men li te si tèlman blese grav li t ap mouri Se poutèt sa li pa t konprann.

Twa Lodyans 1. Kaya 2. Pwa kongo gan fè 3. Kreyol pale... zôt pa konprann

1. Kay A Divalye t ap enspekte gad prezidansyèl li a âpre bato Gad Kôt kolonèl Kaya {Caillard) yo te fin tire kanno sou palè nasyonal la. Li rive nan refektwa kote tout jandam yo t ap raie yon plat diri blan ak legim. Papa Dôk gade legim nan, li wè 1 yon jan vèt. Li mande sèjan mès la : - Sejan, ki legim ou bay pitit mwen yo jodi a ? - Se kaya mwen fè pou yo wi, ekselans! Sa 1 tande a, je « Koulèv nan dômi » te prêt pou sot nan têt li. Li pete yon sèl lobèy anndan a : - Konman, ou se yon enkosyan w ye ; âpre kakarèl Kaya fin ban nou 2 jou pase, ou fout gen kouraj pou sévi moun yo kaya ankô. Ou fout anraje! Sejan an pa te ko manje, men vant li tonbe bouyi. Kou Divalye vire dyare pran 1 ... Ala traka pou vant solda gad prezidansyèl!

2. PWA KONGO GAN FÈ » Dasiyis te envite konpè 1 Alsid vin manje avè 1. Yo te chita devan yon tab kote ; diri blan, pwakongo, pwason an SOS

te aliyen. Alsid drese têt li yon bèl plat diri, li wouze 1

avèk SOS pwason epi li konmanse boule. Dasiyis gade 1, li pantan, li di 1 : - Apa w ap betize la a ! Sa w kite a se li ki pi bon ; se nan pwakongo a gen fè a.

Max Manigat

33

Li pa t ko fëmen bouch li, li tande : Pou! Pou! Pou! ; se Alsid k ap jete yon kiyè diri li te fèk konmanse kraze. - Sa k pase w ? - Mouché konpè, m pa manje pwakongo m pa konnen si 1 gen fè vre, men diri w la gen wôch. ♦

3. KREYOL PALE ZOT PA KONPRANN Madan pastè te rantre tou fre, tou wôz, li vin pote sivilazyon ak levanjil bay moun nan yon ti bouk toupre Marigo. Kamyonnèt tèt bèf li te mennen an te chaje ak tout sa li ta pral bezwen pou H avèk mari H phs medikamen, vitamin ak yon premye kagezon Labib an kreyôl li te voye achte Nouyôk plizyè mwa anvan 1 te pran avyon pou Ayiti. Men, nan valiz li, li te vwayaje avèk yon zouti h ta pral bezwen pou kominike san pwoblèm avèk fidèl yo ; yon diksyonè angle-franse-angle. Fôk mwen di okenn diksyonè kreyôl-angle pa te ko pibliye. Depi nan lekôl teyolojik, li te aprann de twa mo kreyôl men kôm se yon lang fasil - se sa li te kwè - ak ti sa 1 konnen an plis zouti li te ganyen anba ponyèt li a, nan de tan twa mouvman fôk h pale lang ayisyen an kou radyo. Pou di laverite, manmzèl te kanpe. Konn di bèl bonjou, kouman nan ye? Sete metye 1 sa. Pastè, mari 1, te ba 1 tout bon konsèy: Drese zôrèy ou ; kreyôl fasil ; li pa gan gwo gramè. Yon bon diksyonè

Patamoiich !

34

franse ap ba w tou sa w bezwen pou konprann tout bagay. Plis ki pou rive, se pa fin sezi tout pawôl yo lè moun yo ap pale vit. Konsa, mâche avè tèprikôdè w. Se sa manmzèl te fè. Yon jou, li te bare ak yon gwoup jennjan ki t ap kraze yon lodyans. Brip! Manmzèl manche tep h pou li ranmase bèl pawôl. Aswè, lè 1 rantre, li va chita avèk mari 1 pou montre 1 sa 1 pote. Premye fwa li jwe tep la, mo yo te parèt yon ti jan dwôl men moun yo te si tèlman ap pale vit anpil nan mo yo te mal pou konprann. Labrin diswa te fèk tonbe. Apre Ana, kizinyèz la, te fin sévi soupe, 2 misyonnè yo te chita ap bwè te sitwonnèl. Madan pastè hmen tep la pou fè mari 1 koute 1. Apre yon kout ri kwa, kwa, kwa, men sa ki te di : Darati a te fèk sot touche yon kaka aran. Pye sa m manje m pa ba w, li t ap file. Li pa t poko vire yon boutkwen, brip! Ti Jil, yon mètdam, te debake sou li pou fout li yon kout fizi. Vye makak kankou 1 ki pa janm nan rans, li pa t pran tan pou leve fent tchoul la. Li pouse msye yon boulôk pi lou pase yon pwa senkant. » Adje ! se pa fasil pou fè de pwen sou chanpyon sa yo. Pastè a te koute san di yon mo. Madanm ni gade 1 ; li grate tèt. Bagay la malouk ! Antouka, bagay la grav paske 1 gan « kout fizi » ladan 1. An van n rele leta, fôk nan chèche

Max Manîgat

35

konprann sans konplo sa a. Ann koute tep la ankô. Fwa sa a, pastè leve yon tôti : yonn nan moun yo « pa t nan rans » epi li t ap file yon bagay. Siman yon machèt ; san dwe te koule. Bon ! tou sa pa sa ! N ap fè bagay moun ki pa « edike ». Poukisa diksyonnè firanse a la ? Hop ! madan pastè kouri pran zouti a louvri 1 nan lèt D. Kote « darati » ? Pase nan lèt B. Kote « boulok »? Al nan lèt T. Kote « tchoul » ? Bagay la mangonmen. Pito n rele Ana ; li se natif natal 1 a ba nou sa fen. -

Ana ! Pletil, pastè ! Sa « darati » vie di ? Enben, yon « darati » se yon « selina » Sa « selina » a ye ? M ta di se yon « vye gwann » Ana, pa gan yon lot jan ou ta ka di « vye gwann » ?

-

Men wi pastè ! Mwen ta di se « yon fanm ki fin vann ki souke panyen 1 ».

Pastè a wè plis 1 ap poze kesyon plis 1 ap anfoudwaye tèt li. Li te vie bay legen men madan pastè sete kôk kalite ki pa vole gagé. Li jwe tep la pou Ana. Lande 1 tande 1, li pete yon sèl kout ri epi li prese tounen al fin fè travay li. Madan pastè suiv li jouk nan kuizin nan :

Patamouch !

36

-

Ana, sa tep la di ?

Tep la di : « Darati a te fèk sot touche yon kaka

aran. Pye sa m manje m pa ba w, li t ap file. Li pa t poko vire yon boutkwen, brip! Ti Jil, yon mètdam, te debake sou b pou fout li yon kout fizi. Vye makak kankou 1 ki pa janm nan rans, li pa t pran tan pou leve fent tchoul la. Li pouse msye yon boulok pi lou pase yon pwa senkant. » Bouch madan pastè te twô piti pou gwo mo ki te sou lestonmak b a te soti ... men, si kout je te konn tiye kritchen vivan ... nan ta pèdi Ana.

IV Bonjou Santiago! (Ekstrè) 1. Bonjou Santiago 2. Resital Pwezi Ayisyen 3. 5izoîFF6Iklorik Ayisyen 4. Katôzyèm Fèstival la gaye toupatou 5. Guantanamo 6. Yon Jounen Santiago 7. Babay Santiago !

I.Bonjou Santiago. (samdi2 jiye1994) Soti premye rive 8 jiye lanne sa a (1994), Casa del Caribe te ôganize katôzyèm Fèstival Kiltirèl Karayib nan vil Santiago de Cuba. Delegasyon te soti plizyè peyi pou vin patisipe nan woumble sa a. Anpil atis Gwadloup, Matinik ak Ayiti te la paske se pwezi peyi pa yo Fèstival la t ap onore. Ayiti te gen yon plas espesyal. Se yon powèt ayisyen Pôl Larak ki te pwononse diskou inogiral la.

Santiago de Cuba, 2 jiye 1994 Nou rive nan èpôt Holguin depi 9 è edmi dimaten. E. G- ki t ap tann nou pou 5 è edmi nan apremidi pa te voye otobis chèche nou bonnè. Apre imigrasyon, pran malèt, nou santi nou rive nan yon lot peyi. Koutwazi, bèl figi, kisa nou kapab fè pou ou? Nanpwen anyen yo te kapab fè pou nou yo pa te fè.

Nou soti deyô al pran van pandan lidè gwoup nou an C / t ap fè demach pou jw^enn ôganizatè yo nan vil Santiago.

Yon otobis depatman Touris ofri pou 1 mennen nou al pran yon kanpo nan yon otèl ki pa two Iwen avyasyon an. Nou anbake. De devire, nan gen tan rive. C. an aktivite pou 1 jwenn ôganizatè yo ki pou voye okazyon vin chèche

Max Manigat

39

nou. Soti Holguin pou rive Santiagogen 250 kilomèt.

Kou nou desann nan otèl la, âpre nan fin mete malèt nou nan depo, yon pôsyon nan nou al chita bô ba a. Yon lot gen tan mete kostim deben pike nan pisin. Nan ba a, sa konmanse ap chofe. Byè Hatuey byen glase, bon kôktèl Avonm, ji mango pou sa k pa bwè, anfen, anfen. Nou santi nou lakay nou. Ti grenn mo panyôl ki te sere nan tout kwen sèvèl nou konmanse ap degaje yo pou yo soti. Sa ki fimen konmanse ap raie nwaj

siga kiben.

C. fè de pv^en. Li

parèt ak nouvèl la, gwagwa (otobis) la kite Santiago 1 ap vin chèche nou. Sa ap pran 2 èd tan edmi. Kèk ponch wonm, kèk byè byen glase, kèk bras nan pisin nan, nou mande kote restoran an ye.

Manje lunch va yon bon mwayen pou nou tann otobis la. Nou table. Nou goûte manje Kiba. Kankou lakay. Sa ki renmen piman bije mande. Nou pa lage ti koktèl la, ti cerveza a. Ti kafe pou fini. Zôt manche siga yo. Yon mouvman nan restoran an, nou tout vire tèt gade. Se Gustave, chofe gwagwa a ki gen tan rive. 2 è edmi an file pap pap. Nou fè konnesans. C. ki

"habla " kankou h te leve nan yon peyi

panyôl ba nou yon mesaj. Gustavo ap pase yon bagay anba moustach li epi n ap pati.

40

Patamouch !

Tout malèt anbake, Nou chita nan otobis la. Nou dérapé. Wout la pa move. Asfalte nèt. Tout pon kanpe solid. Nou pase plizyè ti vil. Anpil kamyon, trelè ap bwote travayè monte desann. Anpil jaden, anpil bèl plantasyon! Gustavodi^ mete gazolin.

Chalè a monte menm si otobis la gen èkondisyone. Nou 21 plis chofè a avèk yon asistan. Kote nou pase se voye men. Bèl bagay ! Moun yo wè nou se touris, zanmi Kiba. Yo kontan ak nan.

Yon ti moman konsa, yonn nan nou wè yon pankat sou bô wout la : Santiago 50 kilomèt. Tansyon an monte. Nou kannale desann yon ti pant. Anvan n bat je, men yon otowout. Santiago pa Iwen. De twa lot kout volan epi men bilding nan sant vil la konmanse parèt. Kèk ti rete pasi pala, nou rive nan otèl kote nou te sanse desann nan. Nanpwen rezèvasyon pou nou. Tout chanm "fall". Kantite moun sot toupatou pou vin nan Katôzyèm Fèstival la. C. ap fè demach. Se pou nou jwenn yon lot otèl. Gustavo deside pou 1 chèche E., ôganizatè gwoup ki sot Kanada ak Etazini a. Se msye ki pou degaje 1 pou nou. Apenn n ap son nan premye otèl la nou kwaze ak li ki t ap vin kote nou. Msye dèyè volan

Max Manigat

41

yon Nissan. Nou kanpe. Kontan wè ! Nou deside pou nou pouse ale nan katye jeneral Katôzyèm Fèstival la : Casa del Caiibe. Gwagwa a pankô rete, nou tande batri tanbou, ogan, chante. Yon bann rara, kankou lakay, ap ekzèse nan lakou Casa a. Nou antre! Fè konnesans. Tonbe nan rara. Kout bagèt sou po kabrit. De vire, de kaladja, bann nan pran lari. Tout moun tonbe nan won.

Bann rara a kontinye wout H. Nou tounen nan otobis la. Apre anpil palab, kout telefon, nou fini pa jwenn yon otèl andeyô lavil. Hôtel Balcon del Cahbe. Byen ôganize, bon manje, pisin, mizik, ba louvri depi 6:00 diswa jouk 6:00 dimaten. Administratè, anplwaye otèl la tout montre nou nou rive lakay nou. Yo resevwa n de bra louvri.

Nou monte malèt nou. Nou benyen. Nou desann al manje. Li te gen tan 7 è edmi diswa. Vwayaj lan te konmanse Mirabel (Montréal) 2i 5èedmi dimaten.

Anpü traka men nou rive. Bonjou Santiago!]2n nou te anvi wè w.

Patamouch !

42

2. RESITAL PWEZI AYISYEN (dimanch 3 JIYE 1994) Balcon del Caribe : Nou leve kou kôk chante. Otèl la kanpe sou plizyè kawo tè. Yon ti moman konsa tout moun nan gwoup nou an deyô. Sa k al djoge sa k al bwè ti kafe byen cho, sa k ap chache pôs nan radyo short wave yo te pote. Pa gen anpil moun ki sonje jodi a se dimanch.

Pwogram nan prevwa yon resital pwezi nan Casa José Maria Heredia ki pote non powèt nasyonal Kiba a, ki te fèt 31 desanm

1803,

yon

jou

anvan

Ayiti

pwoklame

endepandans b. Vil Santiago pran kay li a, li fe 1 tounen yon mize nan lonè gran Kiben sa a.

Kôm te plen aktivite maten sa a, gwoup nou an te pati nan plizyè direksyon. Mwenmenm mwen te chwazi resital pwezi a. Lô nou rive nan mize a te déjà gen moun k ap tann. Komite ôganizatè a ap akeyi envite, kafe ap cho, espozisyon lavant liv powèt yo enstale. »

Twa powèt ayisyen, 2 avèk madanm yo, vin parèt. Se yo ki pral bay resital la.

k

Kan tout moun fin chita anba yon gain kote chèz te ranje anfas yon tab avèk mikwo pou sa ki pral pale yo, nou

Max Manigat

43

remake yon mouvman pa dèyè. Se yon koral desandan Ayisyen Kiba ki pran pozisyon. Yon siy mayestwo a epi se tankou yon bann wosiyôl ki leve lavwa. Sa k ta di âpre plis pase 75 zan, depi Afriken ki te sot Sen Domengyo te rive Kiba, yon levennman atistik konsa ta kapab posib sou yon tè etranje. San non koumanse ap bouyi. Men sa a sete twôkèt la.

Apre prezantasyon direktris Casa del Caribe a, Pôl Larak pran lapawôl an panyôl. Li li kèk powèm li an kreyôl enpi 1 tou tradui yo an panyôl. Bravo! Tou pa René Bélance rive. Powèm pa 1 yo an franse. Li tradui yo an panyôl. Ou ta kapab tande yon mouch vole. Silans total pou bay powèt yo tan pou yo kominike avèk asistans lan. Bravo! Apre René fini, Pôl envite m vin di de mo. Panyôl mwen panko pwèt pou 1 longé pa de powôt yo ki fèk pale a men m fè sa m kapab. Apre de twa fraz, m mande prezidan Asosyasyon Pitit Ayisyen noan Kiba a pou tradui kèk pawôl m te vie di an kreyôl. Bèl bagay! Bravo!

Sa nou pa te konnen an, prezidan Asosyasyon an : 77 A, twazyèm jenerasyon Ayisyen Kiba, se yon kôkennchenn powèt kreyôl tou. Msye manche bwa pwezi 1. Apre kreyôl se panyôl. Bravo! Kounyè a, pou fini, se tou pa A G. pou h entèprete plizyè bèl pyès an franse li prese tradui pou

Patamouch !

44

asistans lan. Bravo! Se pa ti kal kontan tout moun te kontan.

Men sa pa fini la. Koral la reparèt an bandisyon. Dlo ap monte nan je sa ki te konprann Ayiti se 27.000 kilomèt kare sèlman li genyen. Mouchwa fè

kankou 1 ap siye

fwon men se je 1 ap peze. Nou graje, nou grate gôj, mesye dam yo kontinye ap chante . Kout flach kodak ap yan yan. Yon moman konsa, kè a voye yon chante sou drapo. Emosyon ap fini avèk nou. Vwa rèn chantrèl la ap monte, monte, epi sanzatann, san nou pa konnen kote 1 soti, yon drapo ayisyen ble e wouj palmis libète nan mitan 1 deplawaye. Msye dam yo louvri ran yo pou yo kite tou sa ki vie wè sa ki sere nan fon kè yo. Ayisyen ki viv nan gwo peyi "devlope" ki te panse yo te natif natal met men nan machwa pou kalkile. Je wouj! Gwo souf! Viv Ayiti!

Nan pwovens Santiago, Kiba, jou 3 jiye 1994 sa a, larenn solèy pa te fouti pi bel pase "Ayiti chéri" pitit pitit Ayisyen t ap chante nan kay kote José Maria Heredia te fet jou ki te 31 desanm 1803.

Max Manigat

45

3. Show Folklorik Ayisyen (lendi 4 jiye 1994) Villa Trôpico Jou lendi 4 jiye sa a non pa te dômi reve sa k te sere pou nou. Envitasyon an te pou 8 è diswa nan yonn nan pi gran otèl Santiago yo : Villa Trôpico. Twoup folklorik desandan ayisyen toupatou nan Kiba plis atis ayisyen ki te soti Etazini avèk Kanada ta pral pote kilti ayisyen an sou tèt.

Oganizatè yo te kite plas pou gwoup pa nou an ki t ap soti andeyo lavil. Lè nou rive nou chita, je nou konmanse ban nou. Nou bô yon gran pisin, Tab toutotou. Gason ap pran komann byè, soda, dlo minerai. Nan fon lakou a, yon sèn ranje. Mikwo, limyè epi yon espès pôtay an pay kokoye trese . Nan tèt pôtay la, ki pi wo pase 5 mèt konsa, yon gwo pôtre an koulè Prezidan Aristide.

Moun konmanse plen lakou a. Yon ti kadè pa pase, ap soti nan yon fènwa, nou tande yon batri tanbou k ap vanse. Se yon twoup mèt tanbouye ayisyen: A, A, Z., ak kèk lot atis ankô, ki vwayaje espesyalman pou Fèstival la, k ap rantre. Tanbou marye. Devan sèn nan, yo bay pbzyè woulman kankou se ochan pou salwe zanmi kanmarad ki te deplase vin nan sware a. Se konsa fèt la konmanse.

Patamouch !

46

Pwogram pou aswè a te chaje nèt : solo tanbou, diskou byenvini Rosita an panyôl tradui an kreyôl, remèsiman E. nan non delegasyon ayisyen an, an kreyôl tradui an panyôl

(se

Consuelo,

sekretè

Asosyasyon

Desandan

Ayisyen nan Kiba, ki t ap fè tradiksyon yo), kèk chante Sà A., resital koral Desandan Ayisyen yo, lekti plizyè powèm / D. R. an franse (se powèt la menm ki li yo) epi "show " fôlklorik la.

Pou sa ki abitye wè dans fôlklorik sou sèn teyat Nouyôk, lide yo vini sou non natif natal ki kenbe eritaj kiltirèl nou an san dezanpare nan peyi etranje. Yo sonje Léon Destiné, Ixminès Jjouinis, Arnold Elie, Paulette Saint Lôt, elatriye. Men jou swa sa a, las koupe dis! Sa ki nan fon memwa pèp Ayisyen veritab la - limenm, zanmi m A Z. toujou ap répété, ki gade tou sa kilti ayisyen an gen ki bon tout bon an - t a pral pete de van je nou kankou yon fedatifis. Bagay mwen pa janm wè nan vi m pral rann mwen bata gaga. Twa twoup fôlklorik ki soti nan twa pwovens diferan Kiba, pral kenbe nou la, souf prêt pou koupe, pandan plis pase 1 èd tan edmi. Yo chak ak tanbouye yo, rèn chantrèl yo, ogantye (moun ki frape ogan) yo, sa k kônen lanbi a, yo tout ap reprann refren chante yo, san manke yon nôt, san manke yon pa.

Max Manigat

47

Premye twoup la montre non majôjon, fanm kou gason, ki jwe jon pi lejè pase yon plim poul. Voye 1 anlè, atrap li, fè lakobat ak batriba. De lot twoup yo, se sa yo bUye yo pa sévi nou. Medam yo an kostim lakay, gran jip falbala, kôsay ak volan, tèt mare ak mouchwa tout koulè. Mesye yo pye pantalon touse, foula mare nan ren. Epi tanbou, epi danse, epi ... toudenkou, yon dans kanzo. Flanm dife k ap kouri sou po yon fi san li pa boule. Apre se yon dans sou zenglen. Pa yon goût san pa soti sou do dansé ki te woule nan moso boutéy kase yo. Piblik la pa gan bouch pou pale. Se bravo ase ! Men sa poko fini. Tanbou! Chante! Yon manm twoup la kanpe devan sén nan. Li kenbe yon manchét file nan men 1. Yo pote yon wozo ba fi. Li pran 1 ; li tchap, tchap, tchap. Moso yo vole anlé kankou ti zwazo. Yon jenn fanm avanse vin jwenn li. Li pase manchét file a sou sou bra fi a kankou fi t ap filange yon pwason. Asistans la rete bébé ap suiv. Ou santi elektrisite ap pase. Yon goût san pa soti sou bra manmzél. Piblik la mande anraje. Bravo manke kraze tonnél la.

Anvan w bat je, limyé tout koulé sou sén nan tounen lanp tét gridap, lanp bôbéch, lanp kôlmann.

Rosita,

Consuelo, Hilario, Celina, tout ap chanje figi, la devan nou. Kata! lanbi! ogan! tanbou! bat men! chante! Danse :

Patamouch !

48

yanvalou, ibo, mayi, banda. San pran soufi Se yon won ki pa vie fini! Brip! Rosita tounen Liunane Casimir, Consuelo tounen Martha Jean-Claude, Hilario tounen Ti Roro, Celina tounen Farah Juste. Yo tout la! Yonn pa manke! Y ap chante. Y ap viwonnen. Y ap bat tanbou, y ap danse. Yon zetwal file. Li soti an Afrik. Li poze yon ti moman sou Villa Trôpico, li bay 2 chika epi li repati. Lè li rive Ayiti li pete miyèt moso pou li bay yon plidetwal. Chak ti grenn li yo tounen yon koukouy. Total 565 koukouy. Yonn pou al klere chak seksyon kominal nou yo. Nouvèl la gaye. Aswè a nan Santiago, Lafrik mete tèt h sou zepôl Kiba ki limenm bo Ayiti de bô. Abobo! ♦

4. Katozyem Festival la gaye toupatou (madi 5 JIYE 1994) Si w koute aktivite k ap mâche tout lajounen ak yon bon pati nan lannuit la nan Fèstival la, ou san lè pou pa janm dômi. Anpil nan nou pa rete phs pase 2 èd tan nan kabann. Men se pa anyen sa ! Kankou zanmi Gwadloupeyen yo aprann nou : « Demen se yon kouyon ». Enpi fèstival la bata fini, nou sou kat jou déjà. Men anvan sa rive, nou vie wè otan nou kapab.

Max Manigat

49

Rara nan lari Chak jou nan sant vil Santiago a, nan katye alantou katedral la, mizik an denmon nan lari. Plis gwoup rara yo se desandan ayisyen. Kou non j'wenn bann sa yo non antre nan yo pou « degaje konsyans » non. Lè se rabôday la, se non ; lè se kaladja a, non la tou. Bann yo louvri chimen ban nou. Medam yo fèmen non nan bra yo. Kè Santiago ap bat san rete ! Orfeon Santiago Mwen te resevwa yon envitasyon espesyal pou m t al koute yon koral yon Kiben ki te etidye an Ayiti dirije. Jou maten sa a, mwen rive nan lokal Orfeon Santiago a nan menm taksi avèk gran gitaris klasik ayisyen an, Amos Coulanges, ki te vwayaje soti an Frans pou vin patisipe nan Katôzyèm Fèstival la. Se nou yo t ap tann. Koral la pran pozisyon. Mayestwo a, Doktè Electo Silva, ki fè tout etid li Sen Lwi Gonzag, Pôtoprens, ap dirije. Yon gwoup plis pase ven fi ak gason, chanté pwofesyonèl, entèprete phzyè bèl moso pou nou. Bèl mizik ! Bèl ajansman mayestwo a ! Tanzantan, yon solo voye son an monte al pèdi nan lè san janmen tounen. Nou founi zôrèy nou pou nou koute. Nou ozanj ! Electo mande Amos pou bay yon ti serenad. Mèt gitaris la jwe kèk moso nou kapab koute si nou genyen C.D. Eresques caraïbes li a : élégie, congo, Yoyo se yon bèl

Patamouch !

50

gason, dodo titit. Non tout rete san di yon mo ap mande tèt nou konman yon sèl gita gendwa pran plas tout yon okès. Men se Amos Coulanges k ap pense kôd. Fôk nou konprann sa. Apre konsè a, koral la aliye pou salye nou. Gason yo ban nou lanmen. Medam yo menm bo nou. Kèk ti kadè nou pase avèk zanmi kiben yo, nou gen tan pitit kay. Mèsi Electo ! N a tounen ankô. Ekspozisyon Grupo Arte-Carivan Katôzyèm Fèstival la mennen atis kiben ki soti Laravàn {La Habana) vin ekspoze zèv yo Santiago. Se yon bèl mouv ! Nan gran sal Casa del Caribe a, Grupo Arte-Carivan ki dekri tèt li kou

« poetas - escultores cubaiios dan una

novedosa vision de la raices africanas en la cultura caribena » ofri nou yon ekspozisyon atis li yo. Gwoup la espesyal pou yon rezon : se de koup marye, Juan Alvarez ak Dulce Pulles epi Yelina Suarez ak Isidro Martinez ki fôme li. Ni msye ni madam nan toulede koup yo se èskiltè epi yo powèt tou. Mwen rankontre Yelina, yon ti dam"^ ou ta di ki timid jan li janti. Men, li gen yon gwo fôs k ap soti nan eskilti li yo. Se bwa li travay. Isidro pa te la jou sa a.

Max Manigat

51

Lot de zanmi yo, Juan ak Duke, mwen fin fou pou yo. Mari a se li ki reyalize eskilti mwen wè yo. Pyès yo taye nan yon bwa presye. Madanm nan se li ki ekri powèm yo. Yonn konmanse yon pyès, lot la fini 1. Se konsa chak eskilti genyen yon powèm ki mâche avèk li menm jan chak powèm gen yon eskilti ki ale avèk li. Tout zèv mesye dam sa yo ap benyen nan santeria.. Se poutèt sa yo pale koze « vizyon rasin afriken » an nan prezantasyon gwoup la. Eksperyans sa a ta mérité pou tout pèp nan Karayib la konnen 1. XXX

Jounen an pa long ase pou nou ta fin vizite tou sa k ap pase nan Santiago. Jodi a te genyen 2 resital pwezi san konte yon dans ki rele tumba frances. Frances, paske se Afriken esklav yo, ki te sot Sen Domeng nan tan lagè endepandans ayisyen an, ki te pote 1 Kiba. Mwen bije manke ni 2 resital yo ni tumba frances la. Men dans lan sou yon videyo zanmi mwen F. F. tire. Mwen pa fin pèdi nèt. Santiago pa janm bouke. Kè 1 ap ponpe yon san tou wouj nan venn Katôzyèm Fèstival Kilti Karayib la.

Patamouch !

52

5. Guantanamo (JEDI 6 JIYE 1994) [ Jou jedi 6 jiye a, nou te ale vizite vil Guantanamo kote plizyè twoup desandan Ayisyen te resevwa nou. Yo te chante, yo te danse pou nou. Yo te préparé yon resepsyon tou. Nou manje, nou bwè kola, nou remèsye yo men] ... nou santi fôk nou ta fè plis. Plizyè manm yon twoup folklorik nandelegasyon Ayisyen Monreyal la avanse, yo danse pou remèsye zanmi yo. Fè cho serye men chalè zanmi ki kontre ak zanmi pi rèd toujou. Dlo ap koule sot nan fwon nou tonbe atè. Nou kontan! Lizay pèp ayisyen an djanm kankou yon gwo pye bwa nan Ciudad de Guantanamo.

L ap ta. Labrim diswa ap tonbe. Fôk nou pati. Men, an sôtan nou yon twoup tumba frances t ap tann nou devan pot la. Nou bije rete yon moman ankô. Desandan ayisyen Guantanamo yo pa vie kite nou ale. Nou di mèsi anpil. Nou chata ko nou. Otobis la dérapé. Nou peze pou Santiago. Li pase 8 è diswa. *

6. Yon jounen Santiago (vandredi 7 jiye 1994) Li pral minui. Popyè je m lou kou pwa senkant. N ap dérapé demen maten avan jou. Mizik bô ba a pa tande rete. Fôk mwen pran kèk nôt tou. Tan an kout. Lè a ap mâche.

Max Manigat

53

Jounen jodi a te komanse kankou tout lot yo depi yon senmenn. Nou kanpe depi 5 è dimaten. Anpil, anpil bagay pou fè. Gen yon ekspozisyon atis matinikè m pa ta vie rate ; kèk zanmi kiben ki envite m lakay yo ; m ta renmen fè yon kout benyen nan lanmè tou. N ap wè sa ki posib. Se dènye jou nou Santiago. N ap dômi lô nou tounen lakay. Ekspozisyon Penti Freddy, chofè taksi ki avèk mwen depi premye jou , te la ap tann mwen byen bonnè. N ap konmanse avèk ekspozisyon atis matinikè Galerie Khokho René-Corail k ap fèmen maten an. Direktris galri a Catherine Césaire, ki te nan menm otèl avèk nou, akonpaye m. Yon dam janti pase sa nanpwen. Yon gran atis tou. Galerie Khokho RenéCorail

non yonn nan pi gwo atis k ap viv nan Karayib

la jounen jodi a : Khokho René Corail eskiltè, li pent tou. Se donmaj Ayiti pandan 30 an ki sot pase yo pa janm devlope kontak avèk atis nan zile Karayib yo. Paske fôk nou ta genyen yon estati René Corail reyaüze nan yonn nan vil nou yo. Ekspozisyon penti a ap fèt nan yon mize ki anba pi gwo moniman ou jwenn nan Santiago. Sou plas Antonio Maceo. Nou monte yon dal eskalye pou nou antre anndan 1. Plizyè lot atis matinikè t ap tann nou la. M sonje non de nan yo : Dumas Jean-Joseph ak Alain Dumbardon. Fôk mwen di jou sa a m t ap fè tout bagay alavôltij lakôz mwen anfouye kantite bèl kat postal ak lot nôt atis yo te ban

Patamouch !

54

mwen. Men de twa moman sa yo mwen pase avèk zanmi kanmarad matinikè yo p ap fasil pou bliye. Penti Catherine Césaire, Alain Dumbardon, Dumas Jean-Joseph ak Khokho René Corailgen yon jan li kenbe w li pa vie lage w. Sou yon gran tab nan antre ekspozisyon an twa eskilti kanpe. Depi w parèt yonn nan yo : Le flûtiste, yon reyalizasyon Dumas Jean-Joseph raie w kankou yon leman. M ap swete pou menm si nou pa ta ka wè pyès sa a ak je nou pou nou ta jwenn pôtre 1 yon jou. N ava sonje mwen te di nou sa. N ap kontan. Dumas Jean-Joseph nan yon

Propos

de l'artiste ki

parèt

dèyè

yon

chelèn

repwodiksyon yonn nan tablo 1 yo, Transmutation, ekri ; « Ma démarche essentielle vise l'expression ... » Li pa manti! Jwè flit li a la kom temwen. Zanmi kiben yo resevwa m Kout pase nan ekspozisyon an sete yon vizit doktè. Mwen regrèt sa. Men, pa te gen mwayen rete. M remèsye sè ak frè matinikè yo. M file. Freddy^p tann mwen devan mize a. Mwen te rankontre Maide avèk Gloria depi premye jou m

rive Santiago a. Tout yon gwoup ti jèn fi kibèn te

rasanble pou gade bann rara a. Nou te konmanse pale avèk yo. Yo te fè n santi nou rive nan yon peyi kote moun renmen moun. Mèkredi ki te 6 jiye a m te pase wè yo paske yo rete près anfas ak Casa del Caribe a. Yo te fè m

Max Manigat

55

antre lakay yo, prezante m bay manman Estela, ki konn di de mo franse, avèk y on pakèt lot fanmi k ap viv nan menm kay avèk yo. Toujou afè tan an. M te pwomèt pou mwen tounen vandredi. Sa vie di jodi a. Lè m rive tout moun te la ap tann mwen. Nou chita, nou fè gran pale. Kontan wè serye! Men menm madichon tan k ap plede kouri a deyè m toujou. Li déjà lè. Fok mwen leve. Mwen gen randevou sou plaj la. Abrazos! N ap kenbe kontak. Bô plaj la Kôm mwen te rete dèyè pou al vizite ekspozisyon an ak al wè fanmi kiben an, m te pèdi okazyon otobis la. Se yon zanmi ti medam yo ki gen yon ti oto Lada ki te mennen m nan plaj la. De ti demwazèl yo te pwofîte pran woulib la tou pou al fè yon flann. Rès gwoup Ayisyen ak Ameriken ki te nan menm otèl avèk nou an te déjà konmanse ap pran plezi yo bô lanmè a. M gen tan rive, manje yon lunch siperyè, fè de bras nan yon lanmè ki cho kankou lanmè Ayiti epi anbake nan Lada a pou rantre nan otèl la. Lè a ap mâche. Otèl Balcon Del Caribe Li te 5 è ak tiyon lô nou rive. Lè a tounen yon djèt. Mwen retire mont brasle m pou m pa pran twôp presyon ; men m konnen lè a pa nan rans. L ap kouri. Monte pran yon douch. Desann brid sou kou al jwenn 2 zanmi kiben yo m te envite pran yon byè avè m bô pisin nan. Solèy la gen tan ap kouche. Se jodi a menm pou yon aksidan

Patamouch !

56

twouve rive. Yonn nan zanmi nan menm gwoup nou a foule yon pye 1. Se mennen lopital. Chans pou J. anyen pa kase men doktè a mete pye a nan plat. Gwo chans! Manje pare nan kafeterya a. Se pou nou di zanmi kiben yo goudbay. Ti dlo ap pèse bô je yo. Vaya con Dios Max! Gracias!

Mèsi anpil! Pawôl chante Zanmi an nan tèt

mwen toujou : « Zanmi yo mwen renmen nou. » Pandan n ap manje a yon gwoup Kiben ayisyen vin parèt. Yo chita ap tann nou. Siye bouch vit vit pou n al jwenn yo. Yo di yo vin pase nuit la avèk nou paske nou pral rete anpil tan san nou pa wè. Adrès ap chanje men menm si nou konnen lapôs pa fasil ant Etazini ak Kiba. Erezman, memwa nou la pou kenbe kantite bon souvni n ap pote avèk nou avèk sa n ap kite dèyè tou. Nou ta renmen fè entèvyou ak anpil nan zanmi yo pou fè Ayisyen isit tande kouman desandan vyewo yo rete natif natal, kouman yo reponn kesyon nou yo tenkantenk avèk yon ti aksen kiben ki fè kreyôl la chante kankou yon ti van fre k ap pase nan fèy pyebwa. Men nan prese prese, menm si pawol entèvyou a te pale, nan emosyon dènye nuit ansanm sa a, pèsonn pa te sonje al chèche yon teprikôdè. Lè a ap mâche. L ap ta. Anpil nan yo la. Adrian, Niurka, Rosa, Félix, Celina, Rosita, Rafaël, Irina, elatriye. Nou ta pito rete avèk yo. Nou pa kapab. Yo ta renmen nou rete tou. Petèt yon lot

Max Manigat

57

fwa. Nou pale, nou pale. N aprann gen plis pase yon milyon Kiben Ayisyen. Yo toupatou nan peyi a men se Oriente a ki bay plis. Nou tande nouvèl Asosyasyon an, koral la, nou kontan konnen jouk ti katkat ap aprann pale kreyol, ap kenbe lizay pèp ayisyen toutbon an. Se regretan nou dwe pati. Nou kontinye ap pale. Lè a ap mâche. Yon kabicha ap kale m. Lè a ap mâche. M monte al lonje ko a. An van m bat je, telefôn ki sou tab denui nan chanm nou an sonnen. Li 3 è dimaten. Se leve, benyen rapid, desann malèt. nou pare pou dérapé. Gwagwa a parèt. Gustave sou volan, fèm kou laretrèt. Anbake malèt. Abrazos^di bôrisit, bo de bô pa bôlôtbô. Anpil je wouj ! Pot otobis la fèmen. Nou tout nou la. Gustave peze gazolin. N ale. Adies amiges ! 7. Babay Santiago! (samdiS jiye 1994) Pi fo katye Santiage yo ap dômi. Men hmyè anpil kay limen. Nou travèse vil la. Yon ti moman konsa nou déjà sou gran wout. Babay Santiage ! Babay ! M ap sonje yon chante kanaval lè mwen te jenn bway : « Ale m a prale / Ala yon ale ki rèd ...» Nou 2 èd tan edmi n ap rive Helguin kote nou te debake a. La n a pran avyon pou Puerte Plata, Repiblik Dominikèn, epi pou Mirabel. Yon senmenn nan pase kankou yon flonn. Katôzyèm Fèstival Kiltirèl Karayib la

58

Patamouch !

sete sa nèt. Gwagwa a ap file. N ap fè lide Kenzyèm Fèstival la yo mete pou lanne 1995 la. Santiago nou pare pou vin wè w ankô. Babay ! Ago! Pou envite dezagreman, se inisyal non anpil patisipan nan Fèstival la, k ap viv Etazini, mwen bay.

Nan fouye nan vye papye 1. Jako tôlokotôk 2. Yon powèm Jean-Claude Garoute (Tiga) 3. De womans nan tan lakoloni 4. Discours du Président Salomon en créole 5. Yon nimewo espesyal revi OPTIQUE sou lang kreyol

1. JACOT TOLO COLTOd JAKO TOLOKOTO Èske nou konnen chante popilè Jako tàlàkàtà a se yonn nan pi ansyen lakay nou epi li genyen yon valè istorik? Se konsa Constantin Dumervé ote: ''Histoire de la musique en Haïti”dL konmanse chapit 8 Hv li a*. Men jan mwen entèprete sa ekriven an rakonte a. Se Défilé Lafôl ki konpoze 1. Défilé te « vivandyè » pandan lagè endepandans nou a. Fanm tankou 1 yo se te fanm vanyan ki t ap viv avèk solda yo pandan batay, pou kuit manje pou yo. Konsa, kote lame te pase medam sa yo te suiv li. Yo di manmzèl te konnen renmèd fèy tou pou swenyen solda blese yo. Yon j ou swa, âpre yon batay, nègès total sa a ki pa te janm fatige, t ap tann 2 pitit gason 1 avèk twa frè 1 ki te nan rejiman an. Kote yo te ye? Yo te pati ale nan yon banbôch ki t ap kaye nan Doko, yon kote Iwen sou tèt yon mon byen wo. Se la nèg mawon yo te pran abitid fete pou malveyan pa te vin deranje yo. Pandan kalennda a te cho, yon gwoup sanginè Jal Wochanbo {Rochambeau) te voye ansèkle yo epi touye yo tout. Lè nouvèl la rive. Défilé pantan. Li pete rele epi tèt la pati menm lè a. Sa pa anpeche 1 kontinye suiv lame a pi rèd. Ti lide 1 te di 1 fôk yon jou nou kraze asasen franse yo pou nou vin endepandan.

Max Manîgat

61

Kou solda yo te rete pou pran yon kanpo, Défilé te rete tou. Men, voup! li te leve kanpe. Avèk yon bâton long li te toujou kenbe, li konmande : défilé, défilé. Gason ki te bata faya kanpe pou yo mâche. Se konsa non an rete pou li : Défilé. Apre lendepandans, li toujou pye pou pye dèyè DesaHn ki te renmen 1 anpil, kankou pitit li. Kote lanperè pase, H te la. 17 oktôb 1806, li te Pon Wouj. Lè Desalin tonbe, yon foui moun plonje sou kadav la pou yo dechèpiye 1. Défilé djayi. Li vin mete ajenou bô kote ko a. Li degaje 1, li mete tèt papa endepandans nou an nan yon sak. L ap tribile pou pote 1. Yon lot malere, Dofen {Dauphin), tèt li pa te bon tou, parèt pou ride li. Pandan tan sa a, Jal Alèksann Petyon {Alexandre Pétioii) voye yon eskwad pou sezi kadav la. Yon branka pare pop pop. Eskwad la pati pou yon ti simityè ki te kote yo vin bâti leghz Sent An lan. Défilé suiv yo. Se la yo lage mô a nan yon fôs san make. Kèk jou âpre. Défilé ale rete ri Lasnal pou li te pi pre kote yo te antere zanmi 1 la. Chak maten, h te nan simityè a. Ajenou de van tonm nan, li te bo 1 twa fwa. Dlo nan je, figi defèt, li mete tout zôn nan an mouvman avèk chante 1 sa a ;

Patamoiich !

62

Jako tàllàkàtôk Ti y an Jako, Jako tàl làkôtàk Ti y an Yo touye Desalin Ti y an Yo koupe tèt a li Ti y an Yo lage llan lari Ti y an Desalin papa mwen Ti y an Mwen pa p Janm bliye w Ti y an. Défilé te bay Jan Jak Desalin tinon : Jako. *

E. Contantin E. M. Dumervé : Histoire de la musique en Haïti

1968, pp.301-304

2. Yon powem Jean-Claude Garoute{Yiga) nan revi OptiqueIAo. 35 : Janvier - mars 1957, paj 61. Atis Jean-Claude Garoute, Tiga,;nan Miyami senmenn sa a pou ekspozition zèv li nan Gain Nader. Mwen ta renmen ofri 1 yon powèm li te ekri nan bouk Moron nan

Max Manigat

63

inwa out 1956. Mwen transkri 1 nan ôtograf ofisyèl la pou tout moun kapab li 1. Tiga, eske w sonje 1 ? Li rele : LAVI DWÔL ! Ti madanm nan pase Li pase Moron Li pase sou yon chwal chaje kafe Pou 1 al plante nan bon frechè Li pase fyè, kontan Konmsi kafe a t ap leve menm jou a LAVI DWÔL !

Li monte, li monte 1 ale nèt ; M pa wè 1 ankô. Apre de jou li repase, Li repase pi fyè pi kontan Tout bèl ti dan 1 yo deyô, Konmsi 11 ap retounen ak kafe rekôlte A LAVI DWOL ! Lô w sonje tout tan kafe pran Pou 1 leve, pou 1 grandi, pou 1 donnen ; Lô w rete ou sonje mezanmi ! Lô w rete ou sonje ! Tout timoun k ap gen tan fèt. Tout moun k ap gen tan mouri.

Patamouch !

64

E menm ti madanm nan Kab pa janm wè kafe a ... LaVIDWÔL ! (Moron, out 1956)

3. De womans nan tan lakoloni Lisette quitté la plaine{\) se yonn nan chante depi nan tan lakoloni non konnen yo. Ekriven yo(2) ki fè rechèch sou ansyen kreyôl toujou repwodi li nan liv yo. Men mwen pa sonje mwen janm wè 2 chante sa yo mwen pral transkri la a. Mwen jwenn yo nan paj 315-316 ak 317 liv Piyè de Vesyè {Pierre de Vaissière) la ki rele « SaintDomingue {1629-1789). La société et la vie créoles sous l’ancien régime >•> Paris, 1909. Otè a di non pa te manke womans konsa nan Sen Domeng : « Ces chansons sont innombrables, et presque toutes célèbrent l’amour sur un mode tendre et sentimental. » Li ha non twa ekzanp : yon ti kout ki retrase « la rencontre de l’objet aimé » ki pati konsa : Si to rencontre la belle To va fairzyé doux ba li

Si w rankontre labèl va fè zye don ba h.

Plis to trouvé li belle,

Plis ou twouve li bèl,

LLé ! bin, to n ’a qu ’à prend li,

Enben! Ou nèk pran li.

Taille a li semblégaulette.

Tay a li sanble golèt,

Max Manigat

65

Visage H sanble moineau.

Vizaj li sanble mwano.

A vio pendant d’oreilles d’o...

Avyo pandan dorèy dô (zanno lô)... (3)

Dezyèm nan se « Lisette quitté la plaine » nou déjà konnen déjà. Twazyèm nan se« Quand cher Zami moin » : Quand cher Zami moin va rivé,

Kan chè Zanmi mwen

va rivé,

va rive, va rive

Mon va fairli tout plein caresse.

Mon va fè li tou plen karès.

Ah ! plaisir là nous va goûté ;

A ! plezi la nou va goûte ;

C’est plaisir qui douré sans cesse.

Se plezi ki dire sansès.

Mais toujours tard (bis)

Men toujou ta (bis)

Hélas ! Hélas !

Elas ! Elas !

Cher Zami moin pa vlé rivé ! (bis)

Chè Zanmi mwen pa vie rive ! (bis)

Tan pui Zozo n ’a pas chanté

Tan depi Zwazo pa chante

Pendant quior à moin dans la

Pandan kè

peine, Men gnon fois Zanmi moin rivé

nan lapenn,

a mwen

Men yon fwa Zanmi mwen rive

Chantez, chantez tant comme

Chante, chante tankou

Patamouch !

66

syrène

sirèn

Mais, mais, paix bouche ! (bis)

Men, men, pe bouch ! (bis)

Hélas ! Hélas !

Elas ! Elas !

Cher Zami moin pa hélé

Chè Zanmi mwen pa

moin ! (bis)

rele mwen ! (bis)

Si Zami m wen pas vlé rivé.

Si Zanmi mwen pa vie rive,

Bientôt mon va mouri tritesse.

Byento mwen va mouri tristès.

Ah ! quior à H pas doé blié

A ! kè a li pa dwe bliye

Lisa la li hélé maîtresse.

Liza la li rele métrés.

Mais qui nouvelle ! (bis)

Men ki nouvèl ! {bis)

Hélas ! Hélas !

Elas ! Elas !

Cher Zami moin pan cor rivé !

Chè

(bis)

pankô rive ! (bis)

Comment vous quitté moin

Kouman ou kite mwen

comme çà !

konsa !

Songe Zanmi ! N’a point tant

Sonje Zanmi! Nan-

comme moin

pwen tankou mwen

Femme qui jolie ! (bis)

Fanm ki joli I (bis)

Si conné moin, gagné tout plein

Si konnen mwen,

talents qui doux.

ganyen tou plen talan

Zanmi

mwen

ki dou. Si la vous va, prend U ; palé bon

Sila ou va, pran li ;

pour vous.

pale bon pou ou.

67

Max Manigat

Vous va regretté moin toujous ! Ou va regrete mwen toujou ! (3) XXX

Mwen prezante vèsyon ansyen kreyôl la lô li te makônen avèk franse

a enpi mwen vini avèk yon

adaptasyon nan kreyôl modèn nan. Se pa sèlman ôtograf la mwen chanje. Mwen chèche bay chante yo sans yo ta ganyen jodi a. Nou kwè chante sa yo fè sans pou nou menm si sèten kote mal pou nou konprann. N ap remake se kreyôl jan yo pale 1 nan Nô jouk kounyè a : « quior à moin / kè a mwen ». Sete epôk kote « to » te pwonon pèsonèl sije dezyèm pèsonn sengilye. Anpil mo nan vokabilè a chanje : « gaulette / golèt ; moineau / mwano ; avio / avyo\ pendant d’oreilles d’o / pandan dorèy dô ». Si « golèt » se yon « ti gôl » ; « pandan dorèy d’à » se t ava « zanno lô » ; mwen pa kwè « mwano » ak « avyo » rete toujou kôm mo nou anplwaye chak jou. Konsa tou, nan dènye estwôf « Quand cher Zami moin » nan anvan dènye vè a, nou pa fin wè sa h vie di : « Si la vous va, prend li;palé bon pour vous. / Si la ou va, pran H, palé bon pou ou. » Eske se pa ta : « Si kote w prale, ou pran h, pale va bon pou ou » ? XXX

Patamouch !

68

Nan tan manman m te jennfi tout ti demwazèl te ganyen yon kaye womans. Fonograf avèk radyo te vin fini ak sa. Èske womans lakoloni yo te nan kaye sa yo ? Dènye bèl medàm yo, ki te jenn gengenn nan konmansman ventyèm syèk la, ta kapab sonje sa. (1) MOREAU DE SAINT-MÉRY : Description ... de la partie française de ... Saint-Domingue, 1797,1.1, p. 65-66. (2) BAJEUX

Jean-Claude: Mosochwazi ... Anthologie de la

littéature créole..., 1999, 449p. (2) CHARLES Christophe Ph. : Pawàlkreyàl ... La littérature haïtienne d’expression créole, 2000, 229p. ill. (3) MOREAU DE SAINT-MÉRY : Notes historiques ..., p. 4950 et 21-22.

4. Discours du President Salomon en creole ( OP-HEY H. : De Missie van Haiti, deparel derAntilen. 1932, p. 130-131)

M ap kontinye fouye nan vye papye pou mwen detere tèks kreyôl anpil nan nou pa konnen. Se menm teknik la m ap suiv : bay moso a jan li te ekri nan epôk la epi transkri 1 nan ôtograf ofisyèl la pou moun ki li kreyôl sèlman kapab apresye 1 tou. K

Pè H. Op-Hey, yon misyonnè monfôten olande, ki te kire Mol Sen-Nikola, te rete an Ayiti soti 1911 pou rive 1928. Li ekri plizyè liv sou peyi nou an. Nan De Missie van

Max Manigat

69

Haiti a li rapôte yon diskou Prezidan Salomon (18791888). Men jan Pè Op-HeyhdLj diskou a : « Zami, Moin apé palé créole, pou zaut’ comprend moin bien. Bon Dié té voyé Jésus-Christ sous la tè pou fait toutes mounes di bien. Eh bien ! malgré tou sa li té fait, li té trouvé mounes pou haï li, jouq’ yo crucifié li ? Oui papa. (1) Eh bien! toutes mounes qui vini pou fait du bien yo haï yo. Ou pa ouè comment yo haï moin ? Tout ça moin

fait pas bon, yo dit. Si

moin gagné yon seul jou, dé jou, pou moin vive, cé pou ou moin va travail. Moin baiU zauf la paix, moin fait ça moin kapab! Depuis moin Président

est-ce

que

zaut’

pas

travail

tranquillement ? Oui papa, oui président. ( 1 ) -

Est-ce que zaut’pas gagnin la paix passé sous zauf gouvernements ?

-

Oui, oui, papa.{l)

-

Est-ce que ou vlé moin rété nanplace là ? Oui, papa. (1) Est-ce que ou va pitôt yon laut passé moin ?

-

Non, nous va mété ou nan soleil. ( 1 ) (2)

Patamoiich !

70

-

Eh bien ! ou ouè gangnin mounes qui palé, qui écrit, qui trouvé, moin fait mal payé employés yo chaque mois. Si yo mété mounes ci la la yo, est-ce que ou crouais yo va fait mieux passé moin avec ministres moin yo ? Non, papa ; nou pitôt ou. (\ )

-

Eh bien ! moin va rété, et pi moin va mouri pou peuple moin. Car zauf toutes cépitites moin. »

(1) Cris du peuple (2) nous va mété ou nan soleil = nous vous favoriserons Men jan mwen mete 1 nan kreyôl jodi a : Yon diskou Prezidan Salomon an kreyôl “Zanmi, Mwen ape pale kreyôl pou zôt konprann mwen byen. Bon Dye te voye Jezi Kri sou latè pou fè tout moun dibyen. Ebyen ! maigre tou sa li te fè, li te twouve moun pou rayi li jouk yo krisifye li ? -

Wi papa.(l) Ebyen! tout moun.ki vini pou fè dibyen yo rayi yo. Ou pa wè konman yo rayi mwen ? Tou sa mwen fè pa bon, yo di. Si mwen ganyen yon sèl jou, de jou, pou mwen viv,, se'pou ou mwen va travay. Mwen bay zôt lapé, mwen fè sa mwen kapab! Depi mwen Prezidan eske zôt pa travay trankilman?

Max Manigat

71

Wi papa, wi prezidan.(l) Eske

zôt

pa

ganyen

lapé

pase

sou

zôt

gouvènman ? -

Wi, wi, papa.(l) Eske w vie mwen rete nan plas la ? Wi, papa.(l) Eske w va pito yon lot pase mwen ? Non, nou va mete w nan solèy.(l) (2) Ebyen ! ou wè ganyen moun ki pale, ki ekri, ki twouve, mwen fè mal peye anplwaye yo chak mwa. Si yo mete moun sila la yo, eske w kwè yo va fè mye pase mwen avèk minis mwen yo ? Non, papa ; nou pito w.(l) Ebyen ! mwen va rete, epi mwen va mouri pou pèp mwen. Paske zôt tou se pitit mwen. »

(1) Rèlpèpla (2) N a ride w *

5. Yon nimewo espesyal revi Optique sou lang KREYOL {No. 5 : juillet \97>47) Sa fè karantuit tan depi revi Optique ki t ap parèt Ptoprens te soti ak yon nimewo sou lang kreyol. Men sa li te ganyen ladan 1 :

Patamoiich !

72

Pourquoi un numéro créole ?

p. 17

Edith Efron

p. 19

: Le créole contre le français

Lucien Daumec : Odyssée d’une langue

p. 37

Table ronde ; Le créole et la loi

p. 41

Morisseau Leroy : Pourquoi ils écrivent en créole

p. 48

Herbert Gold : ...et pourquoi nous les traduirons

p. 59

Pépé Blin vil : Nuit ’ nan mascaron

p. 63

Émile Roumer : Black and White

p. 65

Émile Roumer : A ve Maria.

p. 65

Eranck Eouché : Jou va jou vien.

p. 67

Joseph Katifrè \ CréatiBondié

p. 69

Marco Dépestre : Sipèp moin té konnin

p. 70

Aldus Philibert : Plume au vent

p. 72

Milo Rigaud : Zèpes

p. 73

Milo LUgaud : Bande méringue ac bande mascarons

p. 74

Carlo Pressoir. Chi-ni

p. 76

Morisseau Leroy. Anatole

p. 78

Livres : E. C. Paul : Culture, langue, littérature

p. 82

F. Dostoievsky : Lettre d’Ems. Allemagne, 1876

p. 85

XXX

Li ta bon pou moun yo ki enterese nan etidye kreyôl ayisyen ta li anpil nan atik franse yo.Yonn nan yo Lettre K

dEms soti anba plim gran ekriven ris Fyodor Dostoievsky (1820-1881) ki t ap diskite yon pwoblèm Ayisyen konnen byen : yon « lelit » ki pale yon lang etranje ak yon pèp ki pale lang nasyonal li. Nan tan sa a, lelit ris la te pito pale

Max Manigat

73

franse pase li te pale ris, lang pèp la. Ala rezon moun ki konnen labib yo dwe bay Leklezyas ki te deklare ; « Sa ki rive jodi a te rive déjà, e sa ki pral rive te rive déjà ... » 3 : 15. Men se enpe bèl powèm ki parèt nan nimewo sa a nou ta renmen mete nan otograf ofisyèl la pou zanmi nou yo k ap chèche bon lekti nan lang yo a. N ap konmanse ak pa PépéBlinvilldi ki rele ; Nuit’NAN MASCARON O combé Mabial A pié cambrai Combé Chal-Oska A pié baka é bab ponya pati contan nan mascaron

Nuit nan maskawon

é rétounin déranché O bip bap bidip bidip bap dada coud baca enragé yo

O konbe Mabyal A pye kanbral Konbe Chalôska A pye baka e bab ponya pati kontan nan maskawon e retounen deranche O bip bap bidip bidip bap dada kout baka anraje yo.

Combélan nuit’ Sans la line, sans zétoual sans sink kob nan poch yo

Konbe lannuit san lalin, san zetwal san senk kôb nan pôch

sans zikak nan vant’yo

yo san zikak nan vant yo

Patamouch !

74

lécé vié kaill paillyo

lese vye kay pay yo

tou koulé pîin gouttiè

tou koule plen goutyè

pou yo coud dèyè

pou yo kouri déyè

band’ mascaron

bann maskawon

Kit’ yo tounin la kaill yo

Kit yo tounen lakay yo

avek oun gé véron.

Avèk on je vewon.

Comté an ba pla piéyo

Konbe, anba pla pye yo

toutplin chik

tou plen chik

cof lèstonmac yo

kôf lèstonmak yo

plin taûa, dans y o

plen tafya, dan yo

plin nicotine

plen nikotin

al dévicé nn yo

al devise ren yo

O bip bap, bidip

o bip bap, bidip

bidip, bap, dada

bidip, bap, dada

coût’ baca andiabléyo.

kout baka andyable yo.

Gaga, ébété

Gaga, enbete

titiban, zigzagan

titiban(l), zigzagan (2)

y O pran chimin kaill y o

yo pran chimen kay yo K

jouk douvan jou,

jouk douvan jou,

kan ti moun yo

kan timoun yo

tou grangou

tou grangou

kommancé cné

konmanse kriye

Max Manigat

75

pou pin ak café.

Pou peu ak kafe.

Powèm sa a resevwa pri, 25 dola a, revi Optique te ofri pou sa ki te pran premye plas nan konkou pwezi kreyôl li te ôganize a. Nan yon ti nôt anba paj 64 la, Optique deklare: “ ... si nou pankô resi dekouvri ki moun Jacques Lenoirye ... nou kwè

nou

rive

jwenn

bon

non

Pépé.

Se

Lys

Dartiguenave. »(3) Ala ri, zanmi nou Pôl Larak {Paul Laraque) dwe ri lè 1 ap reli ti nôt sa a. (1) titiban = ap mâche prêt pou tonbe (2) zigzagan = ap mâche an zigzag (3) rezime kreyôl nôt la ki ekri an franse

h

I %

»

J

‘.

A

1 Ç

;r »

^ ‘i J(fW

*-

»»,iii

■i. f »/,



J

'

' k

/

\ k

»

l'i

*ji

>

«A'

4 ^

.* 'J


:

yon dal ransèyman prezante ak disiplin ;

ekri nanyon estil klè ; boure ak bèt ki enstrui lektè a. Se premye fwa travay ansiklopedik sa a fèt; mwen wè li kankou yon modèl ki ta kapab sévi pou yon : « Ansiklopedi Vodou Ayisyen* ». * Sou afè ansiklopedi a, li ta posib pou nou pran inisyativ la. Pa ekzanp, nou ta kapab mande KOSANBA (Kongrè Sannta Barbara) pou li anchaje pwojè a, pou li reyini yon gwoup vodoulog pou travay sou plan an.

Patamouch !

162

e)

GLOSE

a nan nenm liy avèk tèks liv la : kout ; chaje

presizyon ; enstritif. f)

BiBLiYOGRAFi

a montre anpil liv pou sa ki vie pouse

etid yo sou sije a pi Iwen. XXX

Kounyè a, kite m di nou sa ki frape m nan liv la epi poukisa mwen kwè li se yon chichin pou nou mete kote tout gran dokiman, n ap jwenn nou bibliografi a, ki déjà ekri sou vodou avèk respè li mérité. Anvan m al pi Iwen, nou menm ki reyini la a, se pa nan yon rasanbleman zidolyen nou te vini. Nou konprann chak pèp ganyen fôm pa yo pou yo réglé koze espirityèl pa yo. Lè m te vizite yon sinagôg a Wôm {Rome), m’sven te mete bîni a nan tèt mwen ; lè m te antre nan pi gran moske nan vil Kè {Caire) kapital Ejip, mwen te retire soulye mwen. Konsa lè m antre anba yon peristil, mwen fèt pou chita epi gade, tande, obsève. Atitid ki vie vodou se adore djab la gan sous li yon kote. Annou eseye konprann yon fenonèm yo vie fè nou vale ki ta rele akiltirasyon : men ki vin tounen sa sosyolôg jodi a rele etnosid. Sa akiltirasyon ye ? Koumari ^syolôg yo defini li ? Eske gan akitirasyon ki posib sou platasyon lakoloni an ?

Max Manigat

163

Sa nou wè : 2 gwoup yo pa égal ego. Yonn santi li .siperye ; se li ki ganyen monopôl sivilizasyon an. Nou aprann, nou répété, anpil nan nou, jouk jounen jodi : Afriken pa pale lang se dyalèk, yo pa gan relijyon se sipèstisyon, yo pa bèl yo lèd, yo pa suiv lalwa lakay yo se koutim tribal, anfen, anfen. Mande nou sa dyalèk la ye, sa relijyon an ye, poukisa Black pa ka beautifal, ki diferans ganyen ant lalwa ekri ak koutin tribal ki pa ekri a ? Nou rete bèkèkè. Nou kole ak sa yo te montre nou an san nou pa kesyonnen b. Nou kankou jako rèpèt. Konprann byen, sou plantasyon an, anpil istoryen konpare avèk yon kan konsantrasyon, se yon sèl kôk ki chante : se Elan an. Wou se Afriken, pe djôl ou (respè) pou aprann vin moun. Nou antre nan dikotomi : Elan bon / A.friken move ; Elan sivilize / Afriken sovaj. Pou vin sivilize se pou jete tout sovajri Afrik yo. Se sa ki rele adopte / rejete. Tout tan ou pa fin netwaye sèvo w pou klin li pou li pa ganyen anyen afriken ladan 1, ou toujou rete sovaj toujou. Mèt bitasyon ak mèt esklav yo te kalkile kouman pou yo te kontwole kantite Afriken yo, sou plantasyon an : maspinen ; divize pou renyen ; rasyonnen manje ; kadejak. Men tout mannèv sa yo pa t ap delala zansèt nou yo si yo pat mete sou li sa yo te konn rele lontan : jenosid kitirèl, ki vin pran yon lot non etnosid. Men nan ki twa wa nou pran la a. Liv Nancy Férère là Vèvè. L’Art rituel du Vodou

Patamoiich !

164

haïtien an vin ban non biskayen pou nou kontinye defann tèt nou lè bal fizi nou ta fini. Annou kite kantik ... XXX

Lè m devan yon vèvè kat kesyon vin nan tèt m'wen. Twa premye yo mwen pa p devlope yo. Se katriyèm nan ki enterese nou jodi a : 1) Premye a ki ta mistik : ki plas vèvè okipe nan devlôpman

seremoni

a?

Eske

san

vèvè

pa

ganyen

seremoni? Eske Iwa a fâche si 1 pa wè vèvè 1 oswa si vèvè a mal trase? 2) Dezyèm nan ki ta rityèl : eske tout tan vèvè li poko trase yon Iwa pa p parèt ? Eske gan Iwa ki pa mérité vèvè ? Ki enpôtans vèvè a ganyen nan bon devlôpman seremoni a. 3) Twazyèm nan ki ta etnolojik ; ki orijin vèvè yo ; ki moun ki gan dwa bay fôm desen an ; ki otorite ki te vini avèk li premye fwa ak poukisa li te chwazi liy sa a, koub sa a pito yon lot ? 4)

Katriyèm nan ki ta atistik. Se la vèvè dekoratif

Nancy y O vin enstrui nou sou yon kantite bagay nou pa te konnen. Montre vèvè Agwe (paj 34), Ayizan (paj 38), Granbwa (paj 58), Zaka (paj 94), mwen ta rele vèvè K

deskriptif. Anpil nan vèvè yo konn ban nou yon lide kankou lè nou wè yon kè, yon beki, yon ponya men yo gan lot eleman ki pi difisil pou èsplike.

Max Manigat

165

Konsa, nou wè ganyen yon diferans ant vèvè fîgiratif . ak vèvè abstrè. Abstrè sa a m ap pale a, sanble ak Fart abstrait: « vision

... projection du monde intérieur et de la

imaginaire

de F artiste

...»

{Larousse)

ki

te

konmanse ap parèt an Ewôp nan konmansman ventyèm syèl la. Men lemonn eksteryè sa a, se yon lemonn mistik kote mèt vèvè a ap chèche kominike avèk espri a ; an menm tan tou 1 ap andjoze 1 pou li desann sou latè vin koze, vin patisipe nan lavi kwayan yo. Nan vèvè sa a, liy, sèk, koub yo la devan zye nou ; nou wè yo men yo ganyen yon siyifikasyon mistik moun ki pa inisye pa kapab ranmase. Nou konnen tou vèvè dekoratif se li moun gan dwa mete nan liv atistik, nan bwodri, nan desen. Lot kalite a nou ta rele vèvè rityèl la se anba peristil ase yo gan dwa trase 1. Yon lot kesyon sou menm raie a : eske atis la gan dwa chanje vèvè a jan lide di 1 ? Èske yon atis gan dwa kreye yon vèvè dekoratif? Montre vèvè EzUi Freda (paj 53) Nancy entèprete a. Mwen ta reponn : Wi ! Pou kore répons mwen an, tande : « De tout temps, peintres et sculpteurs ont connu et utilisé le pouvoir que possèdent les lignes, les volumes, les couleurs de constituer des ensembles ordonnés, capables d’agir par eux-mêmes sur la sensibilité et la pensée. Mais

Patamouch !

166

ils n ’estimaientpas possible de dissocier ce pouvoir dune représentation plus ou moins ressemblante du monde visible...» ibid {Larousse) XXX

Liv Nancy

ap sévi pou fè wè bèlte aspè dekoratif vèvè

yo ki, kankou m sot di a, plis pase bèl penti. Men, bèl penti montre respè pou kwayans avèk lizay kilti majorité pèp ayisyen anpil moun ap gade kankou sipèstisyon. Fôk ou ganyen refleksyon nan tèt ou pou konprann « dèyè mon gan mon ». Mwen swete pou Vèvè, l’art rituel du vodou haïtien fè yon chemen ki long nan prezante sa nou ganyen ki natif natal epi ki bèl tou. Mwen swete anplis pou konpatriyôt nou yo k ap wete trip mete pay yo pran bèl liv sila pou yo gade epi pou yo réfléchi sou sa ki kina yo tout bon vre. Pou pa kite zôt jwe nou tèt yo. Mèsi anpil !

XI Afriken Ameriken ak Ayisyen 1. Èske Jan-Batis Pwent Disab te ayisyen? 2. Afriken Ameriken avèk Ayisyen se gouden dis ak trantsenk 3. Emigrasyon Afriken Ameriken an Ayiti

1. Eske Jan Bâtis Pwent Disab te ayisyen? Chak ane pou mwa afriken ameriken, konpatriyôt nou yo ap voye monte kèk non moun yo ta renmen rele Ayisyen. Mwen konprann fyète yo mem se pa sa nou renmen ki laverite. Anpil non nonmen, menm pa yon Franse ki fèt Okay epi ki te vin natiralize ameriken, JanJak Odibon {Jean-Jacques Auduboii). Kesyon nasyonalite yon moun se pa ni deklarasyon anbasadè, ni majistra Chikago,

ni

ofîsyèl etranje ki

detèmine sa : se lalwa. Anvan 1804, nan koloni franse Sen Domeng

nan

sete

Kôd

Nwa

{Code

Noi^ ;

âpre

lendepandans nou an Ayiti, se konstitisyon nou yo. Pèsonn moun lot pa kapab chanje sa. Nou ta byen kontan pou nou ta konnen zansèt nou yo ki te goumen Savana yo te ayisyen ; pou Jan-Batis Pwent Disab te ayisyen, men donmaj se pa sa. Pou rezon santimantal nou mèt kontinye répété sa men kou diskisyon an monte sou teren legal la, santiman se kôk kazwèl. Men yon ti nôt mwen te Voye bay zanmi, frè Koukouy mwen, Jan Mapou, an fevriye 1997.

XXX

Depi premye fwa ou te pale de Jean-Baptiste Pointe du Sable (1) (Jan Bâtis Pwent Disab) nan yon atik, kote ou te

Max Manigat

169

di msye sete ayisyen li te ye, mwen te anvi voye de mo ba -ou pou bay opinyon pa mwen sou kesyon sa a. Nan atik senmenn sa a (mekredi 19 fevriye 1997, paj 19) ou ekri: « Se konsa vil Chikago te demare. Grasa yon Ayisyen (milat), yon botpipol, yon natif natal... » Mwen

kwè

genyen

yon

ti

konfizyon

sou

afè

nasyonalite Pwent Disab la mwen ta renmen eklèsi pou lektè « Tigout pa Tigout » yo. Li fèt Sen Domeng, pitit yon kolon franse ak yon fanm esklav. Nan tout bèl pati istwa ou devlope a ou pa janm fè nou konnen si papa ti bonnonm nan te afranchi li paske si li pa te fè sa Pwent Disab, menm si li pitit yon blan, t ap esklav. Se sa lalwa kolonyal la {Code Noii) te mande. Konsa, piske esklav yo pa te gen nasyonabte franse, ti bebe a ta pou pran nasyonalite manman 1 (menm si yo pa te nou tout bwôd sa yo avèk esklav yo) : afriken. Nou ta kapab sipoze papa a te rekonnèt ti gason an paske li te pote non li epi li te voye 1 lekôl an Frans. Men tou sa se sipozisyon tout tan nou poko jwenn dokiman ofîsyèl kote li te afranchi ti esklav la. Nan ka kote papa a te afranchi li, ti pitit la t ap gen nasyonalite franse. Atik 57 ak 59 Kôd Nwa {CodeNoir) te mande sa. Epitou, Pwent Disab pa ta kapab ayisyen lè li te konmanse fè konmès, an 1772, nan zôn nou rele Chikago

Patamouch !

170

kounyè a. Ayiti (1804) pa t poko ni prêt ni pretan pou siyen non li kôm peyi endepandan nan tan sa a. Kenbe rèd pa moli. il) Du Sable, Jean-Baptiste (? - 1818) pionneer, entrepreneur. The origins of Du Sable, the ûrst settler of the area of Chicago, IL. are unknown. He was of French and African descent, and his place of birth has been listed as Santo Domingo, Haiti and French Canada ... » Encyclopedia of Black America, edited by W. Augustus Low& VirgilA. Clift, 1981, p. 330.

2. Afriken AMERIKEN avèk Ayisyen SE GOUDENDIS AK 35 KÔB*

Sa toujou fè m tris pou wè kouman laplipa konpatriyôt mwen yo ap pèdi tan yo nan koze Ayisyen ki te fè sesi, Ayisyen ki te fè sela nan peyi isit anvan 1804. Yo pa janm chèche leve relasyon nou ganyen avèk pèp afriken ameriken an anlè. Anpil nan nou k ap viv anba drapo 50 etwal la, nou kwè se pake se frennchi nou ye, se paske nou pi bèl gason, pi bèl fanm pase tout moun nwa sou latè, se paske nou eklere ki fè nou kapab pran plas nou nan sosyete ameriken an. Sa se mantô ! Nou pa konnen osnon nou bliye se lit, se sakrifîs Afriken 'Ameriken yo, se mouvman dwa sivil la, se Martin Luther King, Malcom X, Medgar Evers, ak kantite lot ankô, se Black Panthers yo, menm si nou kapab pa dakô avèk politik yo ; se yo tout ki

Max Manigat

171

lakôz nou kapab leve tèt nou nan peyi sila la san mouche . blan pa mande nou dekilakyèl. Sa toujou fè m tris pou wè se sèlman nan inivèsite ak nan lekôl etidyan ayisyen yo gan chans pou yo tande kèk leson sou rezistans pèp afriken ameriken an. Anpil paran pa pi enterese pase sa pou montre pitit yo ; anpil pa okouran ; anpil mete pwovèb sa a devan : « Pikan nan men pa ban m tan pou wete sa k nan pye » konmkidire tèt chaje lavi nan peyi isit pa kite tan pou okipe tout bèl diskou sa yo. Mwen ganyen nouvèl pou yo ; y ap fè zewo. Yonn nan bagay mwen souliye nan liv mwen fèk pibliye

a:

Leaders

of Haiti

1804-2001.

Historical

OverView, se kouman istwa pa nou avèk pa sè ak frè afriken ameriken yo rankontre plizyè fwa. Si Jan Mapou kontinye ban m yon lôsyè ; âpre atik sa a, m a raie sou Monsenyè James Théodore Holly ki te pile tè peyi dAyiti, sa pral ganyen 150 tan, 31 jiye k ap vini a. Kèk senmenn pase, mwen te pibliye yon atik sou gran ekriven afriken ameriken Langston Hughes. Pou premye fwa denpi m ap ekri nou « Tigout pa Tigout » 2 kanmarad te tcheke m pou di mèsi. Kidonk, lapawoli a ap sikile dousman, dousman, men 1 ap sikile. Jodi a m ap pote yon moso nan yon konferans mwen te bay, jou premye janvye 2004, nan legliz Saint Mark, ki ganyen Pè Bazin kôm kire. Se yon asosyasyon moun Gonnayiv ki te mande zanmi m

Patamouch !

172

Edouard Legros pou te envite m. Mwen te pwofîte pale sou kôkenn soukous Etazini te santi dapre sa Revolisyon Ayisyen an te reprezante nan tèt sè ak frè afriken nou yo nan epôk esklavaj nan peyi isit. Men kouman m te pale : USA. Ane sa a fè 200 zan depi Napoleyon te vann Etazini teritwa Lwizyàn ki pa ti eta nou konnen jodi a men yon kantite tè ki kapab konte kankou 1/3 sipèfisi total U.S.A. kounyè a. Non Tousen Louvèti nommen kôm yonn nan moun ki responsab Lafrans te setoblije abandonnen tout tè sa yo. Mwen renmen jan Thornas Fleming

koze a :

« At least as important in the genesis of the great event [the Louisiana lAirchase] were the refusai of the black men and women of Santo Domingo [Saint-Domingue], Their refusai to resubmit to the humiliations of slavery was a crucial factor in upending Napoléon Bonaparte s grand design.» The Louisiana Purchase ; 2003, p. 184 Nan liv li a, American Negro Slave Revolts, 1943, LLerbert Apthekerixttpç. vente sou tanbou : «American

slaveholders

trembled for

their

own

security as they followed the tremendous revolutionary activity of the French West Lndian slaves - ki vie di Sen Domeng - in the 1790’s. And their alwaysprecarious sense of ease was further jeopardized by the appearances and

Max Manigat

173

taies of reûigees (from S. D.) arriving at Charleston, . Norfolk, Baltimore and Richmond. » p. 41 Laperèz sa a rete nan lespri pwopriyetè plantasyon ki mèt esklav yo sitèlman vre nou twouve yon lèt Thomas Jefferson ekri James Monroe, 14 jiye 1793, kote msye deklare li ganyen konviksyon tout zile nan West Indies la pral tonbe nan men moun dekoulè yo âpre yo fin chase blan yo, jodi osnon denmen. 23 desanm 1793 - sa fèk fè 200 zan- li ekri Gouvènè South Carolina a John Drayton pou mande 1 pou li rete veyatif paske 2 nèg Sen-Domeng : «■Castaing « a small dark mulatto» ak La Chaise « a Quarteron of a tall fine figure are about setting out from [Philadelphia] for Charleston with a design to excite an insurrection among the Negroes. » Aptheker. p. 42-43 Kè sote pou Lafrans - annou di Tousen Louvèti - pa sévi avèk lame H a pou vin libéré esklav yo nan Etazini ak nan koloni angle nan Karayib la - koloni li te tou bezwen okipe - te peze lou nan desizyon U.S.A. ak Langletè pou yo apiye Tousen. Nan mvv^a jen 1799, twa peyi sa yo - Tousen Louvèti ki t ap aji kankou Sen Domeng te yon eta endepandan - siyen yon konvansyon ki bay bato angle ak ameriken dwa pou fè konmès ak Sen Domeng, anplis pou Tousen pa kite okenn moun ki ta sanble yon danje pou 2 peyi esklavajis sa yo kite koloni franse a. {Aptheker: p. 43)

174

Patamouch !

Ou ta di sa k te pase an 1776 ta fè nouvo sitywayen Ameriken yo réfléchi sou « liberté, égalité» a. Bichi ! Yo te pè 2 mo sa yo kankou fizi 2 kou. Yo te pare pou resevwa refijye ki t ap vide sot Sen Domeng men yo te deside pou pa kite lide revolisyonè yo rantre lakay yo. Tout asanble législatif nan Sid la pase Iwa pou bride aktivite popilasyon nwa yo epi tou pou pa kite moun nwa ki sot Sen Domeng antre nan eta sa yo. Yo te kont tout ; « introduction of slaves into this country, or of the maroons, brigands and cut-throats from St. Domingo.» AUfed N. Hunt : Haiti’s Influence on Antebellum America, 1988 ; p.l07 Bagay la pa te rete la. Nan yon seri atik li te pibbye nan jounal Herald, Columbia S.C, pandan mwa ete 1794 yo, Alexander Garden, Jr. apiye pwopozisyon ki t ap diskite a « ... to expel from the State ail Negroes without exception that hâve within the last three years arrived here from the French West India Islands.» ibid. p. 111 Se tout bv pwofesè Hunt\à ki chaje avèk prèv kouman Revolisyon Ayisyen an enfliyanse Etazini : « There, however, is ample évidente lo suggest that the deeds of Toussaint, Dessalines and Christophe did not go unnoticed by American slaves in the South. ... The slaves’ success in establishing an independent republic gave

Max Manîgat

175

American slaves heart and le A some with the desire to . emulate tdieir brethren in the Caribbean. » ibid. p.l 15 Nou pa P gen tan devlope tout mouvman kote non Sen Domeng te nommen. Kankou sa a ki te pase Filadèlfi an 1804 la, Lè yon gwoup blan te atake Afriken ki t ap manifeste nan vil sa a, se eslogan «

Show them San

Domingo » (Montre yo Sen Domeng) ki te sévi kôm pawôl pou rasanble yo. Revolisyon Ayisyen an te nan mitan plizyè mouvman sou tè ameriken an. Men kèk nan yo : Gabriel Prosser

Se nan lanne 1800, konspirasyon Gabriel, esklav sou plantasyon Thomas S. Prosser mnHenrico Gounty, VA, te pete. Gabriel sete yon gwo gason 6 pye 2 pous ki te gan entansyon achte yon moso swa pou fè yon drapo. Sa k te pou ekri sou drapo a ? « Libète oubyen lanmo ! » Sa di nou kote enfliyans nan soti. {Aptheker-, p. 219-220) Gan

lot

endikasyon

toujou

ki

montre

rebelyon

Gabriyèl la te pran enspirasyon 1 nan levennman Sen Domeng yo : Virginia te chaje avèk refîjye ki te kouri kite koloni franse a ; jounal yo te plen atik sou tou sa ki te pase nan peyi sa a; lôd te bay pou yo pa te touye Blan franse ; pawôl t ap sikile sou kouman Gabriyèl te vie imite Tousen Louvèti ; yonn nan jounal yo menm te rive ekri:

176

Patamouch !

«... the insurrection ... appears to be organized on the trueFrenchplan.» Hunt: p. 118 New Orléans

Nan apremidi ki te 9 janvye 1811, moun Nou Oleyanz te sezi wè bogi ak charèt k ap kouri antre lavil la chaje avèk Elan laperèz te fin denèfle. Yo rakonte yo te sot chape anba « a miniature représentation of the horrors of St. Domingo” {Aptheker, p. 249). 400 a 500 esklav nan pawas bâtis St. Charles ak St. John te leve kanpe lavèy 8 janvye sou abitation Majô André. Yonn nan fidè yo sete Charles Deslondes, yon milat lib moun Sen Domeng, ki te konmandè sou plantasyon an. Elan yo te reprann sans yo epi yo te ôganize kontatak la. Finalman, yo te resi kraze rebelyon an. Nèg yo pa t touye nan batay yo te ekzekite yo. (ibid. Aptheker. p. 249). Nou pa jwenn okenn lot nouvèl sou Charles Deslondes. Denmark Vesey

Menm si mouvman Gabriyèl la ki te rasanble plis pase 1.000 moun pa te reyisi, pa Denmark Vesey a

te pase an

1822, nan Charleston, SC, se li ki te pi serye, pi gran epi pi byen ôganize. D. V. te fèt an Afrik, li te travay sou bato negriye pandan lontan, li te viv nan Karayib la lô 1 te jenn ti domestik kay kaptenn Joseph Vesey. Konsa, li te degaje 1 nan plizyè lang. Li te konn li ak ekri. Yo di 1 te ganyen yon kôb nan lotri e avèk lajan sa a li te achte libète 1, an 1800, men pitit li yo te toujou esklav toujou. D. V. te chwazi

Max Manigat

177

plizyè lidè ki te konn li ekri tou. Se li sèl ki te lib nan gwoup la paske msye pa te ganyen konfyans nan lot nèg lib yo. Rebelyon an te byen préparé. Chif yo pa egzat, men yo pale de 6.000 pou rive 9.000 Afriken

ki te pare pou

frappe dezyèm dimanch mwa jiyè 1822. Lè trayizon deranje plan 1, Denmark te setoblije avanse dat la pou y on mwa. Esklav yo, te déjà pare pik, dag ; yo te note tout depo kote blan yo te sere zam ; sa k te ganyen mwayen pou yo jwenn chwal te pou mennen yo. Menm yon kwafè te fè perik ak fafouten pou degize figi rebèl yo. « Veseyhad also written twice to St. Domingo - ki vie di Ayiti sou prezidan Bwaye - telling ofhis plans and asking for aid. » ibid. p. 272 Nanpwen dout sou kote D.V. te pran enspirasyon 1. Yonn nan esklav yo te arete yo, âpre koze a te fin vante, deklare Vesey te fè sèman se yon sèl jan pou yo garanti sekirite yo se pou yo dakô : « not to spare one white skin alive, for this was the plan they pursued in St. Domingo.» Hunt, p. 119 Trayizon an mennen arèstasyon plizyè nan lidè yo. Men yonn pa te pale. Maigre tou sa, arèstasyon ak egzekisyon te fè mikalaw. Vesey

kondane tou men jou

egzekisyon an otorite yo te bije voye ranfô paske bri te kouri t ap ganyen yon dappiyan ki t ap fèt pou libéré msye.

Patamouch !

178

Nat Turner

Nat Tumerîht an 1800. Non pa jwenn prèv pou montre rebelyon sa a te konnèkte avèk Revolisyon Ayisyen an men tout moun sete yon sèl pawôl : sa ki te pase nan Southampton Countyndai mwa out 1831 an te sanble tèt koupe ak levennman nan Sen Domeng yo. Yon nonm ki te rele Samuel Warner te menm rive ekri : «... that Turner was clearly trying to emulate the St. Dominguan slaves by setting up his own govemment and bringing slaves in neighboring States to insurrection.» Hunt, p. 121 Lide sa a pat janm kite lèspri kolon ameriken yo. Chak fwa yon ti deblozay te pete, se premye son ou te tande ; esklav yo t ap chèche imite sa ki te pase Sen Domeng nan. Lafayette

An desanm 1829, esklav ki te abô bato Lafayette, ki t ap soti Norfolk pou ale New Orléans, te révolté avèk lide pou sezi bato a, pran libète yo epi antre an Ayiti. Apre anpil goumen Elan yo te resi repraïin bato a. JohnBrown

An oktôb 1859, John Browiï (1800-1859) yon lot abolisyonis blan, mâche pran lasnal Harpers Ferry, WV. Sete konmansman plan li te ganyen an pou ame epi soulve esklav yo. Lame sou konmannman Jeneral Robert E. Lee

Max Manigat

179

arete msye. Yo kondane 1 pou trayizon epi yo pann li tousuit. Kou sa te fin rive, kolon ameriken nan Sid la rekonèt jan mouvman sa a sanble ak Revolisyon Ayisyen an. Yonn nan yo ekri tantativ fohn Brown nan sete : « nothing more nor nothing less than an attempt to do on a vastscale what was done in St. Domingo in 1791. » TOUSEN LOUVETI AK MOUVMAN ABLOLISYON AN NAN ETAZINI

Bri te kouri, nouvèl te gaye, yon barak nan Sen Domeng te rive chèf koloni a. « A particular source of pride for America’s oppressed black population was the well-known Haitian leader, Pierre Dominique Toussaint Louverture. This remarkable black man was respected by his contemporaries and revered by blacks who

were ridiculed as unfit for

authority or freedom. Free blacks and slaves alike named their children and some of their groups after the liberator ofHaiti...» Hunt, p. 3 Nan lit abolisyonis ameriken yo t ap mennen kont lesklavaj, Tousen Louvèti te sévi kankou yon senbol sa nèg nwa ta kapab reyalize. Paj 84 pou rive 101 nan liv pwofesè Alfred N. Hunt là se sou enfliyans gouvènè jeneral avi, Sen Domeng nan te ganyen nan batay anti esklavajis la, yo chita. Kiyès nan nou la a ki pa konnen diskou Wendell

180

Patamouch !

Philipps la kote msye âpre li fin konpare Tousen. avèk Napoleyon, Cromwell, Washington! Men gwo pawôl li yo; « You think me a fanatic tonight, for you read history, not with your eyes but with your préjudices. But fifty years hence, when Truth gets a hearing, the Muse of History wiliput Phocion for the Greek, and Brutus for the Roman, Hampden for England, Fayette for France, choose Washington as the bright consummate Power of our earlier civilization and John Brown the ripe fruit of our noonday, then dipping her pen in the sunlight, wiU write in the clear blue, above them ail, the name of the soldier, the statesman, the martyr ToussaintL ^Ouverture. »

3. Emigrasyon Afriken ameriken an Ayiti Non pa vie rete t’wô lontan, men fôk non nommen non Prince Sanders ki te vwayaje jouk Ayiti pou vizite wayôm nan Nô a. Wa Kritôf te voye msye an misyon a Lonn ; li te retounen Ayiti âpre lanmo wa a pou 1 te kolabore ak gouvènman Prezidan Boyer di nan ôganizasyon premye vag imigrasyon Afriken Amerikén an Ayiti. Li te pami moun yo ki te rete a. Sanble menm li te fè yon kout minis Jistis anvan 1 mouri an 1839. Fôk nou nonmen non James Redpath, abolisyonis avèkpa Morisehyè James Théodore Holly tou, 2 moun ki te travay tèt kale pou reyalize dezyèm imigrasyon Afriken Ameriken an Ayiti.

Max Manigat

181

James ThéodoreHolly (JTH)

JTH te fèt nan vil Washington 3 oktôbl829 (1). Li mouri Pôtoprens 13 mas 1911, sou Prezidan Leconte. Papa 1 John Overton Holly se te pitit Ruben Holly \À limenm te pitit James Théodore Holly y on nèg lib ki te pitit yon blan ekosè ki te pote non James Théodore Holly. Kidonk, JTH se pitit pitit pitit yon ansyen esklav ki te pote menm non ak papa 1. Ruben Holly, granpapa JTH te travay nan konstriksyon bilding Capitollà. James Overton Holly, papa JTH te kôdonnye. Sitiyasyon moun nwa nan Distrik Columbia a pa te fasil. Diskriminasyon te rann lavi yo prèske enposib. James Overton, ki pa te gan chans pouse tèt li, te konprann enpôtans lenstriksyon. Se konsa li te ankouraje JTH

frè li Joseph pou yo te ale lekôl pandan

yo t ap aprann kôdonnye a. An 1837, 2 frè yo te lekôl kay Dr. John H. Fleet, yon doktè milat ki te etidye medsin. Ti mesye yo te rete plis pase yon kilomèt edmi lekôl la. Chak jou yo te fè wout la ale retou apye anba kout wôch ak joure ti elèv blan yo pa te manke vide sou yo. Maigre tout imilisyon sa yo, JTH ak Joseph fè anpil pwogrè. Manman yo te tyen aske yo elve nan relijyon katolik women. Fôk nou di sete sèl relijyon nan distrik la ki te trete moun nwa ak diyite. An 1844, James Overton Holly le genyen 58 tan, msye pran bato ak madanm li plis twa pitit pou y ale rete Brooklyn kote li te kwè li ta kapab pran yon souf anba kalite diskriminasyon li t ap viv nan Washington.

Yon

Patamouch !

182

bon mouv : afè fanmi Holly a konmanse mâche. Joseph antre

nan

mouvman

anti

esklavaj

nan

Nouyôk

ak

Bwouklin. Pandan tan sa a JTH, ki te déjà konmanse ap réfléchi sou ki jan li ta kapab émigré kite Etazini, kontinye entmi tèt li leswa. Tout ti kôb li te sere kôm jenn gason se nan liv H te pase. Li te sitèlmam fè pwogrè nan etid li, yon Pè katolik espayôl, Rev. Félix Varela, te remake li. Pè a anseye msye matematik avèk literati, An 1846, JTHte fin aprann metye kôdonnye a. Li travay ladan 1 pou 1 an. An 1848,

li

te

anplwaye

nan

American

Missionary

Association. Li pwofîte pou li rankontre anpil misyonnè ki te enfliyan ak plizyè lidè abolisyonis. Apre lanmô papa 1, James Overton, manman 1 avèk twa gran pitit li yo : Joseph, JTHak Cecilia fè pakèt yo epi y al rete Burlington mnVermont prèske 650 kilomèt onô Nouyôk. Poukisa ? Pou 2 rezon : yonn paske Fugitive Slave Act 1850 la te wete tout pwoteksyon moun nwa menm si yo te lib ; de paske move kondisyon ijyèn nan Bwouklin te aji sou santé /777avèk febli ti sè a CeciUa. Vermont^ te yon eta anti esklavajis ki te ganyen anpil mon, platon, rivyè te nan gou fanmi Holly di. Rive yo rive Burlington, âpre yo fin jwenn kay, de frè yo te louvri yon boutik kôdonnye pôü fè bèl bôt nan katye konmèsyal vilaj la. Apre travay yo, leswa yo diskite sou koze mouvman emigrasyon moun nwa nan Etazini. ]oseph te pran pozisyon pou yo rete nan peyi a. JTH^di te panse

Max Manigat

183

konsa. Li te apiye lendepandans Liberya. Li te ekri « Mwen konkli mwen pa p ezite émigré Liberya denpi mwen kapab itil kominote sa a nan batay anti esklavajis la, De frè Hollyyo kontinye ap pale devan plizyè gwoup nan Burlington sou kesyon sa a ; « Kisa k ap pi pwofîtab pou moun nwa nan Etazini ? Rete osnon émigré Liberya. » Pozisyon Joseph : « Nou isit la, nou pa p fè wonn pot. » Pa JTH : « Se sèl emigrasyon k ap bay Afriken Ameriken an y on libète tout bon vre. » 7 me 1851, JTH pibliye premye atik li nan Voice ofthe Fugitive. JTH fè premye vwayaj li an Ayiti an 1855(2). Li debake Pôtoprens jou ki te 31 jiye. Tousuit li konmanse demach li pou wè kouman emigrasyon Afriken Ameriken ta kapab posib. Se konsa nan mwa out la, li rankontre ak lanperè Faustin F’' (2) pou yo diskite pwojè a. An 1861, li tounen avèk 110 volonté episkopalyen afriken ameriken ki te vin fè eksperyans ayisyen an. Prezidan Geffrard, ki te ranplase Soulouque, te ankouraje mouvman an paske anpil nan imigran sa yo te sanse ganyen espètiz nan plante koton. Move sô frape gwoup la. Nan lespas 18 mwa(3), malarya ak tifoyid te tiye 43 nan yo. Pami yo madan Holly avèk 3 ti gason(4) nan 4 pitit fanmi

Patamouch !

184

an. 20 lot vole gagé tounen nan peyi yo. Men JTH ak timoun ki te rete a te kenbe tennfas. XXX

JOUNENJODI

Revolisyon Ayisyen an ak Tousen Louvèti pa janm fennen nan memwa Afriken Ameriken. La nan mitan Miami non jwenn

Toussaint Louverture School, non

mâche sou Toussaint Louverture Avenue. Sou 43 liv sou istwa dAyiti ki pibhye an angle, soti 1986 pou rive 2002, plis pase 10 sou Revolisyon Ayisyen an avèkk Tousen Louvèti. * Nan vil Okap kote m leve a, se konsa yo konn pale sou 2 moim kimenmman parèyman, ki makônnen ansanm. (1) Pi fo ransèyman mwen bay nan atik sa a soti nan liv David M. DEAN nan : Defender of the Race. James Théodore Holly Black Nationalist Bishop. Boston, 1979 (2) MANIGAT Max : Leaders of Haiti : 1801-1804. Historical OverView, p. 163 (3) GREENE Anne : The CathoMc Church in Haiti Political and Social Change. 1993, p. 100

XII Nôt etimolojik I. Aloufa 2. Depi nan tan Benbo 3. Lasigwap 4. Latchouloulout ; tchouloulout 5. Levennman 7 me 6. Lelilewa - Melyasin - Ostèr 7. Malavoum 8. Mankala / Mancala 9. Neyolojis : Bivize 10. Pedovi II. Wapi 12. Zonbi mann mannan, wi wa 13. Zotobre

1. Aloufa Nan entwodiksyon dènye liv mwen an, Mots créoles du Nord’Haïti. Origines - Histoire - Souvenirs, mwen ekri : « D’inombrables

expressions,

mots rares

et noms

créoles du Nord manquent à l’appel dans ce livre. J’en suis pleinement conscient, c’est pourquoi Je l’ai titré. Mots créoles du Nord’Haïti. Origines - Histoire - Souvenirs. Je n’ai fait que donner le premier coup de pikwa; pioche. D’autres, je l’espère ardemment, continueront à ajouter des pierres à la construction d’un édifice que je souhaite solide et de belle architecture.» p.l2 Senmenn pase, mwen te Nouyôk pou yon konferans mwen t ap bay. Nan pati kesyon répons nan, yonn nan envite yo te mande m poukisa mwen pa te liste aloufa. Mwen toujou ap tann kesyon konsa paske gan de mo ki sitèlman kouran, ifôk yo ta nan liv la. Enben, anpil fwa mwen twouve m devan yon mo tout otè mwen konsilte yo di ki gan orijin arab. Aloufa se yonn nan yo. Kankou mwen fè remake nan liv la ankô, lè mwen pa fin si sou orijin yon mo mwen pito pa mete 1. Men kounyè a, mwen dakô se pou aloufa ta nan lis la menm si mwen ta ba 1 : « origine incertaine » kankou plizyè lot mo. Nan chèche, men sa mwen |wenn sou aloufa, non komen pou yon moun ki saf. Jules Faine, nan Philologie créole (1937), bay aloufa siyifikasyon : grangou anpil, ki ganyen gwo apeti. Apre li

Max Manigat

187

vin eksplike alonfa, gan yon lot mo nàman (Nômandi) allouvi ! alouvi, ki sanble li tèt koupe, ki dekri yon lou ki grangou anpil. Li di tou, mo aloufa a parèt nan vokabilè pôtigè ki ta pran li nan lang yorouba. Se konsa yo rele yon chèf relijye mizilman nan zôn sa yo. Faine byen fè konprann li pa w^è kouman yon chèf reljye mizilman ta kapab bay non li pou yon moun ki saf. Li panse, poutèt mo aloufa a konmanse avèk « al » li ta kapab yon mo arab. Pou fini, li di : nan pale chak jou a, yo konfonn aloufa avèk yon lot mo kreyôl : alouvi. (paj 200) Kidonk, pou Faine aloufa avèk alouvi ta plis sanble mo nàman. Pierre Anglade,

nan Inventaire étymologique des

termes créoles des Caraïbes d’origine africaine (1998), vini avèk aloufa osnon vsraloufa, non komen oswa adjektif li tradui : « ki vale tout bagay san gade dèyè, saf, kankou kochon. Moun malpwôp. » (tradiksyon pa m). Li jwenn orijin li nan mo «

arab : hallouf (feminen halloufâ) :

kochon, malpwôp. » Pi Iwen li ajoute yon presizyon sou sa Jules Faine te rapôte a : « Nan Benen (ansyen Dawonmen) ak Nijerya : aloufa

se

non

yon



(relijye)

mizilman. »

p.

47

(tradiksyon pa m) Jeannot Hilaire, nan Lexicréole (2001), kwè aloufa kreyôl nou an soti nan lang ewe : aloufawo ki non yon

Patamouch !

188

gwoup mizilman. Li ba 1 siyifikasyon : saf. Li jwenn mo alufa [aloufa] a nan lang awousa tou ; men se non yon pôch devan nan yon boubou : rad. (p. 16) XXX

Mwen pa te mete mo aloufa a paske mwen te panse etimoloji mwen te jwenn yo pa te solid ase. Okenn nan eksplikasyon sa yo pa te pase swaf mwen.

2. DEPI NANTAN Benbo Depi nan tan Benbo se yon ekspresyon ki vie di : nan tan lontan, depi sou lakoloni. Yves Gérard Olivier vravi liv U a : Konprann konnen. Plis pase 1500 ekspresyon kreyàl ak sa yo vie di kwè depi nan tan Benbo se sinonim « sou prezidan bann machwè » ki vie di « depi lontan, yon tan ki Iwen anpil.» Kote mo benbo osnon benmbo a soti ? «

Jules Faine nan paj 209 Philologie créole li a eksplike kote mo a soti : « Benbow (pwononse :

^ benbo) :

nou jwenn ni nan

ekspresyon « lan tan Benbo» ki vie di nan tan lontan, lontan, sa ki te rive nan yon dat ki Iwen anpil. Mo sa a nou kapab trase orijin li depi sou lakoloni. Pandan lagè ant

Max Manigat

Lafrans

ak

189

Langletè,

yon

group

batiman

degè

sou

konmannman lamiral Benbow (Benbo) t ap kraze brize sou kôt Sen Domenng yo. Fendefen, se konmandan franse Dikas {Ducassé) ki te troke kôn avèk Benbo epi ki fini ak mayi 1 nan zile Babadôs, an 1701. » (tradiksyon pa m) Dapre

World Book Online Référencé Center, (2005)

John Benbow {\&5?t-V7Q2) sete yon lamiral angle ki te brav, ki pa te pè batay. Li te antre nan lamarin an 1678. Li te pran grad kaptenn an 1689 ; grad lamiral an 1696. Benbo te pèdi yon janm nan batay kont yon flot franse an oktôb 1702.

3. Lasigwap Mo lasigwap la ansyen. Nou te jwenn ni anba plim Justin Lhérisson nan Zoune chez sa ninnaine (Zoun kay nennenn li) : « Annou, vié lasigwav {sauvage)y

pran san w!

Jenral se bon gason! » p. 85 Otè a te fè nou konnen, li vie di : sovaj nan sans yon moun ki pè lot moun. Nou jwenn mo ciguapa (pwononse : sigwapa) nan lang panyôl pou : frize. Jules Faine limenm klase lasigwap yo nan kategori lougawou :

Patamouch !

190

« Baka ak lasigwàn se mons imajinè ki rete nan twou wôch epi ki mâche nan bwa kankou lougawou nan peyi Lewôp yo.» Dictionnaire français - créole ... p. 281 (tradiksyon) Kôm mo ciguapa a se yon mo panyôl, ann wè sa Carlos Esteban Deive otè Diccionario de dominicanismos la di : « Ciguapa : se yon ser mitico, (yon kreyati imajinè) fi ki dapre tradisyon an mâche avèk pye 1 vire devan dèyè. Li pouse yon kalite son ki sanble avèk pa pèdri ; li soti lannuit bô sous avèk rivyè. Si yo rive kenbe 1, b sitèlman tris li fini pa mouri. » (tradiksyon pa m) Mo lasigwap la vin pran anpil siyifikasyon. Gan sa ki kwè se yon fanm k ap viv nan twou woch ; lot se yon dam gran cheve ki viv bô dlo yo konn konfonn li avèk vyenvyen ; yon lot gwoup menm, sitou nan Nô,

sévi ak

non sa a pou dekri yon fi ki mèg anpil, se sinonim mo lagwadap la. Anfen! Anfen! .

*

4. Latchouloulout, tchouloulout Latchouloulout,

tchoulout

:

dyare,

latchouloulou.

Ganyen mo « tchàlàlà » a nan lang fongbe (Benen ansyen Dawonmen) ki vie di menm bagay la. Elodi

Jouden

{Élodie

Jourdain),

otè

liv :

Le

Max Manigat

191

vocabulaire du parler créole de la Martinique (1956) la, mete mo « kiàlàlà {kàlàlo) » yo ki vie di yon kafe fèb, nan kategori « sa ki resi rete nan eritaj afriken an » (EJ-297). Yon lot pwononsyasyon 1 :

tchdlôlà

(paske kyà kapab tounen tchô), ta fè 1 sanble avèk tchouloulout dyisyen an. Non ganyen nan kreyôl pa non an tou : djololo ki sanble kiàlàlà {kàlàlo). Jil Fèn {Jules Faine), nan : Dictionnaire français créole (1974) li a, kwè djololo se ta « dleau, djeau leau leau : dlo, djololo » ki ta 2 mo pou bay sans : klè, twô likid, ki manke pwès. Li ba nou 2 ekzanp sa yo : «kafe a dlo, pwa a djololo.» p. 183 Mwen pito pran etimoloji pa Elodi Jouden an. Mwen pi kwè « djololo » se nan «kyàlàlà » li soti.

5. Levennman 7 ME Jou 7 me 2007 la te fè 165 an depi yon tranblemanntè wete nechèl te dévasté vil Okap. Jouk kounyè a souvni jounen terib sa a rete nan memwa popilè a. Li fasil pou tande yo di : Entèl sôt kon levennman 7 me. Tranblemanntè

7

me

1842,

moun kontinye

rele

levennman 7 me, te detwi vil la pakanpak. Apenn kèk mi

Patamouch !

192

nan katedral la ak kèk nan teyat wayal wa Kritôf la, nan Bèlèr, te rete kanpe ; men yo te an move zêta. Istoryen

Thomas

Madiou

rakonte

non

jounen

makawon sa a : «

Mèkredi

11

me

nan

lapremidi,

nouvèl

rive

Pôtoprens : jou ki te 7 me (1842) a tout kay lavil Okap te kouche plat atè, mwatye popilasyon an, 6.000 moun konsa, te mouri, sa ki te resi chape yo te kouri ale chèche souf Lafôsèt {La Fossette) ; grangou t ap touye yo, anpil nan yo te estwopye osnon blese grav. Sete yon espektak ki fè w frémi dotanplis dife, ki te pran paske bwa nan fetay kay yo te tonbe sou recho anpil kote, t ap dévoré malere ki te bloke anba dekonm yo. Sa ki te pi terib sete lè abitan, ki sot andeyô, te plonje sou vil la pou piye, koupe kou, san yo pa menm sonje pote Ayisyen parèy yo sekou. Nou te wè moun tounen bèt sovaj pou koupe men sa ki te blese pou wete bag nan dwèt yo, koupe kuis lot pou wete bot ki te nan pye yo. Nan dekonm kay yo anyen pa te rete, yo te piye tout bagay. Jeneral Charye {Charrier) ki te konmandan lawondisman te blese, Lekont {Lecontè) te

Spenser St-John nanliv li a : Hayti or The Black Republic ekri :

Max Manigat

193

« Kap ayisyen pa janm resi kanpe toutbon âpre dega tranblemanntè 1842 te fè lè plizyè milye moun te mouri. » (tradiksyon) Li te di sa an 1889. Epoutan, vil la te bite li pa te tonbe. Pitipiti, li te rebâti. Bô 1940, epôk premyè konminyon prive m, piplis kay yo te kanpe. Anpil bèl kay, kèk nan yo toujou la menmsi yo ta mérité y on bon pase men. Pwopriyetè ki pa te ganyen anpil mwayen te mare ren yo pou monte mi brik pa brik. Yo te ranmase kèk ansyen plak non ri yo, depi sou tan lakoloni, yo te resi chape. Yo te remete yo anplas. Si nou vizite vil la nou gan dwa jwenn detwa nan yo toujou. Se sou lokipasyon amerikenn, ansyen non ri yo vin chanje. Kounyè a, apa Larispanyol avèk ri Bodmè pèp la kontinye ap rele konsa, se lèt ak chif ki sévi pou lot yo. Jouk anvan mwen te pati kite Okap, pou m ale rete Pôtoprens, an 1952, espresyon: sàtkon levenman 7me ^ le toujou la pou di kouman yo joure yon moun ki fè nenpôt move zak sanzatann, san réfléchi.

Patamouch !

194

6. Lewilewa - Melyasin - Ôstèr Nou yon atik an 2 pati : Labitil ak Koutim, Jacques Jacquelin Garçon, Zandô Zou Pyewo, te pibliye nan « Tigout pa Tigout » (p. 19 Haïti en Marche 11 avril 2007) la, msye te vini avèk kèk mo li te ranmase anba bouch Grann Mari, grann li, lè li te piti : (1) setanesit (2) lewilewa (3) ôstèr (4) densidyeve (5) melyasin (6) announon (7) kalye (8) sejwisit (9) kolomi (10) djakoko (11) jijiri (12) pendou (13) tayo Mwen kwè li ta bon pou nou chèche orijin mo sa yo.

(1) setanesit = lanne sa a.

^

Se pwononsyasyon kreyôl mo franse : cette année-ci. (2) lewilewa [N] = mâche san direksyon.

Max Manigat

195

Ni Lexicréole ... Jeannot Hilaire la, ni Inventaire étymologique ... Pierre Anglade la pa liste mo sa a. Sanble se yon mo nan Nô anpil lot Ayisyen pa konnen. Haitian - English Dictionary a pa ganyen 1. Kote 1 ta soti ? Li pa nan Diccionario de dominicanismos la. Li pa sanble yon mo kikongo. Kote 1 ta soti ? Lamenfôt ! Sa JeanRobert Placide panse ? (3) ostèr [N] = moun ki kwè yo plis pase lot. Mwen ta di se mo franse : « autstère » a men sans li pa kadre avèk mo kreyôl la. Jules Faine nan Dictionnaire français-créole li a pretann ostè vie di sevè nan Nô. Nan eksperyans pa m, ôstèr pa te ganyen sans sa a lè m te jenn gason Okap. (4) densidyeve == denmen sidyevle. Se pwononsyasyon kreyôl mo franse : demain si Dieu veut. (5) melyasin = yon manchèt long ki soti Sendomeng. Jacques Jacquelin Garçon bay siyifikasyon mo a. Eske se yOn mo panyôl paske msye di : « se yon manchèt ki soti Sendonmeng » ? Mwen pa jwenn li ni nan diksyonnè panyôl - franse ni nan Diccionario de dominicanismoshi. (6) announon = annou non = ann met men.

196

Patamouch !

Mo ki bay lide yon bagay, yon travay ki dwe fèt tousuit. Se pèp la menm ki kreye li. Se abitid mwen sa : kou ou tande mwen bezwen boustè, se kouri kay Bôs Jaklen (JJ.G.) pou mande konkou. Men sa msye renmèt mwen : « Kèk de fwa tou malfèktè konn ay fè vye wanga malisyôs voye tournante yon lot, sa di i mete yon : mâche pwese, announon osnon yon chalèr dapdap nan kôr a y. » Konsa, men yon lot siyifikasyon announon nou pa te konnen. Yon pwochenn fwa, Jaklen va eklèsi pou nou sans : wanga malisyôs ak chalèr dapdap lè 1 ap kontinye enstrui nou, kase moso ba nou nan sik mant (sik dôj) Grann Mari te kite pou li a. (7) kalye : yon jennonm yo anplwaye sou yon gran chantye pou pote dlo bay travayè yo bwè. Nou paj 166 Mots créoles du Nord d’Haïti... {MCNH) mwen sipoze se t ava pwonofisyasyon mo angle : « carrier» ki vie di : moun k ap pote; pôtè. JJ.G. aprann nou tou, jennonm sa a se li ki konn sévi gwôg nan konbit kasav yo. (8) sejwisit = jounen jodi. Se pwononsyasyon kreyôl mo franse ; ces Jours-ci.

Max Manigat

197

(9) kolomi = ekonomi ; sere lajan pou depanse lè ou nan bezwen. Se menm mo franse : économie a. Yo konn di tou :

ekolomi, kolonmi, konomi, lekonomi. (10) djakoko : ti moso manyôk ki twô piti pou graje. Nan MCNH (p.lOO) mwen pa bay orijin mo sa a. M ap annik ajoute li sonnen kankou yon mo afriken. Men kôm manyôk se yon plant ki te la depi anvan Kristôf Kolon te anvayi Ayiti, li ta kapab yon mo tayno tou. (11) jijiri : wowoli. Se konsa yo rele wowoli nan Nô. Jules Faine aprann nou se yon mo nan lang « endyen karayib ». Nou ta di pèp Tayno Ayiti a te konnen 1 tou. {MCNH- p.l54) (12) pendou : bobori. Se konsa yo rele bobori nan Nô. Si pendou sanble avèk mo franse : pain doux yo mwen pa fin si se orijin li sa. {MCNH- p.263) (13) tayo : malanga. Nan Nô ak nan plizyè lôt zôn nan peyi nou a yo rele malanga : tayo. Jeannot Hilaire jwenn « taya, tayoba » nan lang tupi (pwononse : toupi ) ; li di tou : « tayi » yon espès yanm se yon mo nan vokablilè lang ewe. Pierre Anglade menmm

198

Patamouch !

kontre avèk « tayo, taro» yon plant moun manje nan Kamerounn ak plizyè lot peyi Lwès Afrik la. {MCNH - p. 298) 7. Malavoum Malavoum se yon mo non pa tande ankô. Nan bèl lodyans Zoune chez sa ninnaime (Zoun ka nennenn li) Jisten Lerison (Justin Lhérisson) te pibliye Pôtoprens, an 1906, msye rakonte : « Apre batenm nan, te ganyen yon ti resepsyon lakay Madan Bôyôt. Li sévi malavoum, yon espès kleren, bay konpè li yo ... » p.l3 (tradiksyon pa m) Sa k ta di gan 100 an mo malavoum la te egziste nan kreyôl ayisyen an ? Kote 1 soti ? Kote 1 pase ? Si m pa kapab reponn dezyèm kesyon an, mwen konnen répons premye a. Malavoum se yon mo ki soti nan lang kikongo anpil zansèt afriken non yo te pale. Pè Pierre Swartenbroekx make 1 nan « Dictionnaire kikongo et kituba français » li a ; « malàfu, malàvu (pwononsè : malafou, malavoü) : vin de palme (yon likid ki soti lè yo pèse twon pye kokoginen an ; yo mete yon veso pou li koule ladan l.^^Yo pike pyebwa a leswa. Denmen maten yo vide lilad la nan boutèy osnon nan kalbas. Ou bwè 1 kôm rafrechi lematen men depi bô 2 - 3 è apremidi li gan tan fèmante pou li tounen yon byè byen fô) ; spiritueux{■alkbl, bweson, gwôg).» p. 295

199

Max Manigat

8. Mankala / Mancala Nou kapab jwenn jwèt mankala a, anpil Ayisyen rele kay la osnon wari, nan magazen jwèt pou timoun ane sa a. Se yon jwèt kalkil ki mande rekleksyon. Olye pou paran yo achte yon revôlvè plastik osnon kenpôt ti tenten san valè edikatif, li ta bon pou yo chwazi mankala - kay - wari a ki pa koute chè men ki va pi itil ti mesye dam yo. Mankala nou jwenn nan anpil peyi Afrik oksidantal gan plizyè lot non : oware, aware, ware, wari. Regleman jwèt mancala a an angle. Si nou ta voye 1 bay yon timoun an Ayiti, ki poko konn angle, 1 ap toujou jwenn yon zanmi pou tradui 1 pou H. Dayè menm, jwèt la popilè nan peyi nou a. Yon gran antwopolôg ayisyèn Suzanne ComhaireSylvain ekri yon gwo atik 11 paj sou jwèt wari osnon kay la. Pou sa ki t ava enterese, mwen ganyen atik la.

9. NEYOLOJIS : Bivize Anpil lektè rele-n pou mande sa bivize vie di. Se anba plim Yvon Lamour nou te jwenn neyolojis sa a. Kaptenn

Patamouch !

200

Koukourouj te reprann li nan atik (Tigout pa Tigout 29.11.06) li a. Men kouman Yvon Lamour

bivize :

« Lè desizyon konsa nan edikasyon ap pran, premye konsiderasyon ki mérité fèt se konsiderasyon sou kisa anseyan an dwe anseye. ... pou desizyon sila a tonbe daplon, edikatè ak responsab leta dwe defini bivize ak objektif ansèyman an klè. Bivize edikatif pa chache idantifye pyès kapasite ak konpetans, se dekri li dekri plimay ak karakteristik sosyete a konsidere y on moun enstrui dwe posede.

Bivize se

rezilta oubyen efè global tout sa yon moun te aprann. » Kaptenn Koukourouj, ki voye sitasyon Yvon LamourX-a pou mwen, deklare ; « Mwen bay bivize a sans objektif jenneral nan domèn edikasyon ...» Nou mande Yvon Lamour-çon li di nou pou ki rezon li te chwazi mo bivize a. N’a li répons li.

10. Pedovi Mo pedovi a soti nan lang fon (yo di fongbe tou) Benen (ansyen Dawonmen). Ou kapab tande kpèdovi, kpodovi\\ se non yo bay yon ti bebe manman 1 gan tan ansent.

Max Manigat

201

YO pwononse 1 plizyè jan nan peyi nou a : pedevi, petevi, potovi. Yo rele konsa yon timoun chétif, ti ko, yenyen. N ap wè, se nan zôn nan Nô yo konsève mo dawonmen an prèske tou pi : kpèdovi tounen pedovi.

IL Wapi Wapi se yon mo anpil Ayisyen pa konnen. Epoutan se yon jwèt daza yo rele selewouj selenwa nou

rankontre

nan tout peyi a. Moun nan Nô depi yo leve abitye avèk mo wapi a. Dènye gwo edisyon 1020 paj

Haitian - English

DictionaryQldQA) Bryant C. Freeman nan pa mete 1. Kote mo sa a soti ? Se yon mo nan lang kikongo. Pè Pierre Swartenbroeck enskri li nan « Dictionnaire kikongo et kituba - français » li a. « Wkpi \ kote li ? kote yo ? » se poutèt sa yo rele jwèt la konsa. Mètjwèt la kanpe dèyè yon ti tab, li ganyen twa kat len sou lot nan men 1 : yon kat fas wouj (kawo osnon kè), yon kat fas nwa (pik osnon trèf) ak yon kat fas blanch. Do touletwa kat yo wouj osnon ble. Li jete kat yo fas anba sou tab la yonn kote lot âpre li fin fè kèk pas avèk yo pou

Patamouch !

202

twouble atansyon jwè yo. Apre sa, li mande yon jwè pou poze miz li sou yon kat epi pou li di si li nwa oswa wouj. Si w tonbe jis ou ganyen. Tanzantan li kite yon moun ganyen pou atire lot jwè. Men fôk amatè yo veyatif : jwè k ap ganyen an kapab yon payas mètjwèt la plante la pou kwinnen malere ki san sèvèl. Mwen kwè nan tan lontan lô zansèt Afriken nou yo t ap jwe jwèt sa a, mètjwèt la te konn mande : wapi ? Ki vie di : kote b (kat wouj osnon nwa a) ?

12. ZONBI MANN MANNAN ...Wl WA ! Mwen jwenn kat vèsyon chante sa a plis yonn mwen te konnen lè m te piti. Plizyè nan yo diferan ; konsa siyifikasyon yo diferan tou. XXX

Nan yon etid li ekri sou La chanson haïtienne, antwopolôg Suzanne Comhaire-Sylvain te pibliye nan nimewo espesyal revi Présence Africaine : Haïti. Poètes noirs (1951), li te prezante chante a konsa :

-

1

-

Zonbi bannbandang ! Wi wa. Kenbe ti poulet - Wi, wa. Kenbe ti poulen ba yo. Ti poulen sove wi, wa ! Kenbe ti poulen ba yo. (p. 72-73)

Max Manigat

203

Annou konmanse di nou jwenn, nan istwa a, yon zonbi, yon wa avèk yon ti poulen ki sove. Men se pa nenpôt kalite zonbi : se yon zonbi bannbandang. Mo bannbandang osnon mannmannan pa egziste nan kreyôl ayisyen. Sa li vie di ? Suzanne Comhaire-Sylvain tradui li an franse : bannbandangue ki pa nan diksyonnè Larousse 2000 la. Li aprann nou tou : se yon konvèsasyon wa a te ganyen avèk sévitè li. XXX

Men vèsyon pa Claude Dauphin nan Krit kolobrit (1981) :

2

-

-

Zonbi ban-n mannan (Zonbi bann mannan) Ouoy ma kinbé ti poulèt (Woy m a kenbe ti poulèt) Oui roua (Wiwa) Ti poulèt sové (Ti poulèt sove) Oui roua (Wi wa) Madam roua bézouin 1 (Madanm wa bezwen 1) Oui roua (Wi wa) Pou lal fè bouyon (Pou 1 al fè bouyon) Oui roua (Wi wa) Bannan-n nou difé (Bannann nou dife) Oui roua (Wi wa) Pranl, pranl, pranl (Pran 1, pran 1, pran 1) Oui roua (Wi wa)

Patamouch !

204

Li santil malin (Li santi 1 malen) Oui roua (Wï wa) (p. 24-25) Nou vèsyon sa a, nou toujou jwenn wa a avèk madanm ni ; yon ti poulèt ranplase ti poulen an ; ti poulèt la sove fôk yo kenbe 1 pou bouyon an sa fèt. Tout bagay pare : « bannann nou dife ». XXX

Jacques Jacquelin Garçon, Zandô Zou Pyewo, nan yon atik : Jwèt timoun : Lago lago li te pibliye nan « Tigout pa Tigout » paj 19 nimewo 4 avril 2007 jounal Haïti en Marche eksplike : « Lèr jwèt la apway koumanse, manman an pran yon ti wôch, i twoke y men san moun pa wè. I tanmen chante: Lago lago ti sangle Sa wou manje Diri ake pwa Lago lago ti sangle Sa m manje Mwen pa ba wou Anpi i pote de men an y yo fèrmen, yonn ankwa anwo - "v.

^

lot devan timoun yo, yonn apwe lôt, i di : lalin ake sôlèy sa wou pito? Sa ki di sôlèy se : zonbi blan mannan. Sa ki di lalin se : ti poulèt. Kounou ye la i chante :

Max Manigat

205

-3Zonbi blan mannan Wi wa Kenbe ti poulèt Wi wa Pou nou fè bouyon Wi wa Madan wa malad Wi wa Ti poulèt sove Wi wa Depi yèreswa Wi wa Kenbe ti poulèt Wi wa Bali labasèl Wi wa Kote ti poulèt Wi wa Ti poulèt sove Wi wa Woy ! woy ! woy ! Wi wa N ap kanpe la pou nou di : mizik siya vin tonbe nan jwèt a timoun ki chante sa san yo pa konnen se maleng a zansèt an nou yo y ap louvwi. Poudayè, nou te konn di : zonbi mannmannan. Se pa lontan sa, gremesi dôktèr ferry Gillet, m vin apwann se te pito : zonbi blanmannan.

Patamouch !

206

Sa sa te ye tou ki gan gwo relyasyon ake lavi a zansèt an nou ki te pase maladi esklav sou kont a blanmannan? Sete 1èr yo te bouke pwan bâton, travay di, mouri nan move

kondiksyon

pou

mete

richès

plen

pôch

a

blanmannan, yo te sove, pwan mon pou yo. Alôs mouche blan rizèz ba yo non ti poulèt, yon manyèr pou lot malere k ap viv nan menm sitirasyon an pa te sispèk. Konsa tou, i te gan kèk lot vye nèg flatèr, san nanm vanyan, tout rès manje bon pou yo, ki kôm zonbi, i voye ay dèyè ti poulèt sa yo, andjoze yo, anpi mare yo, mennen yo tounen bay misye blan. » Anpil bagay chanje nan vèsyon sa a : nou jwenn yon zonbi blan mannan, wa a avèk madanm-ni ki malad, ti poulèt la ki sove fôk yo kenbe 1 pou bouyon an sa fèt enpi : bali labasèl doktè ferry Gilles panse se yon lot non pou Trete ki te siyen nan vil Bal {Traité de Bâle), an 1795, pou te renmèt Lafrans moso zile a ki te nan men Panyôl. Doktè Gilles nan entèpretasyon pa 1 la kwè : zonbi blan mannan se Afriken san konsyans ki t ap travay pou al arete lot Afriken ki te sove kite plantasyon yo, al mawon. Konsa se nègès ak nèg mawon yo ki te : ti poulèt la. Tout chante a andaki. Li pase pou jwèt timoun é'poutan se yon bagay serye ki tris anpil pou wè frè ap trayi frè kankou pawôl la toujou di : Depi nan Ginen nèg ap trayi nèg.

Max Manigat

207

XXX

Powèt, konpôz, gitans, chanté, Kiki Wainwright, voye vèsyon sila ban mwen : -4Zonbi mannmannan wi wa Kenbe ti poulèt wi wa Ti poulèt sove wi wa Depi yè oswa wi wa Ba h labasèt wi wa Kenbe li pou mwen wi wa Pou mwen fè bouyon wi wa Madan wa malad wi wa Kenbe ti poulèt wi wa. Mwen pa te mande Kiki okenn eksplikasyon sou chante a men mwen remake li ganyen yon sans. Li klè se yon ti poulèt ki sove. Wa a ap mande zonbi mannmannan an pou kenbe li paske madanm li malad, li bezwen yon bouyon fôtifyan. Nou remake mo ba H labasèt yo la tou ; men menm si yo gan yon sans mwen pa konnen li. Labasèt se pa yon mo nou jwenn nan vokabilè kreyôl la ; men gan yon ras poul ki rele : potd basèt. Eske sa penmèt nou konprann chante a pi byen ? XXX

Patamouch !

208

Men chante a jan m te konnen 1 lè m te piti: Zonbi mannmannan wi wa Kenbe ti poulèt wi wa Ti poulèt sove wi wa Depi yèrwoswa wi wa Kenbe li pou wen wi wa Pou m ay fè on bouyon wi wa Bouyon yanm sigin wi wa Bouyon tayo gri wi wa Nan vèsyon pa m nan, nanpwen moun ki malad. Se wa a ki ta renmen zonbi a kenbe ti poulèt la pou li fè yon bouyon yanm sigin avèk tayo (malanga) gri.

Nou pa pou

bliye yon tradisyon ki vie wa Kristôf te manje yon bouyon poulajoli pou li te pran fôs âpre li te fin tonbe endispoze nan legliz Limonnad 15 dawou 1820. Èske poulajofi a se li ki ti poulèt la ? XXX

Kisa chante a ap rakonte ? Se yon istwa kote yon wa ap mande pou kenbe yon ti poulen osnon yon ti poulèt. Ki wa sa ? Eske sete yon wa afriken ? Eske sete wa Kritôf ? Eske chante a ganyen yon sans kache tânkou Jerry Gilles kwè ? Pa kouri di non.

209

Max Manigat

* /eny a Je Yvrose Gilles se otè : Bicentennial 1804-2004. Haiti’s Gift to the World. 13. ZOTOBRE Se pa ti mande m mande, se pa ni yonn ni 2 pot m frape pou mwen ta jwenn orijin mo zotobre a. Yon zanmi m ki te vizite anpil pô nan peyi nou an paske li te nan Gad Kôt, di m li sonje « zotobre » se non yon pwason. Nou mâche chèche, mwen vin voye yon imel bay yonn ki reponn mwen : “ Zotobre : gwo palto, gwo zouzoun, gwo potanta, gwo moun ( onivo sosyal ) ki gen gwo enfliyans anndan sosyete a. Mo zotobre a se transfômasyon kreyôl yon mo katalan* : sotsobre, ki pase nan espayôl {{zozobre, pwononse sosobre ), ki vin tounen zotobre. Sotsobre ki vie di : fè yon moun tonbe atè epi kouvri li, dominen li avèk ko w. ( sots = anba ; sobre ^ anwo, anlè ). Se sans moun k ap dominen an ( sitou onivo sosyal ) ki rete nan mo zotobre nou a. * lang Catalunya ( pwononse : katalounyà) yon teritwa otonôm nou nôdwès Espay.

\

«

i •

XIII Kèk lot kout plim 1. Mo kikongo 2. Choukoùn 3. Vèlan - Jagon - Bolit 4. Mako Kenôl gan tuitan 5. Li lè li tan pou nou aboli restavèk 6. Labe Pyè mouri 7. Memoryal pou Pôl Larak 8. Senkantyèm anivèsè maryaj ... 9. Kuizin kreyôl : Cholola onwa 10. The Gospel of Thomas... ll.Istwa Sosyete Koukouy

1. Mokikongo Mwen pase 2 zan ap viv nan Pwovens Kwango nan yon ti vil ki rele Kenge. Mwen te enterese anpil nan lang kikongo ; konsa, mwen te aprann li epi mwen te achte liv ak diksyonè. Men kèk mo mwen jwenn nan kikongo ki rete nan lang kreyôl la : Ata : menm ; se mo kikongo a menm. Badyo : yon moun ou renmen anpil ; se mo kikongo a menm. Bakoulou : mèt a gason (nan Nô), mètdam, malonnèt, rize, visye ; se mo kikongo bakulu (pwononse : bakoulou). Banda : yon dans ; se mo kikongo a menm. Bangala : afè yon bèf ; se mo kikongo a menm ; yo konn di bakala tou. Bèbè : ki pa pale ; li soti mo kikongo baba. Bèkèkè : napwen bouch pou pale ; pa pip pa tabak ; se mo kikongo beke-beke. Chika ; {baÿ) chika : yon dans ; se mo kikongo a menm. Djouba : yon dans ; se mo kikongo a menm. Foufou : yon manje ; yon pat ki fèt avèk farin manyôk fen ; se mo kikongo fufu (pwononse : foufou). Foula : yon flit yo konn jwe nan rara ; li ta soti nan mo kikongo vula (pwononse : voula) : « yon kôn an ivwa ki bay twazyèm nôt nan akô a. » Foulouba ; foulouka : ayik ; manje ak vorasite jouk ou ayik ; se mo kikongo yo menm ûiluba (pwononse : foulouba) ; fuluka (pwononse : foulouka).

Max Manîgat

213

Founda ; founde : fandanman ; yon vyann ki pa fre ankô men ki kapab kuit. Nan Nô, yo konn di : ounde. Li soti nan mo kikongo ûinnda (pwononse : founnda). Founda ; founda {lajaiî) : mil an kikongo ; yon kantite kôb. Galoukoutou : anndan vant an kikongo ; yo jwenn mo sa a nan pwovèb : « Galoukoutou kak... loupase chay» ; se de mo

kikongo ga ;

anndan

avèk

lukutu (pwononse

:

loukoutou) : entèsten. Gangan ; oungan ; doktè fèy ; se mo kikongo a menm. Gonbo : kalalou ; li ta soti nan mo kikongo mkombo. Gongolo : se mo kikongo a menm ki menm avèk mo kreyôl la.. Gran goulou : voras ; ki manje plis pase li bezwen ; li ta soti nan mo kikongo ngulu (pwononse : ngouloü) ki vie di kochon. Kafoundi ; kafoungi : yon mo anpil Ayisyen pa konnen. Se yon mayi moulen kuit ak fôs zepis ; li ta soti nan mo kikongo mfundi (pwononse : mfounndl\ ki vie di yon manje kankou pen, manyôk ki pou ale avèk vyann osnon pwason. Kokolo\ {tèt) kokolo: tèt ; tèt chôv ; se mo kikongo a menm. Kongo : yon dans ; yonn nan gran gwoup zansèt afriken nou yo ; se mo kikongo a menm. Kàkàtà : ava ; ki peng ; se mo kikongo a menm. Lota : yon maladi ki parèt sou fôm tach jôn sou pou moun ; se mo kikongo a menm.

214

Patamouch !

Madoungou (orespè) : yon maladi kote pati devan yon gason anfle men gwosè ; se mo kikongo a menm. Malafu\ malavoum: bweson ; gwôg ; yon mo ki disparèt nan vokabilè kreyôl jodi a ; se mo kikongo yo menm. Manba : pistach griye pile jouk li pran konsistans bè ; li soti nan mo kikongo mwamba. Marasa : jimo ; li soti nan mo kikongo mapasa. Me (nan Nô) ; men : li soti nan mo kikongo ma. Moko : se chif 1 nan kikongo ; yo sévi avèk mo sa a nan lokisyon bouiik moko\ yon bourik ki ganyen yon sèl zôrèy. Moun : fanm, gason, kretyen vivan ; li soti nan mo kikongo muntu (pwononse : mountoiî). Manimba, manouba, manniboula : yon enstriman mizik ; li soti nan mo kikongo manmba. Tanga : moso twal pou kache peche yon moun ; li soti nan mo kikongo ntanga. Wapi : jwèt daza se lewouj se lenwa ; se mo kikongo a menm ke vie di : kote li. Zonbi : yon mô yo detere yo di ki pral kontinye viv sou yon bitasyon kote 1 ap travay kôm esklav ; li sanble avèk mo kikongo mvùmbi (pwOnonse : mvoumbî) pou yon moun ki travay tanzantan pou yon lot. Zoz... (orespè) : afè yon gason ; li sanble avèk mo kikongo lolo ki vie di : mal (lekontrè fenmèi).'^ *

215

Max Manigat

2. Choukoùn {Choucounè) Anpil moun tande chante Choukoun nan men yo pa

konnen

istwa

li.

Pou

konmanse,

Choukoun

{Choucounè) sete yon powèm, gran powèt Osval Diran {Oswald Durand, 1840-1906) te ekri pou yon ti manmzèl pandan li tap pran yon tou prizon nan lavil Okap, an 1883. Se sou miray kacho a msye te make powèm nan. Mari Nwèl Belizè {Marie Noël Bélizaire), ki te gan tinon Choukoun, te fèt Laplenndinô lanne 1863. Li te mouri nan peyi 1, 10 oktôb 1924. Lavi te di anpil avè 1. Depi 1917, sa ki te konnen 1 te abitye wè 1 nan mitan pôv k ap mande charité devan legliz Laplenndinô. Phs jenn moun nan nouvo jenerasyon an konnen Yellow Bird, yon chante Harry Bêla fonte te rann popilè. Men eske yo janm tande Yellow Bird se yon powèm Oswald Durand,

Michel Mauléart Monton (1855-1898)

mete nan mizik. Depi ti kôkonm t ap goumen ak berejenn Ayisyen ap fè demach pou Ameriken rekonnèt melodi Yellow Bird la se pa yon chante ayisyen li ye. Fendefen, sit entènèt : mete vérité sou tanbou : Yellow Bird se melodi yon chante ayisyen ki rele Choucounè yon direktè mizikal : Norman Luboff adapte epi Alan ak Marilyn Keith Bergman ekri pawôl yo.

Patamouch !

216

*

3. VÈLAN ( VFRLAA/) - JAGON - BOUT Nan yon atik ; « Backward Runs French. Reels

the

Mind. Verlan, a Kind of Code Among Immigrants, Both Confuses and Intrigues » ki soti, 17 out 2002, nan jounal New York Times, seksyon Arts & Ideas, paj B7, otè a, Alexander Stille ap eksplike kouman yon «popular slang> ki rele «verlan» ap devlope an Frans. Nan nouvo pale sa a «standard French spellings or syllables are reversed or recombined,

or both.»

«Thus,

the standard greeting

«Bonjour, ça va ? » tounen «Jourbon, ça va?. » Vèlan ( Verlan) te komanse, depi ven tan konsa, nan « Housing Projects » ki alantou gwo vil yo kote imigran ki pi pôv yo, Afriken ak Arab Nô afriken, rete. Pou kounyè a, li pran yon pakèt popilarite pami jenn moun yo toupatou an Frans. Li fofîle ko 1 nan dyalôg fim sinema, nan reklam, nan mizik rap ak hip-hop, menm nan gwo medya yo. Li rantre nan kèk nan pi gwo diksyonè yo. Lè m li atik la, mwen sonje tousuit 2 jwèt timoun te konn jwe pou yo kominike san granmoun pa konprann sa y ap di. Premye a sete « pale lanvè», dezyèm nan sete « jagon ». Komkwa nan tout kominote^lengwistik toujou genyen kalite lapawoH sa yo ki parèt pou sévi yon kôz. Anpil sosyete sekrè pale langaj pa yo ; moun ki pa inisye pa kapab konprann. Seten gwoup zanmi konn fè pwôp pale pa yo. Anpil gang isit adopte pwôp vokabilè pa yo.

Max Manigat

217

Pale lanvè se pran yon fraz tankou : «Ban m moso nan kasav ou a» epi vire chak mo yo lanvè pou 1 bay : «Manb somo nan savka a ou ». Mwen ta vie kwè se menm teknik la yo sévi nan «verlan » ki se revè mo franse «l'envers ». Sa se yonn. Jagon. Mwen raple m lontan lè m te piti, ti nèg laj mwen, lekôl kay Frè Okap, te konn pale jagon. « Ougou konngonn pagalege jagagongon ?». Trik la se pou te mete dèyè chak silab yon lot kote son vwayèl la vin marye ak son «g» a. Konsa, « Ou konn pale jagon? » bay konbinezon mwen sot montre piwo a. Zanmi an k ap reponn nan va di : « Mwengwen degegagajege mwengwen.», «Mwen degaje m.» Lè timoun ki fô nan ekzèsis sa a ap pale jagon sa ki pa abitye gen pou rete djôl be ap koute san konprann. Sa se de. Men genyen yon lot, se fenomèn lengwistik, yon zanmi Gonayiv t ap cheche esplike m, ki entrige m anpil. Sila la menn rele : bolit. Mwen pa fin sonje tout bagay ladan men mwen retni twa prensip : 1) Okenn vwayèl pa chanje. 2) Konsonn yo chanje plas : «b» al nan plas «k»; «d» al nan plas «f » elatriye... Ekzanp: «debabe» tounen «fekake» ; «bab» tounen «kak», elat.

Patamouch !

218

3) Tout vwayèl ki double tankou nan : «bebe», «baba» chanje premye silab la men dezyem nan tounen «djenn» « Bebe, baba » vini «kedjenn, kadjenn». Lè bolit ap bouyi moun ki pa antrene ap mande ki langay sa k ap pale la a. Sa ki pi rèd, ni timoun ki ale lekol, ni sa ki pa ale konn pale bolit. Epoutan, fôk ou kapab fè pèmitasyon yo. Abitid fini pa renplase teknik. Mwen ekri anpil nan «Tigout pa Tigout» epi m toujou mande pou sa ki pi konnen antre nan won. Jouk jounen jodi, mwen panko janm jwenn yon zanmi kanmarad ki rache yon mo. Sou afè bolit la, mwen bezwen konkou. Sa m sot ekri la a genyen plis pase karant an denpi zanmi an te kase moso ban mwen. Ransèyman sa yo bezwen pou yo pase men nan yo. Men kèk kesyon mwen ta renmen yo reponn pou nou : 1.

Èske gen moun ki kontinye pale bolit ?

2. Eske se bô Gonayiv ase yo pale bolit ? 3. Prensip yo mwen sonje a èske yo bon ? 4.

Èske

genyen

yon

moun

ki

kapab

transkri

pèmitasyon yo pou nôu ? Mwen bay ti bout mwen konnnen^an. Mwen mande lamenfôt.

**

Max Manigat

219

4. MAKO KENOL GAN TUITAN

*

(Diskou sa a se zanmi m JeanL. Prohète ki te li l pou mwen) Mwen tande yon wonnonwonnon nan tout Queens Village. Mwen menm ki manje rès sourit, mwen founi zôrèy mwen pou mwen tande zen an. Gwo nouvèl, gwo levennman ! Mako Kenôl jounen jodi 3 Janvye 2003 antre nan konfreri jenn gason. Gade ti nonm nan non! Mako O! Ala gason meritan! Tonton Jean ki te kase moso ban mwen, pa te di m konben tan kôn nan kapab rete nan men m. Kidonk, m ap prese pale. Bourik chaje pa kanpe ! Mwen t ap rantre nan oditoryôm York College pandan bravo t ap kraze sal la. Se Mako Kenôl, aktè, ki te tounen Tousen Louvèti sou sèn nan. Mwen t ap kondui sou Grand Central Parkway, bouton radyo m tonbe sou yon pos k ap pale kreyôl. Se Mako Kenôl, animatè yon pwogram konsekan k ap vide bon lapawoli pou sa ki bezwen konnen. Mwen tande yon kwakwakwa anba galri a. Prese pwoche. Chans pou mwen se pa Millien k ap kokoriko. Se Mako Kenôl, odyansè san parèy, k ap mete fe. Mwen menm ki konn tire de twa lodyans, lè mèt jwèt la ape boule, mwen bije mete ko m tou piti. Si chans pou nou, H nan san 1 toutbon, 1 a deklamen yon powèm Roland Morisseau. Sanba konsa mal pou kontre. Mwen nan kay la tout tan. Konsa, yon jou se tiwèl, yon jou se mato, yon jou se goyin, yon jou se penso, yon jou se pens. Mako Kenôl, mason, chapantye, ebenis, pent.

220

Patamouch !

elektrisyen ; li pa genyen travay li pa konn fe. Atè, sou nechèl, anba, anlè, pa vini w ki pou sove w. Nan garaj nan lakou a, Mako Kenàl manche zouti 1. Li renmèt yon libreri anfôm kote li bay Haitian Book Centre adômi pou plis pase 5 an. Si liv ayisyen te konn pale, jodi a, fôk yo ta nan fèt sa a pou yo chante louwanj pou Makodik Denise Kénol Dènye dimanch mwa dawout chak lanne, lakou plen moun: fanm, gason, timoun, atis, powèt, ekriven, etranje, Ayisyen. Manje, kafe, kola, byè, ti pike tou. Mako, Denise, fanm vanyan ki bô kote 1 la, ap resevwa. Y ap renmèt lakilti nou an sa nou dwe 1. Se Garden Paity Littéraire li te lanse pou fè moim Nouyôk konnen ekriven lakay yo

Tanzantan, mwen mande kote Mako? Li an Risi, U an Frans, H Kanada, li nan peyi 1, li Santo Domingo, li Nou Jèze, li Miyami, li Tekzas, li adwat, li agôch. Papa pitit, granpè plizyè fwa, aktè, ôganizatè gwo dezafi kiltirèl, Mako, janmen bouke, ap espadonnen san gade dèyè. Se vre, se pa manti. Jan chat mâche se pa konsa h kenbe rat ! Pou tou sa ou fè pou nou, nou di w : mèsi ! Moso ladan 1 pou Denise, fanm chans ou. Pot nou toujou louvri de batan pou konsèy, pou resepsyon, pou reyinyon zanmi, pou vwayajè desann, pou séparé manje, pou akeyi atis ak ekriven. Kiyès ki ta pèmèt yo répété radiyès sa a : pa gen bon Ayisyen. Yo ta manti kou chen. Mezanmi mwen wè bouch phzyè envite prêt pou mande pous. Konsa m ap di Mako : kenbe la, pa fe wonn pot ! Madanm, pitit, pititpitit, peyi, zanmi, pwezi, teyat, liv ayisyen, penti ayisyen, malere k ap trimen, nou tout kanpe

221

Max Manigat

pou chante : Happy Birdiday/Mako !. (3 janvye 2003) ♦

5. Anmwe! Sekou! Li le, li tan pou nou aboli “restavek” Yon editoryal, gran jounal The New York Times, madi 5 sektanm 2006 la, louvri deba a ankô sou kesyon “restavèk” la. Nou wont! Nou wont toutbon pou wè se laprès etranje k ap konen zôrèy nou sou yon pwoblèm nou te dwe rezoud depi lontan. Wi se vre, sa gan 202 zan, zansèt Afriken nou yo te choute dèyè Blan franse pou yo te pwoklame endepandans yo. Wi se vre, Jan Jak Desalin te deklare, tè nouvo peyi Ayiti a pa P janm toléré esklavaj ankô. Wi se vre tou, nou te dezobeyi dizon papa nasyon nou an paske sitiyasyon timoun k ap sévi kôm domèstik kay madanm ak kay mouche pa mérité lot non pase esklavaj. Nou pa menm bezwen resite btani mizè ti malere sa yo. Nou ta kapab mande pou sa ki poko vie admèt pwofondè

ekspla’watasyon

sa

a

pou

yo

ta

li

liv ;

« Restavèk » Jean-Claude Cadet a, an angle, an kreyôl osnon an franse. Men eske sa ta touche kè yo ? Nou pap aksepte boulôk : « se pou byen ti inosan sa yo, bon kretyen ranmase yo pou anpeche yo mouri grangou. » Sa se mantô, epi nou tout nou konn sa.

Patamouch !

222

Li lè, li tan, li déjà two ta menm, pou Ayiti manman libète fè bagay pou 1 gan rezon. San pèdi tan, Lachanm dwe pou reyini nan yon sesyon espesyal ki pou réglé yon sèl afè jou sa a : abolisyon restavèk. Apre kantite « lè nou konsidere » ki nesesè, li pou vote yon Iwa avèk yon sèl grenn atik : « Peyi dAyiti aboli esklavaj timoun restavèk yo.» Se va premye pa pou lenjistis sa a kaba. Leta va responsab pou fè aplike Iwa a. Li pa p fasil men si nou gan volonté n a rive. Jou Iwa a vote n’a konmanse leve tèt pou nou gade lot pèp yo nan je : paske, anfen âpre 202 zan, nou pran desizyon pou nou sispann ipokrizi ki te kenbe pititpitit pitit zansèt nou yo nan chenn.

6. Abbe Pierre

(1912-2007) mouri

Pi fô malere ak moun pôv nan peyi dAyiti pa janm tande non Labe Pyè {Abbé Pierre). Epoutan, se yon zanmi yo ki te pran kôz tout malerè sou latè mete sou zepôl H. Li mouri ayè 22 janvye 2007 ; li te ganyen 94 zan. Peyi li Lafrans, anpil lot peyi nan lemonn antye kenbe rèl la paske gason sa a sete yon zanmi tout malere k ap tribile pou yon moso pen, yon moso kasab ak yon kote pou yo poze ko yo âpre yo fin pase yon jounen ap feraye avèk pwoblèm lavi a.

Max Manigat

223

An 1949, Labe Pyè, te konmanse yon ôganizasyon pou ede malere jwenn manje ak kote pou yo rete. Men mouvman sa a pati toutbon vre an 1954, yon lanne kote livè a te brital anpil, âpre Labe Pyè te fin asiste yon espektak ki te boulvèse 1. Msye avèk kèk zanmi te gan abitid mâche nan lari Pari pou wè si yo jwenn malere ki bezwen èd. Se konsa yo bite sou yon fi ki blayi atè a mouri avèk ko 1 fin tounen glas. Labe Pyè, jou swa sa a premye fevriye 1954, te monte nan radyo. Li te deklare : « Mezami, anmwe! ... Yon fi fèk mouri ko 1 tounen glas atè a, a 3 è dimaten sou boulva Sébastopol, avèk kole sou lestonmak H papye tenbre yo te sévi pou degepi li, avantyè, nan kay kote li te rete a. Devan frè yo k ap mouri anba mizè, yon sèl grenn opinyon dwe egziste pami tout kretyen vivan : volonté nou pou nou rann bagay sa a, ki pa kapab dire a, enposib. Tanpri, ann renmen youn lot ase epi annou fè sa tousuit. Pou kahte doulè sa a fè nou reyahze mèvèy sa a : yon Lafrans avèk yon sèl konsyans, mèsi ! Nou chak nou kapab pote moun ki san kay yo sekou. Nou bezwen aswè a menm, demen pou pi ta : 5.000 lenn, 300 gran tant ameriken, 200 ti aparèy pou chofaj. Gremesi nou okenn moun, okenn timoun pa p dômi aswè a sou asfalt osnon sou waf nan Pari.» Tout peyi a te tande rèl s a : lajan vide, materyèl vide. Anpil volonté sanble. 23 mas 1954, li fonde : Les compagnons d’Emmaüs (konpanyon Emayis*) ; yo epapiye

Patamouch !

224

toupatou ap ranmasse rad, manto, soulye yo ofri yo pou sa ki pa ganyen. Yo konmanse bâti tou pou sa ki pi pôv yo ki pa kapab peye Iwaye. Labe Pyè pa rete la. Tout vi li li kontinye ap goumen pou sa ki pi pôv yo. Nan peyi nou tou plizyè moun ak ôganizasyon ap mete men pou sa ki pi fèb yo. Men, se tankou lave men siye atè sitèlman lanmizè a ap terase malere. Labe Pye te pale : Lafrans te koute, li te antre an aksyon. Lakay nou anpil pawôl sa yo se van. Malere pôv toupatou pèdi yon gran zanmi: Henri Antoine Grouès, ki te fèt 5 out 1912, ki antre nan seminè pou li pè a 18 tan, ki te adôpte non Labe Pyè, ki pase tan li sou latè ap pote kole avèk sila yo k ap soufri grangou, fredi, depôtasyon, tôti, esplawatasyon, enjistis, ki mouri lendi 22 janvye 2007. Li trase chemen pou tou sa ki kwè richès yon peyi pa dwe benefîsye yon ti ponyen pandan rès yo ap manje wôch. Labe Pyè, nou tout nan Sosyete Koukouy nou koube tèt nou devan sèkèy-ou. Pètèt ekzanp ou va touche kè enpe gwo zotobre ki vie tout pou yo, anyen pou lezôt. K

* Emayis se yon bouk kote Jezi te parèt devan 2 nan disip li yo âpre lanmô li.

225

Max Manigat

7. Memoryal pou Pol Larak Jedi

swa

ki

te

15

mas

2007,

pi

gran

sal

nan Yannoutuono Burr Davis Sharpe Funeral Home nan Mount Vemon, NY, pa te gan plas pou li te kenbe moun ki te vini di zanmi nou, patriyôt ak powèt revolisyonè, Pôl Larak, yon dènye orevwa. Fanmi an, te préparé yon pwogram pou penmèt anpil nan nou wè vanyan gason an yon dènye fwa. Depi 3 è pou rive 8 è diswa pa te gan plas pou pike zepeng. 3 è pou rive 6 è sete ekspozisyon kadav la ; 6 è pou 8 è : memoryal la. Men pwogram nan : Ouvèti ak mizik Martha Jean-Claude Entwodiksyon Temwayaj manm fanmi Pôl Lekti pwezi Mizik Marian Anderson Temwayaj zanmi Lekti pwezi Mizik Martha Jean-Claude

fini.

Se premye pitit gason Pôl, Max Laraque, ki swete nou byenvini epi majôjon an pran direksyon evennman an. Li bay Doktè Danièle Laraque Arena, pitit fi Pôl, lapawôl ki rakonte lavi papa 1 ak rive twa timoun yo Etazini lè yo te ti katkat. Frè Pôl, asosye li nan tou sa li t ap fè, Franck, raple konviksyon ak devouman defen an nan defann dwa sa y ap kraze anba pye yo. Plis pase 15 manm nan fanmi lan te pale. Michaëlle Auguste, ki te sot Ayiti

Patamouch !

226

avèk mari li, Clotaire Saint-Natus, te mete dlo nan zye anpil zanmi avèk kantite moman ki fè nou pa andwa bliye potorik gason sa a. An angle, an franse, an kreyôl, tout te pale menm pawôl la. Nou pèdi yon gwo tèt se vre men li kite nou ak memwa travay li,

ekzanp renmen san

kondisyon pou madanm ni, Marcelle, pou fanmi ü, pou zanmi li ak pou pèp ayisyen. Pati pwezi a konmanse ak reprezantan Sosyete Koukouy Nouyôk, Denizé Lauture. Pitit pitit Pôl, Marc Arena, yon powèt tou, fè sal la tranble nan voye gran papa 1 monte. Bravo te fè mikalaw. Anpil zanmi Pôl te pale : Berthony Dupont, Toton Gi, Mako Kénol, Dr. Albert Chassagne. Max Manigat ak lot ankô. Papadôs te fè moun ri pou pa chape, jan Pôl ta renmen nou ri a. Chèz pa te ase pou gwoup ki t ap vide jouk memoryal la fini. Mezonfinerè a te bije kite pwogram nan kontinye depase lè a. Nou di Pôl: “ Ou pran devan ; nou dèyè ap kontinye feraye. Chimen ou te balize a n ap suiv li jouk tou pa nou

227

Max Manigat

8. Senkantyèm anivèsè maryaj *

JWACHEN {JOACHIM) AK JAKLIN LEVI {JACQUELINE LÉVŸ) Samdi pase 21 oktôb 2006 sete bèl mèvèy nan legliz Holy Family nan North Miami. Pitit, pititpitit, frè, sè, nyès, neve, fiyèl, zanmi te reyini pou asiste y on mès Pè Jan Pyè {Jean Pierre) te selebre nan okazyon senkant an maryaj Jwachen ak Jakli n Levi. Mesye dam yo, djougan fôpapbs, fen kou ze zwa, monte devan lotèl la pou renouvle ve maryaj yo. Bravo te fè kenken. Apre sete yon michan resepsyon nan sal pawasyal legliz la. Anpil envite, mizik, diskou, manje. Kèk ansyen manm Haitian Bells, yon koral Jwachen te fonde Nouyôk nan ane 1970 yo fè koup la yon sipriz ; Jean-Claude Gabriel Kiki

Wainwrighl Raymond Dusseck, Nicole

Baron Roséfort, Yolande Thomas monte sou sèn la chante pou yo. Jwachen, ansyen mayestwo kè a, graje sou chèz li enpi lè H pa kapab reziste ankô li te bije monte sou sèn nan tou al pote lamenfôt. Asistans la te rete baba pou tande mesye dam sa yo âpre plis pase 20 an, yo pa répété ansanm.Yon lot mayestwo, Michel Dejean, te la tou pou onore konfrè mayestwo li. Anpil fanmi ak zanmi te deplase sot byen Iwen pou vin asiste fèt Jaklin ak Jwachen an. Nou pa vie konmanse

Patamouch !

228

nonmen non pou nou pa bliye Pyè osnon Polèt. Dayè tou, memwa nou pa ta pèraèt nou sonje tout foui sa a. Anyen pa ta kapab rann selebrasyon an pi grandyôz. Sete sa nèt! Sosyete Koukouy, ki te ganyen anpil manm li prezan, ap swete Jaklin ak Jwachen

anpil lot ane ansanm ankô.

Tankou plizyè nan nou te di : senkant an se nos lô : y ap tann nos dyaman an nan vennsenk an.

9. Kuizin kreyol : Chokola ONWA Sa ki pa te parèt nan Jounen Entènasyonal Lang Kreyol la, te pèdi yon bèl okazyon pou yo goûte yon espesyalite Okap : chokola onwa, Sant Kiltirèl Mapou te sévi avan konferans nan. Se Magerit Maniga Pold {Marguerite Manigat Pauld) otè liv: La cuisine de Margot. Best Haitian Recipes la ki te fè Sosyete Koukouy koutwazi voye resèt la pou H. Men li : « Pou sis (6) moun : 1/4 galon lèt 1 gwo bwèt lèt évaporé 1 tas sik 1 tas nwa kajou griye san sèl pase nan blenndè byen fen 1/2 anet’wale

Max Manigat

229

1/2 yon moso kannèl 1/8 ti kiyè sèl 1/2 ti kiyè ekstrè vaniy (esans) 2 ti kiyè chokola an pond (si w vie) 1/2 ti kiyè bè (si w vie) 1 po sitwon (si w vie) Bouyi lèt yo avèk sik, sèl, anetwale, kannèl, po sitwon, sou yon dife ki pa twô cho pou 10 minit. Ajoute nwa kajou griye pase nan blenndè a, brase pou 5 minit konsa. Si w vie bè a mete 1, epi ajoute esans vanyi la. Kite chokola onwa a sou yon ti dife pou 5 minit. Apre sa, sévi 1 cho. » (tradiksyon) Sosyete Koukouy ap di Magerit Maniga Pold : Mèsi anpil! ♦

10. The Gospel of Thomas INENGLISH, HAITIAN CREOLE and FRENCH Zanmi nou, Doktè Sharon Masingale Bell, pwofesè tradiksyon hterè : hterati karayib an franse ; fôlklô karayib an franse, nan Kent State University, voye fè nou kado yon bèl ekzanplè : The Gospel of Thomas in English, Haitian Creole and Trench. Travay

sa

a

Hebblethwaite

ak

parèt

sou

konpatriyôt

direksyon nou

Benjamin

Jacques

Pierre.

I

Patamoiich !

230

Tradiksyon an, anplis 2 direktè piblikasyon an, fèt avèk konkou Hans- Gebhard Bethge ak Michel Weber. Nan entwodisyon premye pati liv a : Levanjil Toma a nan kontèks istorik li. Benjamin Hebblethwaite ak Jacques Pierre eksplike : « Nan liv sa a, aspè lengwistik, espirityèl ak istorik fè yon sèl. Objèktif non se fè reviv Apôt Toma ak ansèyman li yo sou Jezi. Entwodiksyon an chita sou tradiksyon Toma yo ansanm ak tout konplèksite ki genyen nan tèks li yo. Nan tradiksyon nou an, nou bat pou nou itilize yon langaj fasil pou n ka rann tèks Levanjil Toma a klè pou tout moun konprann. Prezantasyon Levanjil Toma a nan lang angle, kreyôl ayisyen ak franse sou yon menm paj ap pèmèt lektè yo wè pi rapid ki jan ajansman mo yo fèt nan chak lang, epi ki mo nou itiUze kôm ekivalan soti nan yon lang pou ale nan yon lot.» Tradiksyon sa a montre ki jan lang kreyôl la pa gan limit pou devlope okenn lide syantifik. Se yon résous nou kwè ki kapab itilize kôm referans pou anpil tradiktè. Lè nou di sa, sa pa vie di

motin pa p jwenn okazyon pou

kritike travay la, okontrè se nan kritike ak rekonèt sa ki bon ladan 1, zouti sa a ap pran plis valè. Sosyete Koukouy ap di Pwofesè Sharon Masingale Bell: Mèsi anpil! Epi, 1 ap bat bravo pou kôkennchenn

Max Manigat

231

travay sila ki va ede jenn tradiktè yo vin pi maton nan * metye yo. Chapo ba pou Benjamin ak Jacques. * The Gospel of Thomas in English, Haitian Creole and Trench. Classic Editions, Gainesville, Florida, 2005, 122p. *

11. ISTWA SOSYETE KOUKOUY Karant an

pa 40 jou ! Jodi a non Sosyete Koukouy

sonnen nan kat kwen Etazini, nan Kanada, nan Kiba san n pa bezwen pale de Ayiti kote Mouvman Kreyàl te konmanse jouk pou li kite tras li nan listwa dAyiti. An 1949, Bisantnè te vini avè Teyat de Vèdi, an 1953 Moriso Lewa te mete atè yon Djakout powèm pou libéré konsyans li ak lonje dwèt sou yon lelit ki te toujou deklare li renmen kreyôl men san janmen leve yon ti dwèt pou fè 1 vanse. Epoutan, kanaval te nan lari chak lanne, rara te layite ko 1 chak sezon karenm ; konpôz te toujou ap voye chante pwent ; Zo Salnave te nan radyo chak jou ap voye lang pèp la monte. Men tousa sete fôlklô. Se pa te bagay sèrye. Ayiti sete « pitit Lafrans ». « Patwa » kreyôl te pou toujou rete tèt kanna. Li pa te pou monte sou tab. Men, yon van chanjman t ap soufle sou tout latè. Pèp Lazi, Lafrik t ap mande endepandans yo. Anpil san te

232

Patamouch !

koule pou sa. Endepandans politik pa te posib san lizay kilti pèp sa yo, lang yo an premye, pa te kore 1. Se konsa, nan lanne 1965, kèk jenn fanm ak jenn gason : Pyè Banbou, fan Mapou, Pyè Legba, Idalina, Maryse Hyppolite te kole tèt yo ansanm pou yo te fonde yon asosyasyon ki te pote non Mouvman KreyàlAyisyen (M.K.A.) Lang pèp la - moun yo zôt te twaze ak plede rele lamas la - te pou mande dwa li pou lè save ak politisyen, jij ak minis ap tilititi pou li pa te rete tankou joko ap tande san konprann. Mouvman Kreyàl te mete nan pwogram ni pou li feraye pou kreyôl sispann viv kôm restavèk franse ; pou li pwoklamen endepandans li epi vin lang ofisyèl nan peyi a. Jan Mapou, se yonn nan manm fondatè Mouvman Kreyàl. Lè lapousiyè vin tonbe sou Ayiti avèk Franswa Divalye plis tontonmakout li yo ki pete yon jwèt sovaj kont tout aktivite kiltirèl, Jan Mapou ak plizyè lot manm Mouvman Kreyàl la pran prizon ; bon pye ki pou chape move ko mennen anpil nan yo lot bô dlo. J.M. ateri Nouyôk. San pèdi tan, li ôganize Sosyete Koukouy ki ti kreyôl defen Mouvman Kreyàl An 1985, nan bouske lavi pou fanmi li, li transféré Miyami kote Ji kanpe sosyete a seyanstenant. Jodi a, Sosyete Koukouy avèk deviz li a « N ap klere nan fènwa» gan 75 manm. Plizyè chapit sosyete a tabli

Max Manigat

233

nan Nouyôk, Konetikèt, Tanpa Be. Omsted, Kanada, Ayiti. * Kinalaganach, y ap travay pou montre piblik ameriken an ak pa nou an tou, veritab mizik, pwezi, teyat, dans, chante pèp ayisyen, ki pa krizokal. Kanta pou lang kreyôl la menm, se pi bèl zouti yo ganyen nan men yo pou leve Ayiti anlè. Depi 1990, /an Mapou louvri Libreri Mapou ki, dapre Jean Desquiron, pi gwo libreri ayisyen nan lemonn antye avèk yon koleksyon liv kreyôl ki san parèy. Anlè lokal libreri a tou se kay Sant Kütirèl Koukouy. Nan lakou dèyè libreri a, se la repetisyon dans ak teyat fèt chak samdi. Sosyete Koukouy Miydmi déjà prezante 12 pyès teyat. Yonn nan yo DPM Kanntè, k ap montre kouraj ak fyèl Ayisyen k ap kouri kite lakay pou vin chèche lavi miyô pabôrisit, mete dlo nan je anpil moun chak fwa yo jwe 1. Sosyete Koukouy ihk kare devlope. Karant an pa karant jou ! Pye gayak sa a, Mouvman Kreyàl te mete nan tè a an 1965 la, kanpe djanm. Nanpwen van, nanpwen siklôn, nanpwen malpouwont k’ap vin rache 1. Abobo ! novanm 2005)

(18

»

r

• ^

1 *■ ^ , ■ ' ■Sîj^'V'' •

XIV Zanmi ki pran devan lÆmile OUivier{ 1940 - 2002) 2. Pè Antoine Adrien (1922-2003) 3. RenéBélance {\9\5-20ÇiA) A. Paul Laraque (1920-2007)

1. ÉMILE Ollivier (1940-2002) Gen de kalite nouvèl ki fè w pantan. Se yonn konsa mwen resevwa nan yon mesaj entènèt ekriven Gérard Étienne voye ban mwen yèwoswa. Maten an, mwen rete gaga devan ekran konpyoutè a san yon mo pa kapab soti nan bouch mwen. Milo Ollivier, sosyolôg, pedagôg, womansye lou, militan demokrat antimakout, zanmi kanmarad sensé, nèg ki renmen lodyans fôpaplis, kite non yè maten 10 novanm. Li te leve kankou li fè chak dimanch, soti al achte jounal li. Se nan lari Monreyal endispozizyon an pran 1. Milo, fèt Pôtoprens an 1940 ; âpre klas filozofî li, li te etidye Lekôl Nômal Siperyè, seksyon filozofi. Li te pati pou Lafrans kote li te kontinye etidye literati ak sikoloji. Pou li pa te tounen nou tentennad Divalye a, li pran legzil nan Pwovens Kebèk, Kanada. Se nan Inivèsite Monreyal li fè karyè kôm pwofesè nan Fakilte Syans Edikasyon. Lè li te pran retrèt H, li te kontinye viv Monreyal. Émile Ollivier ekà kat woman, yon resi otobyografik, sèt ese ak kat nouvèl. Men sa ki pi konni yo : Woman: - Mère-Solitude, 1983 (Pri Jak Woumen) - La discorde aux cent voix, 1986 {Prix Journal de Montréal) - Passages, 1991 - Les urnes scellées, 1995

237

Max Manigat

Nouvèl : - - Paysage de l'aveugle Resi otobyografîk : - Mille eaux, 1999. Esè : 1946-1976; Trente ans de pouvoir noir en Haïti {avec Cary Hector, Claude Moïse), 1976. Haïti, quel développement ? {avec Charles Manigat, Claude Moïse), 1976 Repenser Haiti : grandeur et misères d'un mouvement démocratique {avec Claude Moïse), 1992. Nan non Sosyete Koukouy toupatou epi nan non pa m, rn ap mande madanm li, Marie Josée Glémaud, pitit li, Dominique, ak pititpitit li, Melissa, pou yo pran kouraj. Nou tout ap sipôte lapenn nan avèk yo. Yon potorik gason ale men li kite tras li «

2.

Antoine Adrien {\922-20Q?J)

Nou te konnen jou a te la pou rive. Nou t ap chèche nouvèl nan men tout zanmi ki sot Ayiti. Denpi kèk tan sa pa te mâche ditou men jodi a se tout bon. Omonye bôyskout, pwofesè, konseye, patriyôt, Ayisyen konsekan, Pè Antoine Adrien kite nou. Jou a tris, li di pou nou men nou kontan nou kapab sonnen kleron pou deklare : gason sa a travèse tè a san janmen kite move kou kontrarye chemen li. Li bite

Patamouch !

238

plizyè fwa, li tribile anpil pou sa li te kwè men li pa janm lage. Lè m kontre ak Pè Adrien an 1952 msye te jenn gason. Sete nan yon kan ekôl pou chèf bôyskout. Twoup Saint Georges seminè t ap chèche jenn lidè pou dirije 1. Pè a pale avè m enpi mwen aksète vini nan twoup la konm Asistan Chèf Twoup. Denpi tan sa a jouk mwen pati al anseye an Afrik, an 1964, Pè Adrien avè m nou makônen. Pasaj mwen nan Twoup Saint-Georges make m anpil. Se la mwen rankontre avèk anpil bon zanmi : Henri Delatour, Lucien « Mordicay » Cuvilly, Gérard Martineau, Géro ak Joujou Gousse. Siman gwoup la sete Pè Adrien. Ala bon moman nou pase ansanm ! Ala bèl pwojè nou te ganyen pou Ayiti ! Jodi a fôk nou dakô yon bon grenn kite nou men se pa paske flè lespwa a pankô donnen pou nou di pasaj li sou latè pa te ede nou zanmi 1 yo, fidèl li yo, elèv li yo ak tout pèp ayisyen li t ap goumen pou li a. Se pandan m deyô à mwen pran nouvèl kouman Divalye pouse do Pè Seminè yo. Se Pè Adrien ki te siperyè Sen Masyal lè sa a. Tounen m tounen sot Kongo mwen jwenn Pè Adrien Nouyok. Nou remakônen. Nou travay ansanm nou revi Sèl, nan lit kont gouvènman makout la. Kou Divalye tonbe, li pati al travay pou pèp ayisyen an Ayitimenm. Nou te toujou rete bon zanmi.

Max Manigat

239

Chak fwa mwen vwayaje an Ayiti mwen chèche wè li. Men an 1999, dènye fwa mwen pase a, sa pa te posib. Li te déjà twô malad, kouche sou yon kabann san janmen pale. Mwen te bay Pè Max Dominique konmisyon pou li. Kou lide m tonbe sou Pè Adrien : se zanmi sa ki pi pôv yo mwen wè. Se ti kay an blôk woutye Sen Jôj yo te bâti nan lakou Bwatchenn nan ; se blôk bôyskout yo t al montre abitan Ti Plas Kazo yo fè ; se malere k ap monte desann Seminè vin chèche lasistans nan men 1 ; se pati 1 pou Repiblik Santafrikenn pou 1 al anseye ; se tounen 1 Etazini kote li fonde « Haitian Fathers » avec Pè William Smarth, Pè Jean-Yves Urûé, Pè Émile Jacquot nan mitan kominote ayisyen an nan Bwoukhn ; se kouri reprann plas h an Ayiti kou Divalye tonbe ; se al rete nou katye Sen Maten Pôtoprens pou 1 pi pre malere yo. Se gason sa a m ap gade nou memwa m ; ki pa preche bèl pawol pandan 1 ap konmèt move zak. Ki kare kou brik savon, ki se lanmè ki pa sere kras. Antwàn, zanmi mwen, gran frè mwen, moman an rive pou nou di w mèsi. Mèsi pou sa w mouri kite : yon lavi kretyen ki kapab sévi kôm ekzanp, yon lavi sitwayen ki montre sa yon Ayisyen vreman vre vie di. Nan yon peyi kote fo pwofèt ak vakabon fè mikalaw, li bon, li bon tout bon pou nou sonje w Pè Antoine Adrien. Fôk nou leve non

Patamouch !

240

w dekwa pou jeun jenerasyon k ap vini yo mande ki sa nèg sa a te fè. Nou di w mèsi pou wout ou te fè avèk nou. Ou te mâche dwat, tèt ou leve. Se konsa ou te antre nou vi nou se konsa ou soti tou. Nou pa p janm bhye sa. Zanmi yo nan lapenn, kongregasyon w yo ap kriye, Pè Sen Espri yo pèdi yon poto mitan, etranje kou Ayisyen ki te konnen w ap di : men yon nonm serye ki pati. Ou pran devan. Nou menm ki ret dèyè na kontinye nonmen non w. N ap kontinye mande devan chak sikonstans mangonnen : ki sa Pè Adrien ta fè ? Nou te kontan mâche avèk ou. (18 me 2003) *

3. Dwayen

Rene Belance{\9\5-200 A)

powèt

ayisyen yo ;

René Bélance,

mouri

Pôtoprens 11 janvye ki sot pase a. Li te ganyen 89 an. Li te fèt Koray 8 janvye 1915. René Bélance, te pase vi 1 nan lansèyman. Nômalyen, fè lekôl sete vokasyon 1. Nan peyi 1, Pôtoriko, isit Etazini non 1 nommen kôm bon pwofesè ak nèg serye. Se nan Brown University, RI, li fini karyè li. Men sa pa vie di li te depoze

241

Max Manigat

bâton lakre a. Tounen 1 tounen nan peyi, li te kontinye ap ’ bay kou lakay li. René pa ekri okenn rekèy pwezi an kreyôl men li te travay nan kanpay alfabetizasyon an kreyôl pou granmoun. Li te pibliye : Rythmes de mon cœur^n 1940 ; Luminaire an 1941 ; Pour célébrer l’absence an 1943 ; Survivance an 1944 ; Épaule d’ombre'an 1945 ; Nul ailleurs an 1978. Li pa fasil pou klase pwezi Bélance men nou konnen li te panche anpil pou surréalisme menm si tout pwezi 1 pa sanble sa. Kankou yo fè isit lè yon atis kite nou, Biwo Santral Sosyete Koukouy ak tout branch li yo ap bat bravo devan tonm gran powèt ak gran Ayisyen René Bélance. N ap mande fanmi 1 ak zanmi 1 yo, gran frè nou Paul Laraque an premye, pou yo konnen jan nou apresye lavi René\i\ trase chemen pou jenerasyon k ap suiv yo

4. POL Larak {Paul Laraquè) (1920 - 2007) Mwen nonmen non ou ... Jedi 8 mas 2007 sa a nan mâche Sent Elèn Jeremi, gan yon bri ki konmanse kouri : yonn nan mesye Larak yo, sa ki te ansyen kolonèl Lame dAyiti a, nou kwè se Pôl Larak

Patamouch !

242

li te rele, mouri Nouyôk. Pi jenn machann yo di yo pa konnen moun sa a, sa ki pi vye yo kwè yo chonje non an. Yon tonton ki t ap pase kanpe, li te deklare : « Kouman fè non pa janm tande non Pôl Larak, se moun Jeremi, se powèt, ekriven ki toujou defann kôz malere. Koute radyo n a konnen sa k ap di sou li. » Sa 1 fin di a, wonnonwonnon an grandi, telefôn selilè konmanse bouyi, nouvèl la pran lavil la pou li. Men kote li soti ? Sanble se gason lakou Misye Entèl la ki te founi zôrèy li pou vole 2 mo nan yon konvèsasyon

mèt

kay

la

avèk

madanm

ni

pandan

kuizinyèz la t ap sévi yo kafe a 6 è dimaten. Nan mâche Kwa Bosal, nan Site Solèy, nan Raboto Gonayiv, nanLafosèt Okap, pawôl la pral pale tou men pa ganyen anpil ki sonje ni non ni repitasyon Pôl Larak. Nouvèl la kontinye gaye. Pou vè midi konsa, Absalon nèg Leyogàn ki vann sirèt nan yon bak devan Otèl Plaza sou Channmas Pôtoprens te gan tan ap resite sa li pran nan radyo. « Gran patriyôt, powèt revolisyonnè, Pôl Larak, ki malad depi kèk tan, kite nou jodi a 8 mas 2007 a 5-è dimaten. Pôl te yon ansyen kolonèl Lame dAyiti men li pa te fè bann ak lôt ofisye ki t ap maspinen pèp la. Divalye te revoke 1, li te pati an ekzil an 1961. An J986, U te tounen nan peyi 1 men sa 1 te wè te ba h degoutans. Li te pito vire do 1 al viv Nouyôk. »

Max Manigat

243

Bèlis ki t ap koute entewonp Absalon ; « Kisa nonm sa a te fè pou malere pou w ap plede voye 1 moute konsa ? » Absalon kuipe 1 : « Se konprann ou pa konprann sa « gran patriyôt ak powèt revolisyonnè » vie di. Poukisa ou pa mande ? » De twa lot aryennafè ki te sanble pete ri kwa ! kwa ! kwa ! Bèlis konfôme 1. Li kite Absalon pale. Se konsa, nan chak kwen, bô tab machann chen janbe yo, nan taptap, nan otobis, nouvèl lanmô Pôl rive jwenn pèp li te goumen pou li a. Jounal, radyo, televizyon pral ekri, pale, montre lavi ak zèv li pou plizyè jou. Nan mâche Sent Elèn, nan mâche Kwa Bosal, nan Site Solèy, nan Raboto Gonayiv, nan Lafosèt Okap, nan Savann Okay, kankannèr, merilan, machann kenkay, chany, bouretye, yo tout ap kontinye monte desann yo, vire tounen yo. Te gan yon nouvèl, yon gwo gason ki rele Pôl Larak mouri men timoun yo grangou lakay, n a di podyab pou h men nou pa sa kanpe. Epoutan, Pôl te konprann tray malere, li t ap batay pou wè si sô yo ta chanje. Pôl se sa Ameriken konn rele « rôle mode!» pou phzyè nan nou ki kwè mete phm sou papye gan enpôtans h. Se pa sèlman pou kalite pwezi h men pou tout jefô li plede fè pou mete lang kreyôl la kanpe sou de pye 1. Apre Fistibal, li te mete Solda mawon deyô, âpre sa Lespwa. Tout pwezi franse li rasanble nan « Œuvres incomplètes»:

Ce

qui demeure,

Camourade,

Armes

quotidiennes / Poésie quotidienne, ki pote Pri Casa de la

244

Patamouch !

Americas nan Kiba. Se pa nwasi papye pou pale bèl franse ; se zam plim nan tounen pou atake tout lènmi pèp la. Pôl, ganyen yon plas espesyal nan kè Sosyete Koukouy pou travay san pran souf li pou lang kreyôl la kriye wonz toupatou. Nou P ap kriye pou solda mawon an, n ap pito kanpe kinalaganach pou kenbe drapo li lonje ba nou avan 1 tonbe a. Nicole, Claude, mwenmenm, n ap di fanmi Pôl, pitit li yo : Max, Serge, Danielle, pititpitit b yo, zanmi nou Franck frè li, nyès, neve ak fanmi pa yo, ti nyès, ti neve, bofi, bèlfi, zanmi, asosye ; kouraj pou pase move pa sa a. Souvni Pôl P ap janm mouri. Pyebwa li plante a gan tan leve, li fleri, li bay grenn ki pouse déjà. (8 mas 2007)

XV Salouwe m ape salouwe

SALOUWE M APE SALOUWE Mezanmi, men rekôt mwen ranmase nan ti moso jaden kreyôl kinan m la. Anvan m di m ale, kite m salouwe de twa zanmi kanmarad ki plede travay nan jaden kreyôl la tenkantenk epitou ki ban m kouraj pou mwen kontinye pale avèk moun mwen yo : Defen

Théodore

Beaubrun,

Languichatte,

aktè,

dramatij, pou Ana. Georges Castera, majôjon devan bann rara powèt kreyôl yo; otè Konbèlann ak kantite lôt rekèy ankô. Sito Gavé, powèt, konpôz ki renmèt nou Mwen soti Pôs Machan, dramatij, otè Ki mô k tiye lanprè, yonn nan pi gwo ekriven kreyôl jenerasyon nou an. Jean-Marie Willer Denis, Jan Mapou, manm fondatè mouvman kreyôl ki te pral tounen Sosyete Koukouy. Majôjon sosyete a ki pase anpil nuit blanch ap okipe zafè gwoup la. Gason total ki pa bouke espadonnen toupatou pou kilti peyi nou a toujou leve tèt, li anlè. Powèt pou Pwezigram, Bajou Kase ; dramatij, direktè teyat pou Anba Tonèl, Tatalolo, Anba Lakay, DPM Kanntè, Lanmô Jozafa, Maryaj Daso, Libète ou Lanmô ;

ekriven

pou Anba

Mapou a (lomeyans ; jounalis ki depi plis pase 25 an kenbe

247

Max Manigat

yon

paj

kreyôl

chak

senmenn

nan

jounal

Observateur avèk Haïti en Marche ; animatè :

Haïti Antèn

Koukouy ak lot pwogram radyo an kreyôl ; librè ki kanpe Libreri Mapou nan Miyami kote depi se etranje ak Ayisyen ki bezwen liv sou peyi nou an gandwa al pran sévis. Ki marye avèk Rita Méhu Denis, Jàn Mapou, ki soutni li nan tout aktivite pou kilti ak literati kreyôl la paweze ; ki li Patamouch, pou korije tou sa ki te bezwen korije, depi nan très cheve jouk nan pwent zôtey. Abobo ! Émile

Célestin

Mégie,

Togiram,

yonn

nan

papa

mouvman pou bay kreyôl lonnè ak respè li mérité a. Powèt, womansye,

manm fondatè Sosyete Koukouy ;

womansye pou Lanmou pa gen baryè ak Agasya Defen Suzanne Comhaire Sylvain, antwopolôg pou Contes haïtiens, Bouqui nan Paradis, Qui mange avec une femme', lengwis pou Le créole haïtien, morphologie et syntaxe,

vodoulôg

pou

Vocabulaire

des

croyances

paysannes. Yves Dejean, doktè nan lengwistik, espesyalis lang kreyôl, edikatè, profesè pou Ti liv ôtograf kreyôl, Aprann li, Ann aprann ôtograf kreyôl la, Kèk konsèy pou moun. Alphabetizasyon ..., Yon lekôl tèt anba nan yon peyi tèt anba ; tradiktè liv Jean-Robert Cadet a : Restavèk ; defansè dwa pèp la pou li ekri jan li pale a.

248

Patamouch !

Fritz Dessous, Papadôs, dramatij pou : Nan soulye Waehintonn, Moun fou nan mitan Pôtoprens, Manman pa janm sevre pitit, Adjipopo, Manman priye pou mwen, Je Bondye, Fanm vanyan, Wôch nan solèy ak Wôch nan dlo ; powèt pou Pataswèl, Pikan kwanna. Defen Jules Faine pou Philologie créole ak Dictionnaire français-créole ki yon veritab ansiklopedi lizay ak kilti pèp ayisyen an. Gérard Férère, pwofesè kreyol. Ph.D. (Doktè nan Filozofi), Pwofesè Emerit, franse, panyôl, ak linguistik, Saint Joseph's University. Lotè plizyè liv ki li epi reli Patamouch pou chèche ak korije tout ti fot ki te chape mwen. Abobo ! Ralba, Dr. Serge François, zanmi san repwôch, doktè ki pa konn lajan ki leve nenpôt ki lè pou al swenyen sa ki nan soufrans, ki anvan menm te ganyen médecins sans frontières, te viv pwogram sila ; powèt, odyansyè pou Ri amerikèn (CD.), nèg save ki konnen lang kreyol pase anpil chèlbè ; ki ekri « Dèzyèm son » ki karyonnen Patamouch konmanse. Abobo ! Frankétienne, potorik gason nan literati kreyol ayisyen an pou Dezafi, Zagoloray, Adjanoumelezo, Bobomasouri, Pèlen-Tèt, Toufoban, Kaselezo, Totolomannwèl, Melovivi, Minwi mwen senk, Kahbofobo, Fou-kifoura.

249

Max Manigat

Jacques Jacquelin Garçon, Zandô Zou Pyewo, gran atis peut ki reyalize kouvèti Patamouch avèk karikati otè a ; espesyalis nan kreyôl nan Nô ki pa janm bouke enstwi m sou sa m pa konnen nan lavi pèp depatman sa a. ; manm Sosyete Koukouy ki kenbe kôn nan nan « Tigout pa Tigout » ap séparé avèk nou tout bon koze li te tande « Anba bouch a Grann Mari » ; ki ekri « Twazyèm son » ki karyonnen Patamouch konmanse ; ki reli li plizyè fwa pou dechouke tou ti fot. Abobo !

Mercedès

Foucard

Guignard,

Déita,

powèt

pou

Majôdyôl, sanba pou Kont nan jaden peyi Ti Toma, womansyè pou Esperans Dezire, dramatij pou Nanchon, antwopolôg, vodoulôg, ki pa bouke fè rechèch nan tout peyi a pou enstwi pèp ayisyen. Abobo !

Maude Heurtelou, womansyè pou Lafanmi Bonplezi ak Sezisman pou lafanmi Bonplezi, ekrivèn liv pou timoun pou Makso, tradiktè Jacques Roumain pou Mèt lawouze ; yonn nan medam nou yo ki travay piplis pou devlope literati kreyôl la ; ki kolabore avèk mari 1, édité Féquière

Vilsaint, nan preparasyon ak piblikasyon anpil liv ak disyonè bileng angle - kreyôl.

Michel-Ange Hyppolite, Kaptenn Koukourouj, powèt, pou Anba Lakay, Zile nou{ pwezi nan 3 lanng), Istwa Pwezi kreyôl Ayiti ( Esè )

;

pwofesè syans ki ban nou

250

Patamouch !

Atlas Leksik Zo Mounn ( leksik nan 4 lanng), Kô Mounn sistèm Zo ( liv byoloji) ; Li konprann ekri : yon jaden kreyôl ( lekti esplike) ; Lèt Ife ak Soûl ( lèt nan 3 lanng ) ; animatè Sosyete Koukouy nou Monreyal. Claude Innocent, mwen te rankontre Jamayik an 1965, kote li t ap tann move van bay kalmi pou li te rantre nan peyi 1. Se regretan, li pa janm pibliye powèm li yo men de twa sa nou konnen yo tankou Kalinda la pou 1 bat ak Lavi vye nèg pa mâche sou krepsôl ba nou lapeti pou nou ta jwenn pi plis. Si detwa liy sa yo ta tonbe nan men 1, mwen ta renmen 1 konnen nou grangou, nou swaf powèm li yo. Bob Lapierre, pwofesè kreyôl, direktè teyat {thespiaii), powèt pou Byenfini - Malfîni, sanba pou Bouki ak Malis, dramatij pou Bonnonm Kwachi, istoyen teyat ki ekri tèz dôktora li sou teyat ayisyen. Franck Laraque ki pare pou leve kanpe nan tou sa ki ta bon pou Ayiti. Ki tradui, avè m, yonn nan powèm kreyôl yo ki parèt nan Patamouch jodi a. Se li tou ki te pouse pou premye kou kreyôl te fèt nan'Ctzy College ofNew York ■an 1971. Petèt premye fwa yon inivèsite ameriken t ap anseye lang ayisyen an. Defansè pèp la, lang^li, kilti li. Ki ta renmen wè Ayiti vanse pou malere kapab pran kanpo. Abobo!

Max Manigat

251

Defen Paul Laraque, towobann, powèt sosyalis ki kwè * nan revolisyon popilè, ki pa p janm fè kankou zôt ki ekri « revolisyon » men ki manje pawôl yo. Yonn nan premye powèt ayisyen yo ki voye kreyôl la monte, pou Fistibal, Sôlda mawon, Lespwa, « Open Gâte» an Anthology Haitian

Creole

Poetry li

pibliye

ak

konkou

of

Jack

Hirschman, Boadiba, Max Manigat 2Îk Jan Mapou. Abobo ! Maxilien Laroche, espesyalis lang kreyôl, otè plizyè liv an kreyôl : Teke, Se nan chimen jennen yo fè lagè. Kritik literè ki toujou voye kilti ayisyen an monte. Denizé Lauture, powèt, ekriven liv pou timoun, otè Boula pou yon metamôfôz nan peyi a. Defen Justin Lhérisson, womansye wôdpôte ki kite pou nou de man penba lodyans : La famille des Pitite Caille ak Zoune chez sa nainnaine ki chaje ak mo ansyen nou ta pèdi si li pa te sere yo pou nou. Jean-Claude

Martineau,

Koralen,

powèt,

konpôz,

odyansyè ki pa ta bezwen ekri plis pase Flè dizè pou li ta famé men ki ban nou senkant fwa plis. Dr. Ernst Mirville, Pyè Banbou, manm fondatè Sosyete Koukouy, fabilis pou Tim-Tim, lenguis, powèt pou Deviz, tradiktè pou Similak. Istwa tribilasyon M. Elenis Katon. Tradiksyon yon woman Fernand Hibbert.

Patamoiich !

252

Defen Félix Morisseau Leroy, Moriso Lewa, gangan, mèt bann, chèf kanbiz, ki pami premye defansè lang kreyôl la. Otè Diacoute ki te reveye anpil save ayisyen nan dômi. Powèt djanm pou Vilbonè, sanba pou Kont kreyôl, dramatij

pou

Antigôn

an

kreyôl,

womansye

pou

Ravinodyab. Yonn nan pilye literati kreyôl ayisyen an. Roger E. Sa vain, pwofesè kreyôl, otè Dis pa nan kreyôl ayisyen

an,

New

Haitian

Kreyàl-English

Picture

Dictionary, Kreyôl. La langue haïtienne en dix étapes, Tètansanm ; jounalis kwonikè nan jounal Haitian Times. Defen Maurice A. Sixto, Ton Môy, kankou 1 nanpwen nan tire lodyans, ki ban nou Leya Kokoye ak Ti Sentaniz ki fè plis pou edikasyon politik pèp ayisyen pase douz enstriksyon sivik. Sosyete Koukouy ki depi karant an ap « klere nan fè nwa ». Pi gwo ôganizasyon k ap defann lang avèk literati kreyôl la. Emmanuel Védrine, ekriven, pou Ti istwa kreyôl. Short stories in Haitian Creole, powèt, womansye, pou Sezon sechrès Ayiti,

edikatè,

pou Yon koudèy

sou

pwoblèm lekôl Ayiti, bibliyograf, pou kôkennchenn An Annotated Bibliography of Haitian Creole, 700 paj.

Max Manigat

253

Féquière Vilsaint, pwoprietè ak direktè pi gwo mezon edisyon

ayisyen

lôtbô

dlo :

Educa

Vision,

Inc.

ki

espezyalize nan materyèl edikasyon an kreyôl ; leksikolôg otè Diksyonè angle - kreyôl. English - Creole ; ki kolabore avèk

madanm

ni

Mande Heurtelou pou

Diksyonnè

kreyôl

Vilsen,

Dictionary,

English

-

ban

English-Haitian

nou ;

Science

Kreyôl Idiomatic Expressions,

Pictorial English Creole Dictionary, k ap monte desann nan tout Etazini, Kanada, Ayiti pou pouse literati ayisyen an. Abobo ! Kiki Wainwright, Palmannô, manm Sosyete Koukouy, powèt, pou Zepon file ak Nan tan malouk ; konpôz pou Rara liberasyon {C.D) ak Kayimit vyolèt {C.D) ; mizisyen, direktè koral Koukouy ; sanba, pou Bonifas ak Malefîs ; gason disèt bouton ki pran pozisyon kare bare pou pèp ayisyen kont zwazo mechan k ap fin deplimen yo. Abobo !

SaLOUWE, M APE SALOUWE :

Raoul Altidor^ou Koulè midi. Pwofesè Pierre Anglade otè Inventaire étymologique des termes créoles des Caraïbes dôrigine africaine. Marie-Thérèse Archer oxè. La créologie haïtienne. Atis Endepandan, gwoup chanté pwogresis. Defen Jean Joseph Audain otè premye rekèy pwovèb kreyôl la (1877).

Patamouch !

254

Papi Djo, Joseph Augustin, ki te kreye mouvman Tanmboula a. Pierre-Roland Blain, animatè Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyôl Ak Alfabetizasyon (KEPKAA) Jean-Claude Bajeux^aw Môso chwazi pawôl ki ekri an kreyôl ayisyen. Hilario Batista Félix, powèt kreyôl desandan Ayisyen nan Kiba. Mimi Barthélemy, sanba pou Tezen. Guy A. Bastien pou Paroles d’hier et d’aujourd’hui. Recueil de proverbes haïtiens. Rémy Bastien, antwopolôg pou Anthologie du folklore haïtien. Dominique Batraville, powèt, pou Boulpik ak Papye kreyôl. Jean-Evens Berret, kowotè avèk Féquière Vilsainf. Diksyonè angle - kreyôl. Ekip revi mansyèl Bon nouvèl la pou gwo travay yo fè pou pouse lang kreyôl la pi wo. Jean Casimir-çom Ayiti Toma. Haïti chérie. Defen Lumane Casimir, rèn chantrèl ki t ap fè resiyôl konkirans. Manno

Charlemagne,

powèt,

konpôz,

chanté

pwogresis. _ . Defen Emond Chenet, otè Proverbes haïtiens avec leur traduction littérale ou leurs équivalents en français {\9Qb). Philippe Christophe Charles, powèt, otè yon antoloji ; Pawôl kreyôl.

Max Manigat

255

François Damien pou Proverbes créoles d’Haïti Gary S. Daniel, nanm Sosyete Koukouy Tampa, powèt, pou Nan peyi Gonbolyen ak Tripotay nan peyi Gonbolyen. Mizikolôg Claude Dauphin pou Brit kolobrit. Defen Mont-Rosier Dejean, papa Yv avèk Pôl Dejan, otè yon rekèy fab. Defen Paul Dejean, ki avèk frè li, Iv, te pami premye moun ki te tradui levanjil an kreyôl. Defen Candio Despradines, konpôz, gran chanté. Émerante Despradines, rèn chantrèl. Carole Démesmin, Kawôl Mawoule, rèn chantrèl. Desandan, koral desandan Ayisyen yo (Kiba) k ap pote kilti ayisyen an toupatou nan lemonn antye Janjan Dezire, manm Sosyete Koukouy, powèt, pou Powèm pou yon Ayiti tou nèf. Berthony Dupont, powèt, pou Pliye pa kase. Gérard Étienne, lenguis, ki fè tèz dôktora li sou kreyôl nan Nô. Emmanuel Eugène, Manno Ejèn, powèt, pou Eziltik. Dieudonné^docàin, powèt, édité pHzyè hv an kreyôl. Fayo {Raphaël Urciolo) pou 3333 Proverbs in Haitian Creole. Mytho Félix, powèt mwen fèk dekouvri men ki chaje ak talan. Cari Fombrun, ki kenbe yon kronik kreyôl chak jou Granmèt la bay sou blàgXi a, le Coin de Cari Franck Fouché, Œdipe-Roi di\i Yerma.

dramatij,

pou Bouki nan paradi.

Patamouch !

256

Eddy Garnier,

ekriven, powèt pou Ginen m an

chalkalis. Defen Jean-Claude Garoute (Tiga), powèt, atis-pent, kontè pou Ze kalanderik. Haitian Fatbers yo : Antoine Adrien, William Smarth, Jean- Yves Urfié, Émile Jacquot, ki te kreye revi kreyôl Sèl la lô yo te Nouyôk. Pwofesè Jeannot Hilaire, leksikograf pou Lexicréole {identiBcation des sources lexicales) ak L'édifice créole en Haïti ; tradiktè, womansye pou Souvnans. Lionel Hogu, majôjon REKA. Defen Martha Jean-Claude, larenn tout rèn chantrèl yo. Dean Carole Bérotte Joseph, doktè nan edikasyon, pilye ansèyman bileng kreyôl angle nan Nouyôk. Prophète Joseph, leksikograf otè Diksyonè sinomim lang kreyôl. Raymond A. Joseph, tradiktè Labib, jounalis kwonikè nan Haïti Observateur. Pwofesè Jean Julien, otè y on seri dis C.D. sou Istwa d Ayiti depi envazyon Kristôk Kolon an jouk Franswa Divalye. Dr. Ernst Julméus, Degoutan, manm Sosyete Koukouy, animate Antèn Koukouy, ekriven. Earah Juste, rèn chantrèl. Keslèbrezo, sanba militan.

257

Max Manigat

Josaphat R. Large, womansye, powèt fèm kou laretrèt, pou Pè sèt. Defen François Latour, aktè, direktè teyat, espikè radyo san parèy. Yvette Israël Leroy , powèt, pou Galata yon sanba {CD.) Chariot Lucien, powèt, karikatiris, lodyansè k ap vide yon dal bon C.D. kankou Grann Dede, Ti Cyprien. Serge Madhère, powèt, pou Silo sajès. Prensip filozofi lavi. Angelucci Manigat Jr, powèt, jounalis, manm Sosyete Koukouy Connecticut. Defen Luc Marcel, Azibe, aktè teyat. Bobby Médard, Rassoul Labuchin, powèt, pou Trois colliers maldioc (Twa kolye maldiôk) ak Compère (Konpè) François-Marie Michel, powèt, fondatè Radyo Sanba. Sylvie Obas Michel, Sanba Mousa, kwonikè nan Radyo Sanba. Luxembourg Mondésir

pou

Cauzement

paysan,

souveni, conte provèbe ak gnou roman dramatik. Rudolph Muller, powèt andanndo pou Zinglin ak Paroi Anpil ki pote Prix LLenri Deschamps. Pierre-Richard Narcisse, powèt, pou Dèy ak lespwa, Depale, Recho potajè. Liliane Nérette louis, sanba, pou When the Night Falls. Cric ? Crac ! Haitian Folktales.

Patamouch !

258

Mono Numa, dramatij : Boukmann Towokàn, tradiktè Le Cid \ Jeneral Rodrig. Achille Paris, Ti Paris, twoubadou, chanté pwogresis. Cauvin L. Paul, doktè nan lang franse, edikatè, powèt, womansye. Pè Lodewijk F. Peleman, misyonnè, leksikograf pou Diksyonnè kréyôl - fransé. Emmanuel C Paul, antwopolôg, pou Pamorama du folklore haïtien. Claude Pierre, pou Randevou. Antoloji krreyôl. Pwezi d Ayiti. Jude Piquant, pwofesè kreyôl nan Bwouklin Kolèj. Jean-Robert Placide, lengwis k ap chèche orijin mo nan vokabilè kreyôl la nan lang afriken yo. Marc Prou, doktè nan edikasyon, pwofesè, direktè kou dete pou aprann kreyôl, otè Spoken Haitian Creole for Intermediate Learners. REKA (Rezo Entènèt Kreyôlis Ayisyen) k ap feraye kinalaganach sou entènèt pou kreyôl la layite kô 1 nan lemonn antye. Carl-HenriRey, powèt pou Yon cho yon dous. Deslandes Rincher, leksikograf, librè, animatè pwogram radyo. Clotaire Saint-Natus, powèt, otè Natif Natal. ... s

Alain Saint- Victor, animatè Konbit Laval. Jacqueline Scott, gran aktris teyat, powèt pou kale.

Loray

Max Manigat

259

Agwonôm François Séverin ki fè pèp ayisyen kado yon ja lajan : Plant ak pyebwa tè d Ayiti. Defen Georges Sylvain pou Cric ? Crac ! Fables créoles racontées par un montagnard haïtien. Parick Sylvain, powèt pou Zansèt. Yolande

Thomas,

manm

Sosyete

Koukouy,

rèn

chantrèl, gran aktris teyat, kwonikè Antèn Koukouy. Tontongi, jounalis pwogresis, direktè jounal Tanbou. Michel Rolph Trouillot otè Ti dife boule sou istwa dAyiti. Lyonel Trouillot, powèt pou Zanjnandlo. Paul Tulsé, powèt, pou Plon gaye. SaLOUWE, M APE SALOUWE :

Aleksann

Akawo,

powèt ;

Marcel Alexis,

powèt,

gitaris, chanté ; Jean-Bertrand Aristide, powèt, Defen Michel Aubry, aktè teyat ; Defen René Audain, gran aktè ; Annette Auguste, rèn chantrèl ; Myriam Augustin, rèn chantrèl ; Boadiba, powèt ; Suze Baron, powèt ; Pierre Blain, aktè ; Bon Palèr, odyansyèr ; Marie lucie Brutus, espesyalis pwogram bileng kreyôl angle ;7b/7y" Cantave, edikatè, ekriven ;

Chœur Michel Dejean, kè mizikal ;

Choeur Simidor, kè mizikal ; Jean Dorcély Dédé, powèt ; Michel Dejean, mayestwo Choeur Michel Dejean ; Defen Lorimer Denis, fôlkloris, vodoulôg ; Defen Wilson Désir, animatè pwogram radyo ; Myriam Dorismé, rèn chantrèl ; Altieri Dorival, twoubadou ; Roland Dorsinville, aktè teyat ; Defen Daniel Fignolé, oratè ; Raymond Dusseck,

Patamouch !

260

aktè teyat, chanté ; Brian C. Freeman, direktè piblikasyon Haitian-English Dictionary, jounal Haïti en Marche-, Haitian Bells, kè mizikal ;

Reynold Henrys, konpôz,

tradiktè ; Heure Haïtienne, pwogram radyo pwogresis ; Michelson P. Hyppolite, fôlkloris ; Carlo Jean, doktè nan lengwistik,

Pauris Jean-Baptiste, womansye, fôlkloris;

Rozevel Jean-Baptiste,

doktè

Bérotte Joseph,

nan

doktè

nan

lenguistik ;

syans edikasyon,

Carole fondatè

pwogram bileng kreyôl angle ; Maks Kénol, gran aktè ak direktè teyat ; Konpè Filo, kwonikè nan radyo ; Konpè Plim,

dramatij ;

Férère

Simidor-, Jowèl

Laguerre,

mayestwo

Chœur

leksikograf ; Claudette Laurent,

espesyalis nan pwogram bileng kreyôl angle, Dodophe Legros,

konpôz,

mizisyen ; Joachim

Lévy,

mayestwo

Haitian Bells ; Renée Mirault, gran aktris ; Carrié Paultre, direktè revi, womansye ; Defen René Philoctète, powèt ; Raymond Philoctète, otè yon antoloji powèt ki ekri ni an franse ni an kreyôl ; Raymond Piquion, Pitit Kay, animatè pwogram radyo ; Defen Poméro, espikè radyo ; Guerdy Préval,

fôlkloris ;

Jean

L.

Prophète,

pyanis ;

Eddy

Prophète, pyanys wololoy ; Radyo Kiskeya ; Jean Refusé, bibliyotekè, animatè pwogram radyo ; Carlo Résil, powèt ; Milo Rigaud, fôkloris, vodoulôg, Jean-Baptiste Romain, antwopolôg ;

Clotaire Saint-Natus, powèt ;

Defen

Zo

Salnave, animatè pwogram radyo ; Daniel Simidor, powèt ; Lenous

Suprice,

Nounous,

powèt ;

Marie-Jocelyne

Trouillot Lévy, edikatris, leksikograf, tradiktè ; Twoup Fôklorik

Nasyonal ;

Twoup

Kouidor,

twoup

teyat

Max Manigat

261

pwogresis ; Albert Valdman, lengwis, pwofesè, direktè Creole Institute, Indiana University, leksikograf ; Pierre Vemet, direktè Sant Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti. SALOUWE, M APE SALOUWE :

Bann rara, houngenikon, lalwadi, rèn chantrèl, simidô, nan tout bouk, nan tout kanton, nan tout konbit, anba tout peristil, anba tout tonnèl. SALOUWE, M APE SALOUWE :

Tout aktè, animatè pwogram radyo, chanté, jounalis kwonikè, konpôz, mizisyen, rèn chantrèl, sanba, mwen bliye non yo. Nou tout te fè. nou fè. N ap fè phs toujou.

V V

î ;

/

ik